Ayiti : yon pakèt ekriven ak atis frape pye atè pou di ASE! Ase grangou, ase lanmò, ase kidnapin, …
POTE KOLE Vandredi 18 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))– Noumenm ekriven ak atis ayisyen, nou voye yon kout lanbi bay sitwayèn ak sitwayen konsekan ann Ayiti tankou lòt bò dlo, pou nou mande yo melanje vwa yo ak vwa nou, pou nou pouse ansanm yon rèl soti nan zantray nou ki di ase! Ase grangou, ase san,
