Raoul Gérard : Aba Eleksyon Malatyong! Ayiti Koupe Fache
Aba Eleksyon Malatyong! Lavi malere ann Ayiti ap depafini nan kondisyon malouk ensekirite, grangou, chomaj ak lamizè. Rezistans mele ak dezespwa. Rezilyans kontre ak reziyasyon. Gen yon ti ponyen granmanjè gwo boujwa mafya kontrebandye dwòg dilè ak chèf gang k ap fin souse dènye san mas pèp travayè a. Yo met ansanm ak fonksyonè leta kowonpi.
