17 août 2026
Autour des années 2000, Haïti entama sa descente aux enfers sous le règne Lavalas, et vers 2011, le régime PHTK est venu s’assurer que nous y sommes dans tous nos états
Actualités Société

Autour des années 2000, Haïti entama sa descente aux enfers sous le règne Lavalas, et vers 2011, le régime PHTK est venu s’assurer que nous y sommes dans tous nos états

Si les dirigeants Lavalas ont pu largement bénéficier de la liquidation de certaines entreprises publiques d’Etat, la vache à lait pour tous les gouvernements antérieurs, mais jamais en Haïti, un régime comme celui de PHTK, avec Michel Martelly, Laurent Lamothe et Jovenel Moise, n’a eu à contrôler autant de liquidités et de haut montant disponible dans le trésor public. Il s’agit des milliards de Petro Caribe pour nous laisser quelque 9 ans plus tard, après le séisme du 12 janvier 2010, un Port-au-Prince « kon yon pak kochon », la capitale du pays le plus corrompu de la Caraïbe avec ses institutions publiques (Présidence-Parlement-Justice) très décriées

Minute de réflexion du journaliste-senior Daly Valet

Ayiti !

Port-au-Prince, mardi 30 juillet 2019 ((rezonodwes.com))– Yon moun ki gen bon sans, ki gen bon nanm e ki konn vwayaje pa ka pa mande tèt li sa l ap regle nan bagay sa ki rele Ayiti a sitou nan pak kochon sa ki rele Pòtòprens lan . Franchman se krèvkè, se dezolan. Si nou tande yon jou m tonbe m mouri bridsoukou konnen se strès ak lapenn viv nan salte Potoprens ki touye m. Sa komanse twòp ke moral mwen ka sipote.

Tout vil pwovens yo tounen bidonvil mache debri pèpè. Sèl nan fon andeyò yon moun ka al viv tankou mawon nan fon bwa lwen tout sa ki rele modènite. Omwen nan zòn riral rekile yo ou ka espere respire yon ti moso lè frè.

Autour de 2000, la descente aux enfers entamée avec Aristide, puis Martelly, Lamothe et Jovenel sont venus donner le coup de grâce pour faire aujourd’hui de notre pays un vrai « shithole »

Mwen pa t Ayiti nan lane 2000 yo epok jenerasyon lavalas la te fè peyi a tounen lanfè sou tè dapre sa m aprann. Men mwen ka di nou mwen ap viv la sou plas sa jenerasyon Tèt kale Martelly, Lamothe ak Jovenel la fè ak peyi a. Se jis yon pak kochon, salte, malpwopte, bandi, ganstè, mizè toupatou . Se kom si dirijan yo pa pran moun nan peyi a pou moun e yo menm tou yo pa moun. Moun ki moun tout bon pa ta ka kite yon peyi livre konsa aladriv san gouvènay.

Ayiti ! Elas ! Premye fwa nan vi m mwen wont konsa de peyi a e de dirijan yo. Se nan bouche nen pou yon moun ap siviv sou ti moso tè sa. Yon moun dwe sanwont anpil pou l ta imajine envite yon etranje nan poubèl salte sa. Mwen pa p blame okenn Ayisyen ki pa vle ni retounen ni rete pa bò isit. Mwa dawout sa pral fè m 10 lane depi m retounen nan peyi a. M reziye m pou m pran bal mwen nan fwon m paske tout fanmi ak zanmi m te di m non pa tounen. Malgré tout bagay m pa regret m te tounen. M deja la m la nèt. Paske se pitit Ayiti ki pou chanje Ayiti. Se pa etranje k ap vin chanje l pou nou.

Malgre tou sa, nou pa ka bay vag. Se nan moman sa yo menm lè w deside rete nan peyi a pou wè si sa ka chanje ke soufrans ak tòti moral yo pi rèd pou w sipote akòz chak jou ki pase bagay yo vin pi grav. Men nou oblije kontinye batay kan menm pou fè pak kochon an tounen oubyen retounen yon bèl peyi pwòp tankou lòt peyi ki tou pre nou nan Karayib la. Sinon, lòt pèp vwazen nou yo ap di nou tout Ayisyen se kochon. Trump deja di byen wo sa anpil lòt etranje panse lèd de nou san yo pa oze di sa ouvètman. Ann sekwe kò nou…

Daly Valet
30 juillet 2019

2 Comments

  • Patrick Princivil 31 juillet 2019

    AN NOU PA TWONPÉ TÈT NOU, KIYÈS MOU-N ONÈT NAN DYASPORA A KI KA PÈ PRAN PLAS SÉNATÈ AN AYITI A? RÉPONS LA SÉ MOU-N KI GEN KRENTIF POU BONDYE YO.

    PASKÉ KOMANSÉ SOU MWEN, NÈG NAN PALMAN POURI KRIMINÈL BANDI LÉGAL SA YO NÈG SOT SA YO PAP JAN-M KA TREN-NENM NAN FÈ VYÉ SAKRIFIS, PILÉ TI BÉBÉ NAN PILON AK FÈY, ANTÉRÉ FAN-M ANSENT TOU VIVAN POU PRAN POUVWA.

    SÉ NAN FORM VYÉ INYORANS SA YO, KI FÈ YO TÉ KA AKSÉPTÉ MICHEL MARTELLY NAN TÈT POUVWAA SAN ANYEN NAN TÈT LI AK 3 NASYONALITÉ: AYISYEN, ITALIEN, AMÉRIKEN; PANDAN YAP RALÉ KONSTITISYON MÉTÉ SOU TAB POU BLOKÉ DYASPORA.

    KIYÈS POU-N TA PÈ LAA? NOU PA WÈ TANK JOVENEL MOISE AK GANG LI YO AK TOUT MÈSÉNÈL YO AP TIRÉ MANIFÉSTAN NAN TÈT POUL KENBÉ POUVWA, SÉ TANK FOUL LA AP OGMANTÉ KONT ZÈV KONWONPI JOVENEL MOISE AK TOUT PHTK.

    MWEN SÉ ADVANTIS DU SÉTYÈM JOU, ÉM PA NAN RAN IPOKRIT KI NAN RÉLIJYON YO.

    PASTÈ NAN LOUGAWOU, ZOBOP, BIZANGO, MAKANDA, RAT PA KAKA, CHANPWÈ; MWEN PAKA NAN RAN MOU-N SA YO, O NON DE JÉZU.

    MWEN FWAPÉ PYÉM ATÈ KONT SISTÈM SANTI A, SÉ PASKÉ LÉTA AYISYEN AN TWO MÉCHAN, SÉ YON PAKÈT TI ÉSKLAV GOUVÈNMAN AMÉRIKEN, LA-FRANCE, CANADA YO YÉ.

    SÉ YON PAKÈT MANDYAN, PARAZIT KI PA JAN-M PÉYÉ DÈT POU DÉVLOPMAN YO, YO TRÈ ENBÉSIL.

    TOUT NASYON GEN DÈT POU DÉVLOPMAN, BANK MONDYAL FÈ YO KONFYANS, SA YO MEN-M SÉ FÈ SIMILAK PRÉTÉ LAJAN POU DÉVLOPMAN ÉPI 5% CHAT VOLÈ TOUT LAJAN, PIYÉ DIASPORA NAN DWA-N, FÈ ÉTRANJÉ KADO DWA-N PÉYI DAYITI AK TOUT MAKÈT PÉYI DAYITI POU PO PATATE.

    KIYÈS POU-N TA PÈ LAA?

    AVADRA SA YO PAKA FÈM PÈ.

    KITÉ NOU FI-N KRAKÉ SISTÈM NAN AK TOUT KONSTITISYON AN POU-N WÈ SIM KON-N PÈ MALANDREN AK GRAN-MANJÈ.

    SÈL BAGAY MAP RANTRÉ AYITI, LÈ TOUT VOLÈ KI KRAZÉ LAJAN PÉTRO CARIBÉ YO PARÈT LAJISTIS, ÉPI SÉ POU TOUT JIJ KONWONPI YO AK AVOKA KONWONPI YO, MÉTÉ AK TOUT GWO CHÈF, TI CHÈF KONWONPI YO JIJÉ.

    OU WÈ KOUNYÉ A!

    TOUT SA JOVENEL AK PHTK, MÉTÉ AK LAPOLIS LA AP FÈ NAN PÉYI DAYITI KOUNYÉ A PA ENTÉRÉSÉM.

    SÉ DÉMISYON-N AK TOUT PALMAN AN KI ENTÉRÉSÉM.

    VOLÈ AK ANSASEN PAKA BOSS MWEN.

    MWEN MÉTÉ ANEL AK LÉTA AYISYEN NAN MEN-M PANYÉ

  • Endijen 31 juillet 2019

    Mwen konnen ote atik la ka fe yon Analiz ki pa Orabe si l vle. Men sa a se yon Analiz Orabe! Ou pa lonmen non zanmi m pwezime asasen Jocelerme PRIVERT nan Kontribisyon pal nan fe peyi a twou a.a. Li gen dwet li nan dechepiye Lajan Petro Caribe a. Sispann fe moso moun. Fok nou kle sou sa, Martelly, Lamothe, Jovenel fe yon Veritab Razya nan Lajan Petro Caribe a. Mwen poko konnen Responsablite Evans PAUL nan Piyay la. Men fok ou DAKO’, Preval gen yon responsablite Enom nan kreye Baz pou lot Malandren te fe te vin Aji konsa. Si w bezwen fe Listwa, pa fe Mololo, mete kanson w nan TAY ou pou depoze bet. Sanble w bliye, se sou RENE PREVAL wi yon seri Gran Manje sasinen Inosan ROBERT MARCELLO. Tankou m renmen di, JJ Dominique te gen Chans li te jwenn Kadav jounalis Jean Leopold DOMINIQUE. Mwen pa lonmen non swadizan madanm Dominique li te nan flete twop ak Resele asasen. Epi se sou BABY DOC Michele MONTAS te bezwen vin fe bwi. Wouch. DOC te fe Dominique ak Montas kouri men yo pat sasinen yo. Se demokrat yo (apranti diktate) ki touye Dominique. Alade Tenten, Dominique mouri prevalis. Parantez la te Enpotan pou m louvri l kom Temwen istorik ki pat patisipe nan oken pouvwa Malandren milite ak Avadra demokrat.

    Kontra BLAKAWOUT la pou madanm Preval kontinye byen mennen sou do peyi a se pa Martelly, Jovenel non ki te siyen l nam kad Lajan Petro Caribe a. Se pito nome Preval. Mwen souyete w pa pami SAN AZIL ki vle fe Preval pase pou yon gran pwezidan. Preval ou pa lonmen non l nan Analiz ou fe a, li se Achitek sa nap viv la a, nan Malpwopte peyi a Plonje a. Nan bezwen imite Papa Doc an MALANDREN/AVADRA, marasa Aristide/Preval mete n nan sa nou ye jodi a. ECHEK marasa Aristide/Preval ak Zagribay alye yo KALE Martelly, Jovenel ak yon lot FNCD/PHTK.

    Atansyon pa gen zafe IDEYOLOJI nan peyi a. Se nan Kesyon EKONOMIK yo pou we Ideyoloji yon neg. Se sou Aristide/Preval ak Akolit OPL yo Aplike tout Plan pou Kraze PWODIKSYON AK ENDISTRI NASYONAL LA. La Dette du 15 Octobre 1994. Menmsi se Ipokrikman, ansyen pwezidan BILL CLINTON pwezante eskiz li devan palman lakay li bay pep Ayisyen. Malandren yo ki te benefisye 15 oktob 1994 la poko fe. Epi nan peyi « Analfabet pa bet, » lide opinyon ki nan Patipri… ak zentelektyel, dans la DIVISION, SANS PROJET DE SOCIETE, SANS AUTOCRITIQUE menm Malandren yo bezwen pouvwa anko. Tout lot pouvwa yo ki pase kontinye suiv menm tras Aristide/Preval te trase a, ki mennen nan twou a.a.

    Mwen renmen tande le kek jounalis ap asimile pouvwa aktyel la ak EXTREME DROITE. Se ti radot Jovenel Moise ki te kreye GANG yo rele Lame Domi nan Bwa, Lame timanchet, Lame Wouj (manje polisye Marie-Christine Jeune)…ak Lame Kanibal. Se pa Martelly ak Jovenel ki te papa COLIBRI, TIBLANC, BOA, Dyed WILME, Ronald Kadav Camille, Francko Camille (nan peyi moun San Memwa li poze l menm jan ak nome Anick Francois Joseph), pwezime asasen Mirlande Liberus Pavert, LABANYE…ak AMARAL DUCLONA. Denye sa a te menm konn rive Domi kay Madanm Calvin, ki se Se’ Preval, le swadizan PNH ak Minustah Cholera tap cheche l. Dokiman istorik yo la.

    Mwen pa konn de ki Extreme Droite kek jounalis vle pale. Se Extreme Droite ki te di marasa Aristide/Preval pou yo Pa Kreye yon KE Pemanan pou Avadra ak Tivisye fe eleksyon pike kole pou yo. Pou ki Mennen pi devan, Dwet Direk nan KAO. Se Betize sa yo pou n ta mande : Jean Gilbert, Ernst MIRVILLE, Gaillot Dorsainvil…ak Pierre-Louis Opont. Patriyot ak neg Karakte LEON MANUS papka ranseye m. Li met repoze nan lape. Mwen di Lanfe (si l egziste vre) pou moun ki mouri ak sa ki vivan ki te KREYE Brech pou Martelly, Privert ak Jovenel piye Lajan Petro Caribe a.

    Nan kad Sistem Apated la, Kontra BLAKAWOUT 10 milyon dola chak mwa Preval te siyen an, Martelly, Jovenel denonse, men yo Pa Fouti sispann li. E zanmi w Privert patka sispann li tou, komkwa se pat misyon l. Epi nome Patrick Morane pat ba l tan. Jean Max Bellerive, Eddy Jackson Alexis, Assad Volcy, Alfred Micanor… ak Anthony Barbier pa fouti demanti m.

    Nan peyi a, pa gen zafe Gauche, Droite, Modere ak EXTREME DROITE. Tout neg ki pase sou pouvwa se Vole yo konn Vole. Fe tyoul Machann Diri ak alye yo nan Entenasyonal la. Se pa moun yo di ki EXTREME DROITE ki te fe OKIPE peyi a ak Kraze PWODIKSYON AK ENDISTRI NASYONAL LA.

    Men MAK FABRIK tout pouvwa ki pase nan tet peyi a : Piye, K E PWOVIZWA, Eleksyon Malatchong, CORRUPTION, Massacres…, IMPUNITE ak CHAOS.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.