28 octobre 2026
Malere, Malerèz pa nan fèt. Men, pou Ariel, toulejou se fèt
Actualités Société

Malere, Malerèz pa nan fèt. Men, pou Ariel, toulejou se fèt

Chak jou depi 16 desanm, Ariel Henry mete moun an liy pou vin swete li larezonnen. Se dezyèm reyalizasyon li nan 5 mwa sou pouvwa a, apre chanjman lè a. Bravo Tonton!

Jedi 23 desanm 2021 ((rezonodwes.com))– Depi kèk jou, kè Ariel kontan. Ou kwè se lajan gaz monte a k ap fè PM de fakto a fete konsa?

Depi 16 desanm, gaz kole! Toulejou se fèt. Moun ki bò kote prezidan an jwèt la ka di si li sou matifènal maten midi swa.

Nan moman moun ap mouri, moun nan kòd anba pat bandi, moun ap mouri grangou, ekonomi peyi ap plonje nan twou, Chèf siprèm peyi a mete moun an liy pou vin di li larezonnen.

Ariel demare bèl fèt bèl vès gran kòlèt li yo ak anbasadè ki te chouke l sou pouvwa a. Jwaye nowèl ak bònane pèdi lavi yo, bèl diskou fè kenken.

Nan demen 17, rebelòt! Apre bèl gradyasyon pou bèl jwè bèl mayo lapolis, PM defakto a fè gwo palto nan administrasyon piblik la vin swete li bòn fèt. Se te wololoy…

Ti poz wikenn pou fèt prive an zanmi anfanmi pa kanpe ti randevou chak jou Ariel la. Lendi 20 desanm, pwosesyon rekòmanse pi rèd… Ariel pa gen tan pou panse pwoblèm ni solisyon.

Fwa sa, se gwo zotobre ansyen patwon li ki mouri a te rele boujwa oligak yo (nou pap di rès la). Ariel byen fete ak sektè prive a, anvan li rejwi kè li nan demen ak patwon medya tradisyonèl kou nimerik yo.

Jou madi 21 desanm sa, Ariel sanble te on ti jan klè paske, an bon entèlijan, li tou foure politik nan bagay la, kote li voye ti pwent pou medya yo ta foure kò yo nan yon Konsèy Elektoral imajinè l ap prepare pou foure nan kòlèt pèp la.

Ariel menm mande pou jounalis yo ak li vin … konplis! Chalmas, ala mesye gen koze papa!

Jou ki te 22 desanm lan menm Ariel pa gen kote pou mete kò li. PM nan, apre yon tèt kole ak anbasadè Japon an, kouri manje ak kèk moun andikape anvan li al bwè kòktèl ak ekip politik li. Politisyen defile nèt. Listwa va di konbyen ki tounen sou kou pipirit lakay yo…

Si Malere Malerèz pa nan fèt. Ariel li menm pa fè trèv nan debouche chanpay. Bwezon pèdi lavi yo lèk lèk.

Jedi, PM Ariel ki se tou minis kilti selebre anivèsè TNH (Television Nationale d’Haïti) ki ap soufle 42 chandèl nan yon moman responsab Tet Kale lage li nan dèyè kamyonèt medya yo. Men, premye minis la kan menm mande pou anplwaye yo travay pou yon lavimiyò pou popilasyon an. Anpil diskou, bri pi fò ke galon gaz vid.

Nan yon lòt seremoni li te òganize ansanm ak Josué Pierre-Louis, PM Ariel mande pou tout moun pote kole pou bay Ayiti prestij li. Li pa di si se de boutèy la non li te pale…

Ou kwè Doktè a ta yon santi bouchon?

Nan menm jounen jedi a, se ak kèk moun li di ki nan sosyete sivil la li te bradsou bradla pou pataje jwaye nowèl.

Si bagay la te bèl konsa lavèy fèt, nou pa bezwen mande pou 24 ak 25 desanm. Se pral wololoy. Ariel pral byen pase!

Tèt nan nyaj lesyèl, pye nan fatra Pòtoprens!

Granpapa ta ka di : Ala yon aryennafè sa se mesye sa!

Image

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.