Garry Conille, dezyèm dòktè nan twa zan ki nome Chèf Gouvènman Ayiti, peyi ki toujou sou kabann lopital, di li « onore anpil » pou chwa yo fè de li
Eske Dr Conille ap pran yon pòtfèy ministeryèl pou’l pa fè menm erè 2011 lan ankò? Nan yon twit ki parèt mèkredi maten bonè bonè sou kont pèsonèl X li (Tweeter), Dr Garry Conille fè premye reaksyon’l. Li remèsye CPT ou KPT a pou chwa’l yo fè – (sou 68 kandida) – pou dirije pwochen
