Lendi 10 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))–
Nan yon nòt pou laprès, pati politik OPL (Oganizasyon Pèp k ap llite) bay pozisyon li sou demann konsèy minis gouvènman defakto doktè Ariel Henry fè pou manda debakman fòs militè nan peyi a.
OPL di li pa daò ak okenn fòm entèvansyon militè etranje nan peyi a, paske pandan anviwon 25 lane, divès misyon etranje mete pye sou diyite pèp Ayisyen san pote ankenne rezilta kit sou plan sekirite kit souplan imanitè alevwa sou plan devlopman.
Pou pati Gerard Pierre Charles te fonde a e ke senatè Edgard Leblanc Fils ap dirije, asistans peyi a bezwen se ranfò dirèk an materyèl ak ankadreman pou Polis Nasyonal la k ab ranpli misyon l kòmsadwa ak bon jan bakòp politik Otorite alatèt Leta a jwenn ak soutyen rès fòs viv sosyete a.

