Lyrics – ETMK |  »Revolisyon an ap live, san filter », clame le groupe RAP Règleman Afè Popilè

0
1499

Anciens de la Faculté des Sciences Humaines, les membres du groupe RAP (Règleman Afè Popilè), depuis 2014, dégainent les mots pour en faire des refrains porte-drapeaux de leur révolution et flinguer les maux d’une société malade

Jeudi 17 février 2022 ((rezonodwes.com))–

Lyrics ETMK (RAP – Règleman Afè Popilè)

San branding, san user

Revolisyon an ap live

San filter

San banner, san tit, san sticker, san launching, san teaser

Revolisyon an ap live

San filter

Pap gen ase kamera

Pou Pèp souvren fè fotoshoot

Dife limen tout kote

Bèl imaj pou fotoshop

Revolisyon an

Pèsonn pap post li

Pap gen postè

Pwofil yo ap piblik

Pap gen enpostè

Revolisyon an pap nan tele

Li pap fèt ak on panèl

Se hiphop k ap akonpanye l

Mete kas ou

Se hiphop k ap akonpanye l

Revolisyon an, pèsonn pap boss li

Li pap sou billboard

L ap fè buzz men san booster

Jou a pap gen tan menm pou screenshot

Tout gadjet etenn, pa gen selfi nan gunshot

Hip Hop nan kas ou pa di m tèt ou pa souke

Ou nan bon kan si w tande sa ou pa choke

Leve pwen montre yo nou pa bouke

Hip hop politik nan kas,ou etenn tele w jere blòk ou

Kòlè w nan fòma nimerik ou ponn li sou twal

Rezo sosyal chak vizaj gen yon vwal

Souri plastik emoji penn emosyon

Fè sèlfi nan mitan manif batay pou reprezantasyon

Enfliyans fè w ekspoze prive ap defile

Sou mi sa k ap poste pou like san ezite

Event life leadership jèn antreprenè ceo

Follow back si w bay yon retweet ekspè nan konsèy se ewo

Fè Buzz Pòz Big Boss yo fè pòs blòf plis mòd sou

Pòch djòl wòz pil lòv yo sèl bwòs djòb tris oww

140 karaktè solisyon pou maske gwo vid

S ou gad opinyon chak aktè g on dizon pou kwape Kovid

Screenshot ak DM Tik Tok blag PM

Distrè w vag pwoblèm tikè tagg met j’m

Vrè rap kou vrè vi ap nan kas oubyen nan lari

Etèn televizyon w aprè met kas ou pran lari

Miwa envès efè optik vizyon algoritmik

Memwa an bès reflè epòk nasyon teknolojik

Revolisyon HD full rezolisyon mega pixel

Telivizyon w achte w twonpe vizyon w an fòma XL

Tout aryè gad yo, vini, pwoche

Deja sou sèn nan, vanse, pwojte

Lari s on espas politik

Desann pou poze pwoblèm ou

Viv paka pou itil ekonomi,

Dwe gen ekonomi pou viv

Medya ap vann ilizyon politik Demokrasi nan liv

Leta ak Dwa 2 mo ki rasi nan liv

Twòp grangou, twòp moun ki paka manje

Malere malerèz paka konfine

Se pa defo si w reve je kale

Si gran chimen fè nwè

Kèk machin tounen chandèl

Klere wout nou

Sou wout nou dwe kale je nou

Pou nou pa pran panzou

M wè w k ap pran pòz Pran pòz sa pa konsène w

W ap flòch mizè w ak bokit

Kòmsi lavi di pa t kosène w

Etenn tele w, limen dife w

Mete kas ou

Sa w ap koute la, koute la

Okenn radyo tele p ap janm woule l

Twò rèd! Twò dope pou yo woule l

Desann pou nou koze

Demen se gwo koze

Vin make sèn nan,

Vin poze pwoblèm

Se p on pwoblèm Si madsèn benyen nan san l

Desann ak clan ou gang ou

Pou make teritwa w

Bwè san chak venn ou manm ou

Vin bay leta pinga l Ak grandon boujwa

Nou pa t siyen okenn kontra Etenn tele w, mete dife w

Jere blòk ou!

Règleman Afè Popilè

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.