Nòt pou Laprès
Pòtoprens, 21 avril 2021 ((rezonodwes.com))–
Direksyon Politik Opozisyon Demokratik la pataje ak Konferans Episkopal Ayiti a, Legliz Katolik an jeneral, doulè zak kidnapin ki kenbe plizyè prèt ak chèsè Legliz la an otaj depi 11 jou anba men bandi ki ap fè lalwa ak konplisite otorite defakto yo.
Tout fanmi nan peyi a boulvèse, lespri ak nanm chak Ayisyen patriyòt ap dechire, ti moso konfyans ki rete nan sosyete a chita sèlman sou gras papa BonDye, pou moun ki kwè yo… Se nan sans sa a Legliz Katolik oblije pran yon lòt desizyon pwoteste kont zak malonèt sa a pandan 3 jou, 21, 22, 23 avril, men tou se pou mande BonDye fè entèvansyon delivrans pakèt panzouyis, kòwonpi, kriminèl ki pran pouvwa pèp la daso a paka fè.
Bandi yo bay iltimatòm pou ekzekite relijye yo, flibistye ki gen tout aparèy Leta nan men yo jiska prezan pa montre yo enkyete e konsekans kidnapin nan sou sosyete a, repitasyon peyi a pèdi sou sèn entènasyonal la, konsekans li sou ekonomi peyi a sitou pa deranje yo. Sèl preyokipasyon ravisè politik sa yo se mennen kanpay divèsyon pou referandòm ilegal ak eleksyon seleksyon ki ap pèmèt yo kenbe pouvwa ak yon diktati ki pa kamarad sa nou te konnen deja nan peyi a.
Devan sitiyasyon vant mare sa a, DIRPOD mande pèp Ayisyen an ki nan tout sektè : politik, sosyete sivil, manifeste tout solidarite ak Kretyen Katolik yo ki ap soufri nan zantray yo, nan lespri yo ak nanm yo pou frè ak sè yo ki ap sibi tout sòt move trètman anba men kidnapè. Pandan 3 jou sa yo li enpòtan pou nou kanpe tout aktivite, fè solidarite ak viktim yo, manifeste kont tout fòm kidnapin.
Nan 3e jou a ki ap 23 avril, pandan legliz yo ap sonnen klòch a midi tapan, nap bat tenèb toupatou ak tout sa nou jwenn ki ka fè son. Machin ak moto ap klaksonnen, tout moun ki nan lari ak lakay yo ap sekwe peyi a nan sans pa yo. Nap rele amwe kont diktati Jovenel Moïse la, kont kidnapin, kont referandom ak eleksyon sanginè.
DIRPOD kwè se nan moman sa menm pou tout sitwayen ak sitwayèn peyi a, jenès Ayisyèn nan met tèt ansanm pou di non ak pwojè lanmò pou tout moun ki pa sipòte pouvwa kriminèl PHTK a.
Desten nou pa depann de moun ki ap dechèpiye resous nou yo, desten nou pa depann de moun ki ap mete gang tou patou nan peyi a pou kidnape nou. Men desten nou depann de konviksyon nou poun travay pou chanje peyi nou, poun redwi inegalite ak enjistis ki mete nou nan mizè, nan povrote ak ensekirite.
DIRPOD rete kole ak revandikasyon Pèp Ayisyen an pou respè dwa li ak amelyorasyon kondisyon lavi li, pou tout moun viv nan yon peyi kote Leta responsab, kote pouvwa pa konsantre anba ponyèt yon grenn endividi ki ap koupe rache epi banalize la vi moun.
Nou tout dwe mele vwa nou ak Kretyen Katolik yo, Ak Konferans Episkopal Evèk Aysyen yo poun jwen liberasyon peyi a ak pitit Bondye yo ki anba men kidnapè.
Viv Ayiti ! Viv DIRPOD ! Viv lit Pèp Ayisyen an ! Pou DIRPOD :
Genard Joseph kenol Mathieu Marjorie Michel

