Pozisyon AKAO sou sitiyasyon vyolans ak depòtasyon ayisyen ap sibi lan Repiblik Dominikèn
Jedi 24 novanm 2022 ((rezonodwes.com))– Pozisyon AKAO sou Sitiyasyon Vyolans ak Depòtasyon Ayisyen ap sibi lan Repiblik Dominikèn. 1- Sistèm ekonomik ak sosyal miwo miba ki tabli nan peyi a apre lesklavaj kaba, mete sou malè panzou finansye Lafrans mare sou endepandans Ayiti, makònen ak blokis gwo pwisans yo kanpe, lakòz plizyè milye pitit tè
