Deklarasyon Jan Mapou pou salouwe KOUKOUY DÈLMA
15 fevriye 2023, se yon dat enpòtan pou tout manm Sosyet Koukouy Dèlma. Se nan dat sa branch Sosyete Koukouy Dèlma jwenn kat batèm li. Seremoni lansman branch sila te fèt nan Bazilik 33, Dèlma. Jean Mapou, sèl grenn Fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen (1965) ki rete vivan, te fè yon deklarasyon pou make okazyon an.
