Maryse Narcisse se prononce contre la commission électorale créée par Martelly

0
1620

Jeudi 17 décembre 2015

NOTE DE PRESSE DE FANMI LAVALAS

Fanmi Lavalas konstate apre skandal sou skandal ki manyen ni manm konsey elektoral la, ni jij BCED ak BCEN yo, Prezidan tèt kale a Michel Martelly ak tout Premye minis de fakto l Evans Paul mete ansanm pou yo sòti yon arete pou mete anplas yon komisyon prezidansyèl evalyasyon elektoral. Se kòm si yo pat tande revandikasyon pèp ayisien an, pati ak regwoupman politik yo, legliz, òganizasyon dwa moun yo, ak lòt òganizasyon nan sosyete sivil la ki depi apre koudeta elektoral 25 oktòb la, pa janm sispann mande yon komisyon verifikasyon endepandan.
Fanmi Lavalas ap denonse plizyè moun ki nan komisyon prezidansyèl bidon sa a ki déjà abitye travay pou pouvwa tèt kale a, kidonk pwal kontinye fè travay pouvwa a nan komisyon sa a. Nap raple tout moun 1) Monseyè Aris ak Rony Deroch, majòjon akò El Rancho, déjà bat bravo lakontantman pou krim elektoral 25 oktob la. 2) Mambo Euvonie Auguste, manm Relijyon pou Lapè, tal defann nasyonalite prezidan tèt kale a nan pote paspò l devan Palman an. 3) Manno Chalmay se konseye nan Primati a 4) Konpè Filo ap travay pou Radyo Tele Ginen ki pi rèd pase Radyo Tele Nasyonal.




Li parèt aklè otorite tèt kale yo déjà antann yo ak komisyon bidon sa a sou do pèp la. Arete sa a gen tan déjà fè konnen konbyen tan travay la ap dire e li konfime nan atik twa l, de (2) moun ki pwal nan dezièm tou an anvan menm komisyon bidon sa a komanse travay alewè pou ta gen rapò.
Malgre Sena Repiblik la mande otorite tèt kale yo ak KEP a, pou yo sispann tout aktivite elektoral annatandan yon komisyon verifikasyon pou fè limyè sou pwosesis elektoral la, yo deside ak sipò kominote entènasyonal la vanse tèt dwat pou mennen peyi a nan twou. Fanmi Lavalas di : Se byen konte, mal kalkile.
Pandan ke Fanmi Lavalas, menm jan ak anpil pati ak regwoupman politik, legliz, òganizasyon dwa moun yo, ak lòt òganizasyon nan sosyete sivil, ap kontinye mande yon komisyon verifikasyon endepandan pou fè laverite sou sa ki pase nan jounen 25 oktòb la, lap lanse yon apèl pou nou tout ki gen menm revandikasyon an pou nou kore batay pèp ayisyen an e mete tèt nou ansanm pou sove peyi a .
Mobilizasyon pi rèd nan 4 kwen peyi a. Koudeta elektoral pap pase.
Fanmi Lavalas

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.