Mathé Vladimir Estefano, politològ
Ayewopò Entènasyonal Pòtoprens lan pa resevwa vòl komèsyal entènasyonal depi janvye 2026, apre bandi ame te tire sou yon avyon ZED Airlines, nan dat 25 janvye 2026. Pou yon gwoup moun, se yon konplo ki ta enplike yon lòt konpayi avyon. Pou yon lòt gwoup, se Etazini ki ta fèmen ayewopò a pou konvèti l an baz militè pou atake Kiba. Pandanstan, konbyen moun ki poze kesyon sou wòl ak responsablite Leta ayisyen nan dosye sa a?
An 2026, majorite enfrastrikti kritik oswa aks estratejik Ayiti yo swa anba kontwòl, swa anba gwo enfliyans gang: pò, ayewopò, santral elektrik, depo petwòl, aks maritim, epi, pi resamman, gwo wout nasyonal yo.
Anpil nan enfrastrikti kritik sa yo twouve yo nan bidonvil kote se gang ki fè lalwa. Gen yon konsantrasyon trè enpòtan enfrastrikti sansib nan site solèy ak nan zòn imedyatman vwazin yo: pò, ayewopò, santral elektrik, depo petwòl, aks maritim ak gwo wout nasyonal. Kijan nou ka konprann Site Solèy gen tout enfrastrikti estratejik sa yo ladan l oswa nan anviwònman li, alòske sa fè lontan Leta ayisyen pèdi kontwòl zòn sa a?
Ayewopò Pòtoprens: Senbòl absans vizyon estratejik nan sekirite nasyonal
Si, selon ekriven Suzy Castor, se okipasyon amerikèn nan ane 1915 ki te kreye rasin pwosesis egzòd riral la ak santralizasyon iben ki te mennen nan bidonvilizasyon (Castor, 1971), se sou rejim Papa Doc la getoyizasyon Pòtoprens lan te vin pran tout fòm li nan fen ane 1950 yo. Ant kòmansman ane 1960 yo ak ane 1990 yo, pwosesis getoyizasyon an te vin akselere, pandan mizè ak povrete te vin militarize pa pouvwa politik yo. Kounye a, anpil nan zòn sa yo anba kontwòl oswa gwo enfliyans gang.
Jounen jodi a, an nou poze kesyon sa a: èske te janm gen yon estrateji sekirite nasyonal, yon plan pwoteksyon enfrastrikti kritik oswa yon plan kontinuite Leta pou anpeche peyi a rive nan sitiyasyon sa a? Èske elit dirijan nou yo te janm gen yon vrè pwojè nasyonal?
Nan tout Leta ki gen yon sistèm sekirite nasyonal solid, enfrastrikti kritik yo pa trete tankou espas òdinè. Yo klase selon nivo sansiblite yo, yo gen perimèt pwoteksyon ak kontwòl aksè, epi, pou kèk ladan yo, gen zòn ki entèdi pou sivil antre san otorizasyon.
Pou m fini, li enpòtan pou nou konnen ayewopò a pa fèmen ofisyèlman. Gouvènman ayisyen an, nan dat 10 desanm 2024, te anonse relouvèti li nan yon nòt ki te pote siyati Primati Repiblik Ayiti, apre yon lòt seri ensidan kote twa avyon konpayi ameriken te viktim atak bal yon mwa anvan, sa vle di 11 novanm menm ane a.
Men, reyalite a rete menm jan an: swa gang kontwole zòn ki antoure ayewopò a, swa yo gen gwo enfliyans sou li. Selon dènye rapò Nasyonzini yo, ant mas ak jiyè, gang yo te touye anviwon 613 moun epi blese 375 lòt nan zòn Site Solèy ak Plèn nan (Le Nouvelliste).
Toutotan anviwònman ayewopò a pa anba kontwòl efikas Leta, sa ka fè konpayi asirans yo konsidere risk la twò wo pou yo bay kouvèti. Sa vle di balon an toujou nan pye Leta ayisyen.
Èske nou dwe rann aktè prive oswa aktè entènasyonal responsab konsekans feblès Leta ayisyen? Dirije se prevwa. Bon gouvènans dwe chita sou transparans ak rezilta. Rejte responsabilite absans vòl entènasyonal yo nan ayewopò pòtoprens sou aktè ekstèn plis sanble ak bouk emisè, teyori konplo pou jistifye absans vizyon estratejik, iresponsabilite, enkonpetans ak zèfèyis yon pati nan elit dirijan yo. Misyon fondamantal nenpòt Leta endepandan se garanti souverènte peyi a, pwoteje entegrite teritoryal li epi asire sekirite sitwayen yo. Selon kèk sosyològ tankou Weber ak Norbert Elias, se Leta ki reklame epi enpoze monopòl vyolans fizik lejitim sou yon teritwa, pandan kapasite fiskal la se youn nan fondasyon pouvwa Leta.

