Ducasse Alcin : AVRI-LI-SAN
AVRI-LI-SAN Ala peyi gen blofè Yon ansyen tòsyonè Yon ansyen diktatè Yon kanson fè Yon sanginè Pèp souveren te bay kanè Ki te konprann li te syèl e tè Nan fè lavi zòt tounen lanfè Matirize, tòtire, voye moun nan simityè Se li yo wè ki merite lonè Se li yo twouve ki merite respè
