15 septembre 2026
République Dominicaine : Des prêtres et religieuses se solidarisent avec Haïti
Actualités Société

République Dominicaine : Des prêtres et religieuses se solidarisent avec Haïti

Un regroupement de religieuses, prêtres et séminaristes originaires d’Haïti et vivant en République Dominicaine, ont organisé une célébration eucharistique dimanche dans le but de se solidariser avec Haïti dans sa situation actuelle.

« Des haïtiens et haïtiennes venus de partout à travers le pays ont pris part à cette célébration Eucharistique qui était et est pour nous signe visible de notre solidarité avec notre chère Haïti », a déclaré le président de la URSHA, le révérend Frantz B. George. 

En présence de responsables de l’ambassade haïtienne à Santo-Domingo, l’assemblée a entonné l’hymne national haïtienne, avant la lecture d’une note de solidarité avec Haïti reproduite ci-dessous.

MESAJ SOLIDARITE URSHA AK TOUT PEP AYISYEN AN

Pèp ayisyen, frè ak sè nou yo,Unión de Religiosos/as, Sacerdotes y Seminaristas Haitianos, (URSHA) se inyon tout Pè, Mè, Frè ak Seminaris ayisyen ki ap viv nan Repiblik Dominikèn. Misyon nou se akonpaye epi ede relijye ak relijyez yo ansanm ak moun ki aspire vin fè pè oubyen pou antre nan Lavi Konsakre a. San nou pa pèdi idantite ayisyèn nou, nou fasilite yo yon pi bon entegrasyon nan kilti dominikèn nan, nan kreye èspas pou fòmasyon ak rekreyasyon nan solidarite youn ak lòt.

Nou menm nan URSHA nou konsyan de sitiyasyon peyi Dayiti. Sa k ap pase yo touche nou anpil kòm moun, kòm ayisyen-ayisyèn epi kòm kretyen-kretyèn katolik. Sitou nan dènye moman sa yo, kote peyi a ap travèse anpil gwo kriz.

Kriz ekonomik: kote majorite ayisyen-ayisyèn ap viv nan chomaj ak nan povrete epi chak jou pi plis lavi a ap vin pi chè.

 Kriz sosyal: kote nou genyen yon sosyete ki divize epi yon jenès ki san avni, ki pa kapab jwenn vrè idantite li kòm moun epi ki ap kouri kite peyi li san li pa genyen yon destinasyon.

Epi ak gwo kriz politik la ki destabilize prèske tout enstitisyon nan peyi a, kote se kòripsyon ki ap taye banda ladan yo ak yon Leta ki pasif nan sa ki gen pou wè ak bon jan gouvènans.Se pou sa nou menm Pè, Mè, Frè ak Seminaris ayisyen ki ap viv nan Repiblik Dominikèn, nan sitiyasyon kritik sa peyi a ye a, nou montre solidarite nou ak pèp ayisyen an, kote se ensekirite, dezespwa, kalamite ak divizyon kap taye banda nan tout sektè anndan peyi a. Nou kwè ke li enpòtan anpil pou tout pitit peyi a chita ansanm, pou dyaloge epi aji prese-prese sou sitiyasyon peyi a. Se sa ki ap ede nou idantifye orijin kriz nou yo epi jwenn solisyon dirab pou byen chak ayisyen-ayisyèn epi pou Ayiti an jeneral.

Istwa nou fè nou sonje ki enpòtans tèt ansanm lan te genyen nan batay pou nou te pran endepandans nou epi vin yon pèp lib, yon nasyon menm jan ak tout lòt nasyon yo. Se menm istwa sa tou ki reprezante mak fabrik nou kòm ayisyen-ayisyèn epi ki fè fyète ak diyite nou kòm premye pèp nwa endepandan. Se pou sa, deviz nasyonal nou, ki se «Liberté, Egalité, Fraternité», makonnen ak fraz lejand sa ki se «L’union fait la force», dwe toujou sèvi nou kòm yon flanbo k ap klere chimen nou toupatou, paske nou se yon sèl nasyon ki genyen yon sèl deviz ak yon sèl drapo.

Nan Tan Karèm sa a, ki se yon tan rekonsilyasyon, pataj ak penitans, URSHA envite tout ayisyen-aysiyèn pou fè yon konvèsyon total, pou fini ak tout fòm egoyis, pou detwi baryè divizyon ak mantalite kraze brize sa ki anpeche nou defann epi wè avan tout bagay enterè peyi a. Paske se nan rekonsilyasyon, nan renmen youn pou lòt ak nan dyalòg n ap rive chanje imaj peyi nou. Sa fè nou sonje bèl ti pawòl sa yo pwofèt Jeremi te di pèp Izrayèl la pandan li t ap envite yo swiv chemen Bondye a ki se chemen renmen ak tèt ansanm menm jan zansèt yo te vle l la: «Yo te di nou pou nou manyè kite vye chemen nou t ap swiv yo, pou nou manyè sispann fè sa ki mal. Konsa, nou ta ka viv toujou nan peyi Granmèt la te ban nou an, peyi li te bay zansèt nou yo pou tout tan ki gen tan.» (Jeremi 25:5)

Frantz B. Georges, SJ   –   Prezidan URSHA

Marie-Josette Etienne, FDM  –   Sekretè URSHA

­­­­­­­­­­­­­­­­­­­­­­Berthony St.-Georges, SJ – Asesè URSHA

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.