Pwa Grate, yon fòm revandikasyon ki pa restavèk

0
2361

Pwa grate se premye liv Jessica Nazaire ki soti nan koleksyon Jak Woumen, nan edisyon Lawoze (édtions de la rosée). Liv la pibliye pou premye fwa nan lane 2019 nan yon konjonkti politik ak sosyal ki ase difisil pou peyi l, Ayiti.

Mercredi 7 août 2019 ((rezonodwes.com))–Premye sa w wè lè w tonbe sou Pwa Grate, se yon fòm revolisyon nouvo : yon jenn fanm ki pran pòz fou li pou l pa peye dwa l, ki pran bwat kreyon koulè l pou kanpe tablo jenerasyon l lan.

Pwa Grate pa yon pil powèm yo sanble ansanm. Men se pito yon sèl powèm, yon sèl kri, kote chak paj kapab yon lòt paragraf oubyen jis yon lòt refren.

Pwezi menm pou kont li se yon kat didantite pou ba w lalwa bouch ou. Chwazi kreyòl pou ranje Pwa Grate a tansèlman, se te deja yon revolisyon, men Jessica Nazaire pa t kontante l ak sa. Li charye lenjistis sou tout fòm li yo k ap fèt nan tout nivo nan peyi a ; li pase pran koze fanm, larelijyon, lamizè, souf nan tchou mikwo, elatriye.

Pwa Grate se yon kont pou konte kijan lespwa yon jenès pèdi kòd soutyen l nan fo pwomès ak yon fòm gouvènans san sans. Yon leta timoun. Yon peyi ki pap mache, pandan moun ki ta pou fè l mache yo rete ap di : kite peyi m mache !

« Lamitye !

Sa pa anyen si w kwoke lespwa w nan yon lafimen lanp

[…] Bò isit siksè gouman. »

Men, Jessica ki fè l pase pou mandyan pwofite Pwa Grate a pou eseye touche kè gwo nèg pa bò isit (si yo genyen).

« Si koukouy te prete w ponyèt nan antòtye kalamite w/ Atrap dèt yon tchovi. 

w a bosi yon konplo

fè pasaj pou yon rèl lavi chè vekse» 

Ta sanble Pwa Grate se yon jile powèt la sere dèyè l pou l kache yon gwo mank, yon gwo vid li pote sou do l ki pa sispann sakaje rèv li. Nan tout paj yo, ou santi yon raj nan plim li. Si w byen kole zòrèy ou sou paj yo, w a santi w tande rèl yon fanm k ap soufri paske l pèdi yon bagay oubyen yon moun. Osnon si se pa pèdi l pèdi bagay sa a oubyen moun sa a, se te pi gwo rèv li men li pa janm ka jwenn li.

Nan chak 2 osnon 3 paj, Jessica pa ka anpeche w raj li genyen pou desepsyon fanm (pami fanm sa yo genyen nan peyi a menm) apre yo fin louvri kè yo bay yon bon palè :

«  Ou trese yon latriye pikan anba je dwat mwen

pou w toujou sonje

konbyen fwa ou fouye larivyè sou figi m

[…]Avan lontan vil sa va po t doulè fanm

Jessica Nazaire fè lespwa tounen yon nèg pou l rele nan pye l pou tout sa l swete (pou li oubyen) pou tout tchovi nan peyi a.

« Rete pi pre m Cheri/ M a renmen w ak bouch mwen louvri

San benefis

M a renemen w toutouni. »

Li paka gade lè l wè « jan grangou fè timoun channmas sezaryèn »…

Pou m fini, kite m di nou, Pwa Grate pa pote non l pou bèl twèl, li se yon bon grap pwa grate nan kòsaj leta. Sèlman, m santi powèt la rete twò femen sou li menm. Petèt li gen rezon l pou jan l konsantre powèm li an konsa !

Epitou, Li parèt difisil anpil pou yon sèl moun marande tout koze ki pale andedan Pwa Grate. Antouka, mwen te eseye.

Smith DEROSIER,

Ench, 23 jiye 2019

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.