28 octobre 2026
Ayiti Koupe Fache : Nouvo projè lwa ONA, yon lòt kout ponya kont travayè
Actualités Kreyòl Société

Ayiti Koupe Fache : Nouvo projè lwa ONA, yon lòt kout ponya kont travayè

Nouvèl kap bay sou Ayiti mete anpil aksan sou ensekirite. Anpil sektè nan klas dominan yo ap finanse gang kriminèl pou kenbe privilèj yo. Otorite nan leta ap pwoteje gang an chatpent pandan y ap fè sanblan ap retabli sekirite. Dènye rapò LONI yo sòt montre sa klè lòske li rapòte gouvènman an rive menm nonmen yon reprezantan gang nan meri Site Solèy. 

Se pa sèlman gang kriminèl pouvwa leta ak kèk fraksyon nan klas dominan yo itilize  pou maspinen mas popilè yo. Politik ekonomik yo se yon zam puisan pou kenbe moun nan mizè nan klas popilè yo pandan gwo chabrak nan leta ak boujwa yo ap vin pi rich chak jou pi rèd. Nou sonje politik kapitalis neyoliberal yo ki lage anpil fanmi de bra balanse, kraze pwodisyon peyi a ki te deja atèplat. Nan kwonik #44 Ayiti Koupe Fache sa a, nou pral gade refòm ONA a. Refòm ONA sa a se youn nan dènye kout ponya gouvènman Alix Didier Fils Aimé a, klas dominan yo ak pati politik opouvwa yo ap pare pou bay travayè yo.

Refòm sa a prevwa pou koupe nan dwa travayè yo pou touche pansyon retrèt yo. Nan lwa ki la a depi 1963, travayè yo gen obligasyon rive nan laj 55 lane epi kotize pandan 20 lane pou pipiti pou yo gen dwa touche 60% nan lajan yo te kotize nan lajan retrèt yo. 

Gouvènman Alix Didier Fils Aimé a, atravè ministè afè sosyal ak direksyon ONA, ap pare pou chanje lwa a kote yo pral oblije travayè yo travay jiska 63 zan, epi kotize pou pipiti pandan 30 lane pou gen dwa touche sèlman 30% lajan yo kotize nan LONA. Nan pwojè lwa sa a, yo egzije travayè yo kotize pandan plis tan, savledi 10 lane anplis pou yo gen dwa touche 30% kòb yo kotize. Sa vle di travayè yo ap rive nan laj limit esperans lavi yo anvan yo ka jwenn benefis yo nan LONA. Gouvènman an rele pwojè refòm sa a “MODÈNIZASYON!” Men nou konnen se sou do ti salè ak ti benefis retrèt travayè yo, y ap rapyese LONA pandan moun nan boujwazi ak politisyen peyi dAyiti ap gagote lajan retrèt travayè yo. Menm jan nan tout Leta boujwa, Bourik ap travay, chwal ap kontinye galonnen.

Youn nan egzanp gwo enjistis sa a, se lè n konsidere 30 dènye lane ki sòt pase yo. Dapre rapò ULCC, nou jwenn anpil politisyen ak anpil boujwa ki dechèpiye kès ONA sou pretèks kòb yo prete pou envestisman. Lajan sa yo gagote, menmjan otorite leta yo piye lajan Petrokaribe, an tout enpinite. Savledi san yo pa gen pou rann kont.

Nan ka ONA a, se yon prèv anplis ki montre kouman eksplwatasyon fòs travay ouvriye, travayè nan diferan sektè nan peyi a ap fèt alekstrèm. 

Kenbe moun nan mizè, nan grangou, se mak fabrik leta boujwa, jan Gouvènman Alix Didier Fils Aimé a ap montre sa. Yo pap sèlman finanse gang. Se nan tout politik piblik y ap mennen, jan pwojè lwa ONA a montre sa. Menm ak 60% pansyon retrèt la, moun yo deja nan gwo mizè nan yon kontèks kote plis pase mwatye moun nan peyi a nan grangou. Men kounye a, leta ayisyen ap pare pou koupe mwatye nan pansyon retrèt la. 

Fas a kalite kout ponya sa a kont travayè yo ak retrete yo, Ayiti Koupe Fache pote solidarite li ak sendika, òganizasyon popilè yo nan batay kont pwojè lwa lanmò sa a. Sendika yo ap mande pou nou MOBILIZE kont plan lanmò refòm LONA a ki vle ogmante laj retrèt lan a 63 zan, epi ki vle ajoute 10 lane kotizasyon pandan y ap koupe mwatye nan benefis yo. Sendika ouvriye, asosiyasyon travayè yo, mande pou refòme LONA pou elimine gagòt koripsyon k ap fèt sou do malere k ap kotize sou ti salè yo. Sendika yo mande pou laj retrèt la rete fikse a 55 an ak 240 mwa kotizasyon epi pou yo pa koupe nan benefis yo. Se pa sou do ti salè ak ti benefis retrèt travayè yo, pou yo vin rapyese LONA, granmanjè fin dechèpiye.

Viktwa se pou pèp kap lite!

Viv Lit Otonòm Mas Popilè yo ak Travayè kòm Potomitan!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.