NÒT POU LAPRÈS
Pòtoprens Lendi 19 Avril 2021 ((rezonodwes.com))– MOUVMAN KONEKTE-AYITI ap leve vwa l pou l rele sekou kont tout zak latwoublay k ap pase nan peyi a depi kèk tan. Sitiyasyon sa vin pi mal dènye jou sa yo, men Leta pa voum li pa pwèt. Pami zak sa yo, n ap site :
- 142 zak kidnapin ki anrajistre pou twa premye mwa ane 2021 an ;
- 4 polisye bandi sasinen anndan Village de Dieu jou kit e 12 Mas 2021 an, nan kad yon operasyon mal planifye ;
- 1 polisye k ap mande pi bon kondisyon travay jwenn arestasyon l devan lakay li, jou ki te 27 Mas 2021 an, pandan bandi ap sikile libe-libè ;
- 13 moun mouri ak 22 kay boule anndan katye Bèlè nan dat 13 Mas pase a ; zak sa a pote siyati gwoup gang G9 ;
- 7 relijye viktim kidnapin anba men malfra san limit, jounen 12 Avril ki sot pase.
San nou pa di plis, n ap sèlman siyale yon bann lòt zak sasinay ak kidnapin ki kontinye fèt anba je Leta;
Lè n konsidere tout dezòd say o k ap pase nan peyi a akoz absans volonte rejim anplas la pou kreye bon kondisyon lavi; Lè n konsidere rapò rejim sila ak plizyè gwoup bandi anndan peyi a;
Lè n konsidere manda Jovenel Moïse fini depi 7 Fevriye 2021 an, dapre atik 134-2 Konstitisyon an, ak atik 239 lwa elektoral 2015 lan, MKA ap raple epi ranfòse pozisyon nou ki se pozisyon pèp la ki di:
– Nou pa nan referandòm ak yon pouvwa kòwonpi jouk nan zo, ki ap fè tout sa l kapab pou l pou reponn kesyon lajistis pou dilapidasyon lajan Petwokaribe key o gaspiye; ak tout lòt deriv ki fèt sou rejim PHTK a pandan 10 lane;
– Nou pa nan eleksyon ak yon pouvwa ilegal, kote sèl sousi yo se kenbe pouvwa a koutkekout.
Sou baz konsiderasyon sa yo, MOUVMAN KONEKTE-AYITI (MKA) ap mande popilasyon an, tout regwoupman ak pati politik yo ak sosyete sivil la, kontinye goumen pou respè dwa nou kòm pèp; pou lòd demokratik table pou tout bon anndfan peyi, epi pou NOU rive konstui yon sosyete pwospè, solidè, kote Leta ap kreye kondisyon byennèt pou tout moun.
MKA ap fini ak pawòl sa ki gen plas nan kontèks opresyon anndan kou deyò nasyon an an ap viv jodi a:
« Se pou nou sèmante pou nou goumen jouk dènye souf nou pou endepandans peyi a. »
Allwitch JOLY
Kòdonatè Jeneral
Antoine Joseph CHERY
Responsab Mobilizasyon

