28 octobre 2026
Eleksyon Lòbèy : Lanfè Tèt Drèt !
Actualités Société

Eleksyon Lòbèy : Lanfè Tèt Drèt !

Jedi 5 out 2021 ((rezonodwes.com))–

Lawoulèt pike kole, ou kole w pran, ou pa kole w pran; ankèt tout fasèt montre ke yo malonèt.

Mèt karavan jwèt koken, enpostè, blofè, aferis, fèzèis, raketè ki fè zero tounen nèf, bèt sèt tèt.

Pakèt resèt disparèt sou bagèt majik dirijan Petro ki piye epi peye ekspè pou ka efase tout dèt.

Dwèt siperyè, demagòg Dèmalòg tap ri si pèp pa fout fwèt lan bouda maryonèt pou l pa regrèt.

*********************************************************************

Alèt, sèt kout kanon, tonnè krazèt, monte motosyklèt, milèt, bisiklèt, kraze pwojè san pye ni tèt.

Mazèt ak kakatwè salopete n lan bòdègèt, jiwèt ak jilbwèt, kòm si yon peyi te ka yon jwèt bòlèt.

Jwèt se jwèt, pa gen kwochèt; twòp atò, swasann disèt fwa sèt fwa, desten n pa ka lan salòpèt.

Sèt/sèt/18, nou te dwe risèt; pa te dwe tan vennsèt ni sèt/sèt/21 pou kraze pwojè senkannsèt.

*********************************************************************

Dizèt ap taye banda, kòtèj vòlò ap bay payèt, sankoutya sèl vedèt lan taye bonèt met sou tèt.

Laponyèt referandòm mayas ak gwo ponyèt eleksyon pike kole; zak kòb petro yo vle disparèt.

Satiyèt zòt ki lan somèy, bay bouda n de tap, kase pye tab, kalonnen dirijan krab, kraze vye fèt.

Twonpèt la sonnen, chanpwèl, bizango, rara, legliz ak lekòl, li lè li tan pou n fè yon lòt dekouvèt.

*********************************************************************

Mannigèt pèlen ak malandren isit ak lòtbò lage n lan tenten ; lanmèd «Foote», Ayiti se grandèt.

Kèt ! Fwa sa, pa lan Sola an solo lan manèv nèt ak datasèt pou kraze biskèt lan rezilta bayonèt.

Alimèt devan gazolin, jwèt bosal tankou se fim dyab ; si pou eleksyon, fòk bandi grennen pwèt.

Sigarèt limen lan de pwent ; kansansis nasyonal ak bèl tèt ki gen bon kè, bonjan metòd tètfrèt.

*********************************************************************

Pèt pasi pala, diri lakrèt trepase, mayi fini, salami jouk mayi mi, zenyè se vedèt, salòp se chwèt.

Asyèt vid, pòchèt koule, pwomès pa dèt, kaka kleren kontinye pase pèp lan jwèt ak lan kabinèt.

Ponyèt Biwo Leta kase ak DG la ponyèt, Ti gouvènè mazèt tonbe niche gwo zòtèy chèf bòdègèt.

Poudlèt pa menm lan asyèt, choukèt lawouze san otorite kole lan pwojè eleksyon tankou digèt.

*****************************************************************************

Powèt sispann pale lanmou, Ti-Lapli, BBQ, Izo, Lanmò 100-Jou, Lanmò 5 Segond mete baboukèt.

Kivèt san pa sispann koule, dirijan malpwòp di dekilakyèl si pèp azizwèl pa rive genyen byennèt.

Piwèt la dwe kaba, tèl lèt tèl la repons, de pye kole ak palavire pou debri fè bèk atè, fini ak trèt.

Remèt kwadi maskarad yo monnen pyès yo, ann chwazi moun ki konnen ak ki onèt san di petèt.

*********************************************************************

Carly Dollin

carlydollin@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.