REFLEKSYON 29 JANVYE 2021
Samedi 30 janvier 2021 ((rezonodwes.com))–Ann fè kòmsi Ayiti ta yon Gwo Plantasyon Jaden ki mezire 27,750 km2. Nou menm Pèp Travayè pral travay nan Jaden an. Enben anvan nou koumanse plante viv, nou konnen fòk nou sakle, ratibwaze, dechouke, rache manyòk, derasinen tout vye zèb, tout vye pikan kwenna sou teren an. Fòk nou rele chalbari dèyè tout vye bèt sou teren an. Konsa nou kapab pi byen prepare teren an pou nou gen bèl plantasyon sou teren an.
Pousa, gen 2 travay pou nou fè apati de jodi a menm ak nan tan kap vini la yo, kidonk anvan e apre 7 Fevriye 2021. 1) nou pral sakle, ratibwaze, dechouke, rache manyòk, derasinnen endividyalism, egoyism, meskinri, enterè pèsonèl, rayisman, prejije sosyal, konplèks siperyorite, konplèks enferyorite, ensousyans, eksplwatasyon, opresyon, dominasyon, eksklizyon sosyal, inegalite sosyal, mizè, povrete, lavichè, salè mizè, salè pwatrinè, ensekirite deta, kidnapin deta, teworism deta, banditism deta, kriminalite deta, enpinite deta, vòlò, KORIPSYON, imoralite, enjistis, pou site sila yo sèlman. Se konsa nap kapab libere teren an de tout vye zèb, pikan kwenna sila yo pou nou gen yon bon teren prepare. Nap awoze epi mete angrè nesesè sou tout teren an.
2) Nap koumanse plante bonjan semans sou tout teren an, nan tout 27,750 km2 a nan Kan Pèp Travayè a: lanmou, solidarite, òganizasyon, libète, egalite, fratènite, jistis, imanite, espri kolektivis, emansipasyon, moralite, diyite, desans, detèminasyon, konbativite, kouraj, espri abnegasyon, disiplin, pèseverans, ak KONSYANS pou site sila yo sèlman.
Si nou pa fè travay sa a, nou pap gen Ayiti nouvo nap chache a. Nap tousenpleman echwe. Si nou travay trè dur epi si nou travay ak anpil efikasite apati jodi a ak tan kap vini la yo, JADEN AN ap bèl anpil; lap santi bon. Nap kapab rekòlte bonjan viv pou lavi!
Ositou, Pèp Ayisyen ap kapab devlope kapasite pou transfòme epi reyoryante sosyete a, transfòme e reyoryante ekonomi, politik ak ideyoloji sosyete a pwofondeman nan enterè fondamantal Pèp Travayè a.
Andotre tèm, se travay kolektif sa a kap rive pèmèt nou rekòlte AYITI NOUVO nap chache a. Sous dlo nou yo ap vin bay bèl dlo dous. Pyebwa nou yo ap vin pi vèt nan tout peyi a. Bèl ti zwazo nou yo ki te abandone nou yo ap tounen ak bèl ti chanson granmtimaten ankò. Nap vin yon Pèp ki va viv vreman an fanmi toutbon. Se nou menm Pèp Ayisyen sèlman ki kapab fè travay sa a kolektivman.
Si nou dakò fè e travay nan Jaden Sa A Ansanm, Ann Avan! Grenadye Alaso! —
| Raoul Gerard |

