Etazini : Jèn basketè ayisyen Gethro Muscadin mouri apre plizyè mwa nan koma
Vandredi 4 novanm 2022 ((rezonodwes.com))– Gethro Muscadin ki se ansyen jwè ekip baskètbòl Kansas ak Nouvo Meksik rive jwenn lanmò l aprè l te fin pase plizyè mwa nan koma akoz yon aksidan machin li te fè. Atlèt la te gen 22 zan sou bwa tèt li. Inivèsite Kansas ak Nouvo Meksik konfime nouvèl la
