Marie-Ange Claude : Souvni kè sote e lòt powèm

2
1861

Marie-Ange Claude fèt Dechapèl, li etidye jesyon nan Inaghei epi l rive nan nivo IV nan fakilte lengwistik. Li se premye fanm ki resevwa ( Prix René Philoctète ) an desanm 2018 pou maniskri « Kaskad Peyi »  manm AJS li gen kèk powèm ki pibliye nan antoloji AJS la. Marie-Ange Claude se youn nan fanm ki pi madre nan fè pwezi nan jenerasyon l lan.

Jounal Rezonodwes envite w li kèk powèm ke nou te mande Marie Ange Claude pataje ak nou.

Jeudi 22 août 2019 ((rezonodwes.com))–

M anvi danse

M anvi danse sou koub kò w
Abiye ou ak swè kò m
M anvi mèt zetwal yo sou de ran
M anvi bay lanati zizirit

Souvni

Ou tenyen souvni m
Silans fè kal nan fouk lannwit
Ou bwote rèv mwen
Nan fouk pantalon w
Kè m pèdi bann

Kè sote

Ou souri bay bonnanj mwen
Mwen pete panno
Kouri pran lari

Ou souri
Fòtadi nou te konnen
Lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn

Kè m fè vap li louvri yon sezon
Kè m ak kè w akòde sou menm nyaj
Vap !
Tout dlo nan kò m desann plen lanmè rabouch
Kò m ouvè kou flè choublak atrap solèy
Chagren al bwat chat
Tout bonè vid plen nan je m

Chak nwit gen pafen pa yo
Gen ki gen sant jenjanm
Gen lòt se sant sitwonèl
Gen nwit ki gen sant jasmen
Genyen se lodè kanèl

Gen lannwit ki gen sant kè w
Gen ki gen sant malendren
Sant chen k ap jape anba lapli

Mwen
Tout nwit mwen
Gen sant bave w

Prepare pa : Ricot Marc Sony

2 COMMENTS

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.