Konferans deba nan Nò : Bwa Kayiman ap rele nou ankò pou rekipere souverènte nasyon an
14 Out 1791 se yon dat ki grav nan memwa nasyon ayisyen an. Jou sa a, nan kè forè sakre Bwa Kayiman, zansèt nou yo te rasanble pou fè yon seremoni ki te chanje kou istwa. Se te yon rasanbleman espirityèl ak politik ki te make kòmansman Revolisyon an. Anba pye Mapou a, ak limyè
