Dwayen Fakilte Lengistik la fache : »Nouvo paspò a dwe bileng! »
NÒT POU LAPRÈS Nouvo paspò a dwe bileng Madi 11 me 2021 ((rezonodwes.com))– Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite d Eta d Ayiti, konstate Leta ayisyen mete yon nouvo paspò an sikilasyon. Paspò sa a pote mansyon « Communauté Caribéenne ». Sa vle di moun ki sèvi ak li yo se sitwayen Karayib la. Ayiti manm « CARICOM » depi 2002.