Pati Rasanble takle sekretè jeneral nasyonzini a k ap kore Ariel Henry
KOMINIKE 004 Lundi 19 septembre 2022 ((rezonodwes.com))– RASANBLE ak 13 lòt pati politik alye li yo voye yongwo kout chapo pou popilasyon nan 4 kwen peyi a kisot pase 1e semènn mobilizasyon an avèk siksè. Nap kontinye kenbe flanbo mobilizasyon an byen wo pandan2è semènn sa ankò pou fòse Ariel Henry kite peyi a. Nap voye senpati nou baytout viktim yo pandanmoman difisil nap travèse a. RASANBLE ak alye liyo eksprime dezakò yo akdeklarasyon Sekretè jeneral nasyonzini Antonio Guterres fè ayè dimanch 18 septanm nan sou France 24. Sekretè jeneral la mande pou leta ayisyen sibvansyone fanmi yo olye ke li sibvansyone gaz la. Sa montre ke Sekretè jeneral la pa byen enfòme sou kriz kap travèse popilasyon ayisyèn. Nap raple pou Sekretè jeneral la se sibvansyon gaz la kap bon pou pèp ayisyen an nan moman sa. RASANBLE ak alye li yo voye jete byen lwen pou yon3è fwa deklarasyon Ariel Henry fè nan yon maladrès aknasyon an ayè dimanch 18 septanm nan. Nou konstate Ariel Henry pale tou swit aprè sekretè jeneral nasyonzini an te finn pale. Sa fè nou konprann aklèAriel Henry an misyon pou fini ak pèp la. RASANBLE ak alye li yo sezi wè Ariel Henry di popilasyon an, lidè politik yo ak tout militan yo se bandi. Nap raple pou Ariel Henry si gen bandi se li menm ak ekip ki sou pouvwa a ki bandi. Paske se
