Nan « Mwen bouke, »Jay T rele l an danje
Se nan bouske nouvo tit m al tonbe sou kont Youtube « Jay T Dzine Official ». Mwen tonbe sou yon tit ki rele « Mwen bouke. » Mwen frennen sèk. Mwen pran san m pou m koute mizik la. San pase nan chimen dekoupe, se yonn nan pi bèl mizik mwen tande nan kòmansman mwa oktòb 2024 la.
