Vandredi 26 dawout 2022 ((rezonodwes.com))–
Ayiti Koupe Fache se yon kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan. N ap pote solidarite ak lit tout moun k ap sibi lenjistis, espwatasyon, dominasyon ak represyon.
Ayiti Koupe Fache ap prezante nou Kwonik #7 sou sitiyasyon malouk peyi d Ayiti jodi a.
Ayiti se yon peyi domine depandan, anba kontwòl klas dominan lokal yo ki sousou puisans enpeyalis yo, sa nou konn rele Core Group lan. La menm nou ka degaje 2 faktè prensipal: nati anti-nasyonal klas dominan lokal yo epi dominasyon gwo puisans etranje yo sou Ayiti, sètadi dominasyon enpeyalis lan. Nan kwonik sa a nou pral rete sou premye rezon fonadamantal la. Se feblès ak nati kwoupyon klas dominan yo ann Ayiti ki esplike dominasyon puisans etranje sou Ayiti alòske yon peyi tankou Kiba gen plis pase 60 lane l ap fè fas ak blokis ekonomik pi gwo pisans sou latè a, Etazini.
Depi lendepandans, tout gwo jeneral an chèf yo nan lame endijèn lan te gen tan ranplase kolon franse yo kòm pwopriyetè ansyen bitasyon yo. Se ansyen esklav yo ki te fòs prensipal ki te genyen batay pou lendepandans lan, men, se gwo chèf lame endijèn lan ki te vin tabli tèt yo kòm nouvo klas grandon feyodal, klas dominan, sou tè ansyen kolon esklavajis yo. Nouvo dirijan feyodal yo te vin fòse nouvo peyizan travayè yo travay sou ansyen bitasyon yo anba yon espwatasyon ekstrèm. Se sa sèten istoryen te rele “kaporalis agrè” a: se swa ou te nan lame, oubyen ou tap travay nan bitasyon anba yon Kòd Riral strik.
Se konsa nouvo dirijan sa yo te chache rekonstitye ansyen sistèm plantasyon k ap pwodui danre pou lespòtasyon kòm sistèm eknomik ki te kapab pèmèt gwo chèf sa yo viv nan liks.
Se konsa tou, Tousen Louvèti te elimine Moyiz, pwòp neve li, an 1801, poutèt Moyiz te nan tèt yon mouvman ki te wè distribisyon tè Ayiti yo ant moun kap travay tè yo. Tousen ansanm ak lòt gwo chèf yo, te mete sou pye sistèm plantasyon yo pou ekspòtasyon. Kidonk, enterè ekonomik nouvo dirijan Ayiti yo te vin makonnen ak komès kolonyal pwodiksyon danre pou metwopòl yo.
Byen vit nouvo dirijan sa yo te vin sakrifye endepandans Ayiti pou satisfé enterè pòch yo. An 1825, Bwaye te vin foure Ayiti a anba dèt endepandans lan anvè Lafrans, pou sovgade enterè grandon feyodal yo sou do peyizan ayisyen yo. Ekonomi Ayiti vin kofre anba dèt kolonyal sa a, kote yon gwo pousantaj nan pwodiksyon nasyonal la te ale peye dèt sa a, plis enterè, chak ane, ak prèske tout resèt taks ladwàn yo. Se konsa klas grandon sa a vin konbine ak klas komèsan bòdmè yo pou domine epi esplwate ti peyizan yo ki t ap pote peyi a sou do yo. Se konsa klas dominan lokal yo, sètadi lelit ki opouvwa ak sa ki chita sou tèt nou yo toupatou nan peyi a, yo tout vin anti-nasyonal.
Men kijan depi lendepandans klas dirijan ayisyen an fòme. Depi lè sa a, klas sa yo, ki gen ladann yon ti minorite moun, ap fè dapiyan sou richès peyi a. Depi Bwaye te vin dakò peye ranson endepandans lan, klas dominan yo nan Lafrans vin patisipe lan piyaj richès Ayiti. Fò nou di se sou do peyizan ranson endepandans lan te peye.
Kidonk, rezilta gè lendepandans la se te tablisman yon nouvo chapant sosyal malpataje, yon chapant gwo chèf diktatè te tabli sou tèt viktwa ki te mache ak gè lendpandans lan. Pifò nan gwo bitasyon yo te vin divize nan sistèm kiltivasyon dimwatye a anba dominasyon grandon yo, chèf lame, gwo fonksyonè leta, elatriye ki te akapare gwo domèn ansyen kolon yo. Se yon sistèm feyodal kote ti peyizan yo vin ap travay tè yo pou yo remèt grandon yo mwatye nan chak rekòlt yo.
Alòske se ti peyizan yo ki reskonsab tout depans pwodiksyon an: zouti, semans, angrè, irigasyon, travay elt… Sistèm sa a se youn nan rezon blokaj devlopman agrikilti a ann Ayiti paske ti peyizan yo pa gen okenn mwayen ni okenn resous pou envesti nan amelyore pwodiksyon an. Se yon mòd pwodiksyon akayik. Sou yon lòt bò, klas grandon pwopriyetè yo vin yon klas pwopriyetè absanteyis parazit sousè san.
Pou nou fini, n ap di : nan mwa sa a n ap komemore 231èm anivèsè Bwa Kayiman ak soulèvman jeneral ki te make premye pa nan koupe fache ak sistèm esklavajis kolonyal la ak sistèm plantasyon an. Se soulèvman jeneral sa a ki te sonnen kòn lanbi revolisyon ki t ap chavire sistèm esklavajis kolonyal la nan lemonn. Li klè, lit kont lesklavaj la te nesésè. Lit liberasyon zansèt nou yo pou sòti kò yo anba lekpwatasyon sistèm esklavaj la, lit pou kreye yon peyi tounèf kote tout Ayisyen ka viv lib ak granmoun lan peyi li, lit sa a te enpòtan anpil. Se lit sa a ki kreye Pwemye Repiblik Nwa sou latè.
Men fòk nou di tou, klas moun ki pran pouvwa apre lendepandans lan, sa yo rele klas dirijan yo, klas sa a pat pran pouvwa lan enterè mas popilè yo, mas ansyen esklav yo. N ap raple lan epòk sa a klas ansyen esklav yo, klas ki pral fòme klas peyizan an, se klas ki te gen plis moun ladann, plis pase 90% popilasyon an. Klas sa a pral travay di; li pap gen dwa sitwayen; li pa gen dwa di anyen sou sa k ap pase lan peyi a.
Pirèd, klas dominan reyaksyonè yo rele yo «Moun Andeyò ». Nouvo klas dominan reyaksyonè yo pa janm bay popilasyon an dwa pou li chwazi dirijan peyi an. Pèp la tonbe anba yon lòt dominasyon kote y ap travay anpil, y ap travay kankou bètdesòm pou ti minorite klas dirijan an, sa yo rele klas dominan reyaksyonè an. Jounen jodi a fòk nou konprann 1804, lane endepandans nou, lane liberasyon kont lesklavaj, se te premye etap lan lit liberasyon Pèp la. Jounen jodi a nou bezwen kontinye lit ki te ba nou 1804 la.
Jounen jodia a ONU ak OEA ap manevre pou prepapre yon nouvo lokipayson militè ann Ayiti. Malgre anpil vwa ap montre entèvansyon sa a inevitab pou swadizan rezoud pwoblèm gang yo, ensekirite a, ak dekonpozisyon leta ayisyen an, nou dwe klè, e listwa fin montre nou konbyen fwa deja, entèvansyon sa yo pa janm nan enterè mas pèp lan.
Lit jounen jodi a, se Dezyèm Etap Lit Emansipasyon Liberasyon total kapital Pèp Travayè a kont tout moun k ap kraze zo nou, kont tout klas dirijan, kont tout klas dominan reyaksyonè k ap mete tèt yo ansanm ak letranje kolon enperyalis yo pou kontinye eksplwate nou. Lit sa a ap nonsèlman ba nou dwa lan peyi nou, men l ap pèmèt nou tout pataje richès peyi a kòrèkteman, demokratikman ak kolektivman nan transparans total.
« Nou menm nan Ayiti Koupe Fache, nou di fòk nou koupe fache tout bon vre. Fòk nou sispann mache dèyè kandida, sispann sèvi kòm kapòt politisyen. Se leta pouri a menm ki pou chavire. Lit pou chanje leta kowonpi sa a, leta atoufè a, leta anti nasyonal sa a, leta anti Pèp sa a, se sa yo rele yon lit alontèm. Yon lit ki pou kreye yon lòt peyi, yon lòt sosyete, yon lòt leta toutbon vre osèvis epi sou kontwòl Travayè Ayisyen. Se lit òganize otonòm travayè ki pou sòti peyi a nan twou santi li ye a. Se lit òganize otonòm Kan Pèp la ki ka transfòme peyi nou, pou nou tout kapab viv ak lespwa yon demen miyò.
Viv Lit Demokratik Òganize Otonòm Kan Pèp la ak Travayè Kòm Potomitan!

