L’organisation MOISE écrit au président Jovenel Moïse

0
1544
Presidential candidate Jovenel Moise speaks during a news conference in Port-au-Prince, Haiti, November 6, 2015. Ruling party candidate Jovenel Moise and former government executive Jude Celestin led voting in Haiti's Oct. 25 presidential election and will face each other in a run-off next month, according to official results announced on Thursday. REUTERS/Andres Martinez Casares

Lèt tou louvri Pou Mesye Jovenel MOÏSE

Dimanche 13 octobre 2019 ((rezonodwes.com))–

Mesye Jovenel,

Nan non Lespri Sen an, nan non Zansèt nou yo, nan non Papa Jean-Jacques DESSALINES, nan non tout Òganizasyon ak travayè manm afilye nan Mouvman Òganizasyon Enpendan yo Entegre ak Sendika Angaje (MOÏSE) epi nan non tout Peyizan ayisyen mwen salye w’ anba drapo diyite nasyon an.

Apre anpil refleksyon, mwen soti nan silans pou mete fen nan peryòd sabatik ke mwen te pran pou m’ rete deyò anpil bagay kap fèt antre diferan Patnè Sosyal yo : Leta – Anplwayè – Travayè de fason pou m’ ka konprann pibyen anba ki konplo peyi Dayiti pran nan zafè fo eleksyon pike kole depi byen lontan kap fèt nan peyi a, an patikilye sa ki te fèt pou mete w’ tou dabò epi tout lòt yo ki gen jesyon ak administrasyon site a, soti nan wou menm pase nan Palmantè, Premye Minis ak Minis yo, Majistra, Delege vil, KAZEK rive nan ASÈK yo.

San mwen pa vle deranje w’ davantaj nan kachèt kote w’ ye a, pou ka fè lasoudorèy devan tout kritik ak revandikasyon Pèp la kap klewonnen atravè tout peyi a nan bouch tout kouch ak kategori sosyal nan denonse w’ tou dabò, nan denonse diferant gouvènman w’ yo, nan denonse palmantè yo : depite ak senatè yo, nan denonse tout bann ak pakèt Jij kowonpi pouvwa jidisyè yo te fòse nome yo ak latriye fonksyonè administrasyon piblik la an jeneral sou zafè koripsyon kap kangrennen Leta a nan tout nivo.

Dezan apre, Non w’ parèt aklè pliske  69 fwa nan Rapò ki soti anba plim Kousiperyè Dèkont, ki se swit de (2) Rapò Ankèt Chanm Sena a, sou Koripsyon ki soti nan dosye Rapò Petwokaribe. Anplis dosye sa a, ki fè bòz ak aktyalite  nan sosyete a kou lòtbò dlo, Non w’ avèk prestij fonksyon w’ kòm moun ki nan tèt Leta a, reparèt nan dosye kontra Leta ak AGRITANS, nan SOFIDAY, nan DERMALOG, elatriye. Okenn Enstitisyon nan Leta a poko janm founi okenn rapò ni enfòmasyon sou gagòt depans ki fèt nan zafè Karavàn koripsyon atravè tout peyi a avèk patisipasyon gwo fonksyonè Leta nan piwo nivo rive jous nan Bank yo, kit se Leta kit se Prive.

Nanchon an repwoche w’ sou silans konplis ou avèk patisipasyon gwo fonksyonè Leta ak Otorite ki nan jiwon w’, nan kreye gang, bayo zam ak peye yo pou fè ensekirite, kreye latwoublay ak anpeche popilasyon vake nan aktivite l’, chèche lavi l’ epi anpeche Pèp la manifeste ak denonse move kondisyon lavi ak kondisyon travay li. Ensekirite a ki te dwe yon Eksepsyon, vin yon Règ Jeneral nan peyi a. Tout mache anba lavil Pòtoprens fèmen. Se bandi kifè lalwa nan ransyone machann ak popilasyon an ojoulejou. Okenn komès ak biznis paka fonksyone depi novanm 2018, se fayit ak bankwout Sektè Enfòmèl la nan rejyon metwopolitèn nan sitou anba lavil la.

Rapò Lapolis la konfime krim jenosid asasina ke anpil Òganizasyon Dwa Moun an Ayiti kou lòtbò dlo denonse, tankou : RNDDH, JKL, JILAP, KAD, MINIJIS, NASYON ZINI elatriye, nan anpil masak ki fèt nan peyi a, an patikilye Masak Lasalin, nan Tokyo, nan Kafou Fèy eki ap kontinye nan Vale Agrikòl Latibonit. Jiska prezan pa gen okenn vrè chif ni rapò klè sou kantite asasina ak kadav ki gen sou ponyèt ak konsyans Gouvènman w’ lan depi 7 fevriye 2017 pou rive jodi a nan zafè ensekirite san konte latriye moun ki mouri depi plis pase yon lane nan mobilizasyon ak manifestasyon pou reklame lavi miyò ak denonse koripsyon nan tout bwat Leta epi mande w’ pou rale kò w’ pou pita pa pitris.

Mesye Jovenel, pouvwa w’ la bat rekò nan mete ak pase Gouvènman menm jan avèk Majorite Prezidansyèl la, nan palman an, kifè doktora li nan zafè koripsyon.  Kanta pou komisyon wou chanpyon nan pèdi tan ak dilatwa. Wou espesyalize nan fè manti ak woule moun nan farin, okenn pawòl nan bouch ou pa laverite. Pa gen okenn Komisyon dyalòg sou Gouvènman w’ yo ki rive bay okenn rezilta. Okenn swadizan rekòmandasyon ke yo te fèw, si te genyen vre, pa rive rann piblik, tout jete nan poubèl endiferans ak movèz fwa. Dyalòg ou te konfye youn nan Premye Minis ou yo, malgre tout lajan Leta ki gaspiye nan parad ak similak fini nan katyaboumbe souflèt marasa imilyasyon nan Sant Konvansyon BRH.

Ke se Pèp oubyen dirijan pèsonn pa fè w’ ni kredi ni konfyans. Malgre jan Ekip la tigwoup sektè tradisyonèl la te rive sèvi avèk konkou esklav domestik yo mete w’ ak sipò kominote entènasyonal la sou pouvwa, gen omwen yon ti ponyen ki te vote w’ tout bon vre  eki te espere yon alemye apre yo te fin pase 5 kan ap danse madigra vant vid ak pòch kreve. Tout manti pa fon epi bay manti pa metye. Wou echwe nan tout sa w’ fè. Okenn nan Gouvènman w’ yo pa reponn ni pèmèt ateri oubyen akonpli pwomès folklorik elektoral ou.  Orijin pouvwa wou eritye a papka janm pèmèt ou fè kwakseswa.

Kontrèman avèk pwomès elektoral ou, Ekip la avèk patizan w’ privatize ak kidnape tout Enstitisyon Leta yo. Se yon Leta fayi, yon Leta ajenou ke wap dirije. Tikras resèt ki rantre yo gaspiye nan peye privilèj ak nan detwi lavi krityen vivan ayisyen. Anyen pap fonksyone M’sye Jovenel lavil kou nan mòn. Tout chif endikatè makwo ekonomik yo tou wouj depi byen lontan. Depi byen kèk tan se fo chif kap bay pou kache reyalite ak verite a. Ayiti anba pi gwo katastwòf finansye ak ekonomik li pa janm konnen. Peyi a ap jwe marèl, malè pandye avèk anpil lòt katastwòf ki menase li. Domaj ni wou menm, ni Ekip la, ni akolit ou yo sanble : swa pèdi larezon oubyen ta soufri « Chizofreni » maladi tèt cho, alòske sitiyasyon an vin pi malouk, kote w’ vle kontinye rete sou pouvwa Leta toujou.

M’sye Jovenel mwen fè w’ ekonomi konplisite w’ avèk tigwoup Klas Antreprenè eksplwatè pou fèmen je w’ sou kondisyon lavi ak kondisyon travay pliske 6.500.000 travayè ayisyen. Wou friz salè minimòm yo, wou pibliye nouvo lwa chanpwèl 3 X 8 la pou legalize lesklavaj degize, anpil ouvriye kap bourike jiska 12 zèd tan nan yon seri travay ke se nan faktori oubyen nan Sèvis sekirite yo. Sendika konsekan yo ap kontinye goumen vanzemare pou chanjman kondisyon lavi ak kondisyon travay yo.

Devan tèt rèd ou, rèl ak soufrans Pèp la mete sou kondisyon lavi ak Travay klas travayè Ayisyen an patikilye, mande m’ kòm sitwayen dabò, epi oblije m’ moralman kòm Sendikalis militan, dirijan epi angaje, answit ; pou mwen adrese w’ souple, menm jan  avèk anpil sektè mete sou plizyè milyon vwa Pèp la, toutpatou ap reklame l’, bay demisyon w’ oplivit pou demen pa twòta. Yon jès konsa va pèmèt nou evite yon katyaboumbe ke listwa pap janm padone w’ ak tout akolit ou yo.

Andeyò de kad legal wap reklame pou atache w’ avèk tèt pouvwa Leta a, fò w’ wè ke wou pèdi tout lejitimite w’ apre tout eskandal sa yo. Li pliske enpòtan pou konsève lonè w’ ak diyite w’ kòm moun devan kri, mizè, pòvrete ak soufrans Pèp la. Ayiti soufri ase, li merite plis pase nan eta koripsyon plonje li apre 215 zan li rache dwa grandèt majè li.

Pèp ayisyen an, se mèt kabrit yo ke yo mèg, ke yo plenn, ke yo pa plenn, se remèt li ni savann ni kabrit. Pèp Ayisyen an soti nan somèy li pou li di w’ li bouke, li fatige avèk sistèm nan ke wou reprezante eki te mete w’ sou pouvwa nan tèt Leta kòm chwal bwa li.

Mwen swete w’ tande larezon epi san delè wou kraze laverans. Avèk lespwa ke wou pran wotè pou konprann nan ki sitiyasyon peyi Ayiti Toma rive, Nan non Zansèt yo, nan non Papa Jean-Jacques DESSALINES ak non tout brav travayè yo, mwen swete w’ bon depa nan yon sòti onorab.

Jean-Claude LEBRUN
Agrikiltè/Peyizan
Sendikalis Militan Angaje
Kowòdonatè Nasyonal MOÏSE

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.