Ayiti|Diktati – Rapò Léon Charles la sou piyay ak dechoukay G9, gwoup kriminèl pro-PHTK fè nan Nissan’n lan, gen 5 objektif, dapre mann opozisyon yo

0
1932

Port-au-Prince, lundi 22 mars 2021 ((rezonodwes.com))–

André Michel, Avoka,
Pòt pawòl Sektè Demokratik e Popilè a, Defansè endepandan dwa moun.
Ppotoprens Lendi 22 Mas 2021

Nòt la Polis ekri sou Piyay ak dechoukay G9 te fè nan Nissan ak Universal Motors la montre Nou 5 Bagay :

1) Léon Charles vle Dedwane G9 la Ki se yon gang kap travay pou PHTK nan zak pilay ak dechoukay ki te fèt nan Biznis Reginald Boulos la Ki se Nissan ak Universal Motors. Tout Moun konnen se G9 Babekyou ap dirije Ki te atake Nissan ak Universal Motors. Bagay sa montre Léon Charles Mare Sosis li ak G9 la pou fè Travay PHTK ak Jovenel Moise nan peyi a.

2) Léon Charles vle Kraze batay Polisye yo ap mennen pou Jwenn bon jan kondisyon travay ak bon jan tretman pou yo kapab bay popilasyon sekirite. Léon Charles vle sal imaj polisye yo. Léon Charles vle fè Polisye yo pase pou bandi, delenkan, dechoukè. Léon Charles pa gen Okenn respè pou Polis la.

3) Léon Charles pa gen Okenn respè pou memwa Polisye Jean Daniel Michel Bandi PHTK G9 yo touye. Léon Charles krache sou kadav Polisye Jean Daniel Michel menm Jan Léon Charles te krache Sou kadav 5 polisye PHTK te masakre nan vilaj de Dye jou ki te vandredi 12 Mas 2021 an.

4) Objektif Léon Charles se kraze laPolis la. Pi Gwo lennmi Lapolis la se Léon Charles. Jovenel Moise ak Tout Léon Charles bezwen kraze enstitisyon polis la plat atè.

5) Léon Charles pa gen konpetans pou li dirije Lapolis la. Li pa ka defann Lapolis la. Léon Charles pa ka defann diyite ak onè Polisye yo. Polisye yo dwe kontinye Batay pou chanje kondisyon lavi yo. Polisye yo dwe Kontinye batay pou fòse Léon Charles ba yo kadav 5 polisye Bandi PHTK yo masakre nan vilaj dedye yo pou fanmi yo ka antere yo nan diyite ak Respè.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.