NÒT SOU KONJONKTI A
SE PA VYOLANS KI PI GWO PWOBLÈM ELEKSYON SILA A SE KIDNAPING KI FÈT SOU SOUVERÈNTE NASYON AN KI PWODUI VYOLANS LA.
KONTRAPÈPLA yon lòt fwa ankò wete chapo l byen ba pou salye kouraj pèp ayisyen an ki pa janm bat ba malgre tout gwo frap li kontinye pran tribò babò. Malgre tout mannèv pou kreye konfizyon pèp travayè a,pwogresis ak patriyòt konprann kalamite ayisyen ap sibi anndan kou deyò peyi a sanble kou 2 gout dlo ak yon pwojè pou disparèt nasyon an, fè l peye radiyès pèmèt 1ye Janvye 1804 la.
Lènmi nasyon an anndan kou deyò peyi a pa konn sa pou yo fè ankò pou disparèt ekzistans Ayiti kòm manman libète. Jounen jodi a, yo rive nan faz ki pi avanse a nan enstale yon kao jeneralize kòm mòd gouvènans nan peyi a kote yo tabli ekonomi kriminèl transnasyonal la nan mitan jèn defavorize yo kòm repons pou kanalize fristrasyon ak kòlè sistèm apated la anjandre. Rezilta a, sèke zòt pa bezwen prezan fizikman pou kraze peyi a. Li pa bezwen depanse gwo lajan, li sèlman kreye kad sosyo ekonomik ak politik nesesè a epi li enstrimantalize gouvènman kwoupyon li yo kòm bra politik epi gang yo kòm bra ame pou òganize efwondeman peyi a ak sosyete a a epi fè ayisyen manje ayisyen.
Pou KONTRAPÈPLA, kao pwograme sa a gen mèt. Latriye masak ki pa sispann fèt nan peyi a gen moun ki responsab yo. Depi 28 Jiyè 1915 blan meriken pran kontwól peyi a, men apre sasinay Jovenel Moise, Etazini pa nan benyen kache lonbrik ankò, se aklè yo te enstale Ariel Henri opouvwa epi se ak awogans, mepri plis prezans 3 bato lagè Anbasadè meriken an enpoze sosyete a Didier Fils-Aimé 7 Fevriye 2026. Se Etazini ak gouvènman kwoupyon li enstale yo ki defini tout briganday kap fèt nan peyi a. Se yo ki deside mete tout enstitisyon peyi a platatè pou bay gwoup ame latitid pou fè peyi a tounen yon lanfè. Masak pèp peyizan an nan Pon Sonde, nan Kenskòf elatriye rantre nan yon plan global pou teworize epi degèpi popilasyon an nan yon seri espas kapitalis bezwen rekipere swa pou eksplwate resous ki ladan yo, swa pou fè lòt kalte pwojè.
Efwondeman anpi Etazini a mete ak rezistans fawouch toupatou nan mond la kont dominasyon fòse yo repliye vin geri bosko yo sou ti peyi nan Amerik la. Pou eksplwate san gad dèyè richès ti peyi sa yo fòk yo wete tout obstak, fòk yo gen kontwòl total kapital peyi sa yo. Nan Venezuela, yo kidnape Prezidan Maduro pou ka fè dappiyank sou petwòl li. Nan peyi isit, yo simaye briganday ak kao. Etandone, kontèks entènasyonal la pa pèmèt yo mete legalman yon gouvènè nan tèt peyi a, yap pare pou òganize eleksyon pikekole pou enstale legalman souflantyou, yo vle a, kap vin wete dènye obstak legal ak jiridik ki anpeche yo aksede ak richès peyi a.
Pou KONTRAPÈPLA, eleksyon se yon atribi souverènte. Se moman pou pèp la chwazi angranmoun dirijan li yo nan tout nivo. Responsablite leta peyi a, se kreye kondisyon pou pèp la ekzèse dwa li yo san okenn kontrent. Malerezman, se pa reyalite sa a nap viv. Tout kalte estrateji deplwaye pou mete popilasyon deyò nan eleksyon sila a. Vyolans avèg jeneralize sa a, degèpisman popilasyon an, wout Nasyonal ki bloke yo, dekrè elektoral malatyong ak kalandriye tèt chat tout sa se pyèj pou se sèl patizan pouvwa a ak gang ame kap kapab pran lari jou eleksyon an.
Peyi Etazini pat menm vle politisyen alye li yo ranplase KPT a 7 Fevriye 2026 ak yon gouvènman bisefal ki soti nan kou kasasyon. Pou endike sou ki bit li kanpe, li depeche 3 bato lagè nan bè Pòtoprens la pou flanke nan figi tout moun Alix Didier Fils Aimé KPT a te revoke pou enkapasite, enkonpetans ak koripsyon. Se yon mesaj klè pou di, dorenavan, ayisyen pèdi dwa mete moun li vle nan tèt peyi a. Tout moun tèt dwat ta dwe konprann mesaj sila a, si Etazini pa dakò pou ayisyen mete yon prezidan pwovizwa nan tèt peyi a pouki li ta kite n mete yon prezidan eli pou senkan?
Pou KONTRAPÈPLA pi gwo pwoblèm eleksyon sila yo genyen se pa ensekirite se pito blan meriken ki kidnape dwa grandèt nasyon an, anpeche l chwazi angranmoun dirijan li vle epi ki itilize gang ame pou fè sa. Tout pwoblèm vyolans gang ame yo kap miltipliye, tout koze wout nasyonal yo ki bloke, leta ki pèdi kontwòl teritwa a, san konte bann pyèj ki nan dekrè elektoral la ak kalandriye a, se konsekans kidnaping ki fèt sou souverènte nasyon an, se estrateji ak taktik pou anpeche pèp la ekzèse dwa sa a. Tout politisyen ki pa konprann mesaj klè sa a se anbisyon pouvwa pèpè ki vegle je yo.
KONTRAPÈPLA konprann jwèt la. Li pa deside al bay kowòm nan yon eleksyon kote Etazini pwal deziyen prezidan an jan sa te fèt aklè nan eleksyon 2010 yo. Potekole nan eleksyon sila yo se yon zak trayizon. Se ede blan an tabli plis kontwòl toujou sou peyi a, san jefò.
KONTRAPÈPLA chwazi pito mennen lòt batay la. Li chwazi kanpe nan kan travayè, peyizan ak tout sitwayen ak sitwayèn patriyòt ak pwogresis ki kwè moman an ekzije leve kanpe pou reziste kont pwosesis rekolonizasyon peyi a ki gen eleksyon pike kole sa a kòm etap majè pou desounen nasyon an. Moman an mande pou tout patriyòt, tout pwogresis machekontre pou konstui nouvo fòs leta pèp la nan pwolonjman 1804-1806 pou frennen pwojè lanmò esklavaj modèn sila a; denonse epi kwape tout konze, tout machann peyi ki deside likide souverènte ak
richès peyi a bay zwazo bèk fè.
KONTRAPÈPLA kwè nan etap sa a se sèl yon Gouvènman Sovtaj Nasyonal ki kapab adrese dividal pwoblèm kap sakaje peyi a. Se yon gouvènman ki granmoun tèt li ki ka bay tèt li kapasite pou adrese pwoblèm vyolans la e reprann kontwòl teritwa yo pou ayisyen ka rekòmanse sikile libelibè nan peyi a. Se yon gouvènman ki pap resevwa lòd nan men pèsonn ki kapab arete jije tout moun ki fè krim san ak krim finansye nan peyi a.
Se yon gouvènman ki pa gen zanno kay òfèv ki ka koumanse adrese pwoblèm grangou, mizè, chomaj, esklizyon ki frape majorite popilasyon an epi rann yo vilnerab pou tonbe nan gang. Se yon gouvènman fòs viv nasyon an pran san l, pran tan l pou chwazi ki ka òganize woumble nasyonal kap pèmèt sosyete defini yon leta ki osèvis sosyete a e se nan menm woumble sa a pou n deside kijan nap fè eleksyon souvrèn tout bon.
Nan moman an, sosyete a dwe bay tèt li kapasite pou dechouke trèt sa yo kap likide souverènte ak richès peyi a epi pran san l, pran tan l pou chwazi sitwayen ak sitwayèn ki konprann pwofondè kriz peyi a ap travèse a, moun ki konprann boulvèsman mond la ap viv la a, sila yo ki konprann tou ki Ayiti zansèt yo te vle konstui a pou mobilize tout konpetans anndan kou deyò peyi a pou devlope entèlijans ak kreyativite kap pèmèt jwenn estrateji inovant pou libere peyi a epi konstui Ayiti Granmoun ki ka asire byennèt kolektivite.
VIV YON PÈP LIB NAN YON PEYI GRANMOUN
SAVALOUWE !
Pòtoprens, 02 Septanm 2026
Pou Kòdinasyon Nasyonal KonTraPèpLa
Jean William Jeanty
Coordonnateur National

