5 avril 2026
Operasyon Tèt Ansanm felisite pèp ayisyen ki leve kanpe kont diktatè Jovenel Moïse
Actualités Société

Operasyon Tèt Ansanm felisite pèp ayisyen ki leve kanpe kont diktatè Jovenel Moïse

NÒT POU LA PRÈSS

Lendi premye mas 2021 ((rezonodwes.com))– Mouvman Operasyon Tèt Ansanm felisite tout pèp ayisyen ki te pran lari jou dimanch 28 fevriye 2021 an nan okasyon mach kont insekirite, kidnapping , kont diktatè Jovenel Moïse ki dwe kite palè nasyonal paske manda l fini depi 7 fevriye 2021.

Operasyon Tèt Ansanm felisite tout sektè nan lavi nasyonal la ki kwè se moman pou nou tout mete Tèt Ansanm yon fason pou nou di ak kominote entènasyonal la se majorite pèp ayisyen an ki rekonèt manda Jovenel Moïse fini kòm prezidan.

Mach jou dimanch 28 fevriye 2021 se yon lòt messaj pèp ayisyen an voye bay peyi etazini ak tout kominote entènasyonal la an jeneral . Yon messaj ki di fwa sa a fòk se vwa  pèp ayisyen an yo tande.

Operasyon Tèt Ansanm  kwè tout moun konstate pandan jounen dimanch 14 fevriye 2021 ak jounen dimanch 28 fevriye 2021 an se plisyè santèn milye moun ki pran lari pou di non ak prezidan diktatè Jovenel Moïse.

Kominote nasyonal tankou entènasyonal la kapab konstate tout manifestasyon sa yo déroule san vyolans, san kraze brize.

Sepandan Operasyon Tèt Ansanm ap atire atansyon tout enstans nasyonal tankou entènasyonal ki kontinye ap sipòte prezidan diktatè Jovenel Moïse kòm yon zo pwason nan gòj pèp ayisyen an.

Operasyon Tèt Ansanm vle fè yo konnen plisyè santèn misye ayisyen pap aksepte kontinye pran lari  chak dimanch pandanke  enstans sa yo kontinye bouche zòrèy yo  epi fèmen je yo sou tray pèp ayisyen an anba rejim ansyen prezidan jovenel Moise la.

Operasyon Tèt Ansanm ap ekzòte tout enstans nasyonal ak entènasyonal kap sipòte diktatè jovenel Moise nan kembe pouvwa ilegalman pou di yo pasyans pèp ayisyen an gen limit.

Operasyon Tèt Ansanm ap fini pou di bravo pou tout sektè nan vi nasyonal la ak tout sila yo ki nan peyi  etranje ki deside mete Tèt Ansanm pou kwape jovenel Moïse avèk tout rejim PHTK a .

Operasyon Tèt Ansanm kwè Ansanm Ansanm nap ofri peyia  pwojè lavi, pwojè devlopman, pwojè sekirite elatriye…

Pou komite Pwoviswa Tèt Ansanm 

Abel Descolllines 
Huguens Celestin 
Joseph Manès Louis

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.