3 août 2026
Ayiti : 109 maryaj fèt yon sèl kou nan yon legliz Pòmago
Actualités Kreyòl Société

Ayiti : 109 maryaj fèt yon sèl kou nan yon legliz Pòmago

Pòmago : 109 koup marye nan yon sèl seremoni nan Legliz Wesleyèn

Yon evènman ki pa rive souvan dewoule samdi 1e out 2026 la nan komin Pòmago, depatman Nò Ayiti.

Nan Legliz Wesleyèn ki chita kò l nan mitan bouk Pòmago, 109 koup selebre maryaj yo pandan yon sèl seremoni.

Imaj evènman an fè anpil moun reyaji sou rezo sosyal yo, kèk moun menm poze kesyon sou siyifikasyon yon seremoni ki rasanble yon dividal koup konsa. Men, daprè yon temwen avize, li enpòtan pou nou mete sitiyasyon an nan bon kontèks.

« »Se pa likidasyon maryaj. Se pito kèk moun ki t ap viv ansanm nan kay ak kèk jèn ki te deja gen plan marye, men ki, swa poko te gen mwayen oubyen okazyon pou fè sa. Kòm legliz se yon antite ki preche solidarite, ki travay tou nan domèn sosyal, nan kolaborasyon ak reprezantan Leta nan komin nan, plizyè lidè mete resous yo ansanm pou ede moun sa yo reyalize rèv yo pi fasil. »»

Temwen an ensiste pou fè konnen, inisyativ sa pa diminye valè maryaj la. Okontrè, objektif la se te ede fanmi ki te deja deside angaje yo ofisyèlman, men ki t ap fè fas ak kèk difikilte ekonomik.

Li ajoute:

« »Maryaj rete maryaj. Si n ap ankouraje inisyativ la, an nou ankouraje li; si n ap poze kesyon sou sa ki pase a, an nou fè sa ak tout respè sa mande epi ak bonjan refleksyon. »»

Evènman an soulve yon deba sou fason enstitisyon relijye yo kapab jwe yon wòl sosyal nan sipòte fanmi yo, sitou nan yon kontèks kote anpil koup pa rive ofisyalize relasyon yo poutèt mank mwayen.

N ap raple, gen anpil moun k ap viv nan plasaj an Ayiti, yon pratik anpil legliz pa tolere. 

Nou espere fanmi sa yo jwenn fason pou yo byen jere fwaye yo pou demen ka pi bèl. Sonje mete liv nan men timoun yo.

Kredi imaj : Radio Télé Distance.

Iléus PAPILLON 

Natif Pòmago

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.