Nan kad alapapòt festival entènasyonal literati kreyòl, Prezidan Fondasyon Maurice Sixto a, Gertrude Sejour rankontre plis ke 200 jèn melanje ak ti moun pou pale sou enpòtans lang kreyòl ak zèv Maurice Sixto yo. Rankont sila te dewoule samdi 16 novanm lè solèy la te fin tonbe nan legliz Dedye sinayi nan Kriswa. Sete okazyon tou, pou Anivince Jean Baptiste, prezidan atistik festival la te koze ak jèn yo e prezante objektif ak bi prensipal festival la.
Samdi nan aprè midi, devan plis pase 200 jèn fanm melanje ak jenn gason, san konte yon divida l ti moun piti. Ti moun ki anvi tande, anvi wè, anvi pale. Nan yon sa l nan legliz Sinayi ki trouve l nan zὸn Kriswa. Félix Junior youn nan responsab yo entrodwi, Alapapὸt aktivite a pou felisite ide kreyasyon festival la e remèsye komite festival la ki chwazi vin fè yon aktivite nan Batayon Legliz Kriswa.
Responsab la te vin pase lapawoli ak Direktè atistik festival la, Anivince Jean Baptiste ki pale de festival la, ki di k ap koumanse 5 desanm pou bout 8 desanm nan Pὸtoprens ak nan kèk vil provens tankou, Gonayiv, Pὸtoprens, Tigwav, Jakmèl. Pou premye edisyon an se peyi Kiba ak Matinik ki envite espesya l. Powèt Manno Ejèn se envite donè. Prezidan atistik festival la kontinye pou l di ke ap gen 2 envite k ap soti nan peyi kiba, se ekriven Yves Marie Seraline k ap soti nan peyi matinik ak Hilario Batista Felix k ap soti nan peyi kiba.
Dezyèm pati rankont lan t ap pwal bay lapawὸl ak Madam Gertrude Sejour, avèk yon kè kontan ki marande ak lanmou pou ti moun yo, Gertrude Sejour pale de enpὸtans lang kreyὸl la ak batay Maurice Sixto t ap mennen pou epanouyisman lang kreyὸl la. Responsab Fondasyon Maurice Sixto a te pale de nesesite pou toujou fè ti moun yo tande istwa ‘’ti tentaniz’’. Paske li pote yon leson ki kab fè nou pran konsyans ke pratik sa pa dwe kontinye nan sosyete a. Te genyen yon echanj ant Gertrude Sejour ak ti moun yo sou zèv la, sete yon moman lakè kontan.
Madam Sejour pat met dlo nan bouch li pou l te di jèn yo kontinye pale ak ekri kreyὸl pou fè fyète lang lan. Li te profite tou, pale de evolisyon lang lan de jou an jou, piske gen aktyèlman daprè li menm gen 69 inivèsite k ap anseye kreyὸl nan lemonn antye.
Rankont Sila te fini ak yon foto kolektif ant ti moun yo, ak komite Festival la.
Pou nou make, ke prochen aktivite alapapὸt Festival Entènasyonal Literati kreyὸl la se pou 29 novanm 2019, a 2è nan apre midi. Randevou a kase nan Sant Kiltirèl Dédé Dorcély / (Sosyete Koukouy Ayiti) nan santo 6 pou yon bèl anbyans literè ak kiltirèl.
Ricot Marc Sony

