555 milyon ewo : Anpil fanatik Baselòn pete kòken lè yo tande gwosè kòb Messi touche

0
1787

Gwo eskandal nan Katalòy. Fanatik ap fè wounouwounou. Dirijan Baselòn menm pete eskonbrit ak jounal El Mundo ki met sou plas piblik kantite kòb Messi ranmase depi 2017 an Espay

Dimanch 30 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Lòbèy pete an Espay apre jounal  »El Mundo » met deyò kantite lajan Lionel Messi touche pou li ka jwe nan ekip Baselòn, soti 2017 rive 2021.

Dapre jounal la, Baselòn, ki chaje dèt e ki pa menm gen prezidan pou moman an, fè kontra ak Messi pou 555 237 619 ewo (673919104.82 dola meriken).

Yon bagay ki revòlte anpil moun, sitou ke jwè foutbòl ajanten an rete sèlman 5 mwa pou kontra li fini e li ka negosye ak nenpòt lòt ekip depi kòmansman ane 2021 an.

Dirijan Baselòn yo menm move kon kong e yo menase trennen jounal la devan lajistis paske li oze fè lemonn antye konnen gwo sòm lajan yo te aksepte bay Messi.

Dokiman kontra Messi an gen 30 paj et se pi gwo kontra nan tout listwa espò, dapre jounal El Mundo ki reyisi pèse kòkenn chenn sekrè sa.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.