6 juillet 2026
FELmag ak Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, menm kabrit tomazo a
Actualités Culture Kreyòl

FELmag ak Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, menm kabrit tomazo a

Association FEL Caraïbes anonse sou rezo li yo gran lansman – vant 3èm nimewo FELmag, jedi 16 jiyè 2026 la, 11èAM – 1è, nan Direction Nationale du Livre, sou Wout Boudon an. Nan papye sila a, nou pote pou ou entegralite pawòl Anivince Jean Baptiste, prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, pou entwodui nouvo nimewo FELmag sa a ki pote plis pase 100 paj.  

« Toudabò, lè nou pale de Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, kisa sa charye ? » Se avèk kesyon sa a jounalis senyò Wendell Théodore te akeyi nou 3 desanm 2025 nan emisyon « Le Point », sou Radyo Tele «Metropole», nan menm jou lansman 7èm edisyon festival la nan Otèl Montana. Anivince : « Yonn nan premye sa ki moute nan tèt nou lè nou di Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se pozisyon santral Ayiti nan kreyolofoni an ». Yon repons konsa te vize, alapapòt, plase peyi Ayiti devan responsabilite istorik li genyen pou l dandevan nan tout dinamik pwomosyon lang ak literati kreyòl atravè lemond, presizeman nan rejyon Karayib la ak nan Oseyan endyen. Pi devan, nan emisyon an, mwen menm ak Gertrude Séjour ki se responsab Relasyon piblik FEL, te mize anpil sou nesesite yon solidarite pwodiktif nan mitan pèp kreyolofòn yo ki dwe jwe fò nan reyònman ak anrichisman lang kreyòl.

FELmag se pitit Festival Entènasyonal Literati Kreyòl. Sajès popilè a di « Fèy manman kabrit la manje se li menm li bay pitit li manje ». Ki fè, FELmag ap pyafe sou menm kadans « pou yon kreyolofoni solid e solidè a ».  Entansyon an se pou chak nimewo Magazin nan rasanble divès bèl tèt nan « kreyolofoni entènasyonal » la nan yon dinamik pou nou ranfòse tèt nou mityèlman kòm pèp kreyolopal ki pataje menm istwa doulè lesklavaj ak kolonizasyon. 

FELmag! Paske chak jenerasyon kominote kreyolofòn ak dyaspora yo gen devwa obligatwa pou yo fè devwa yo kòrèkteman anvè lang ak kilti kreyòl. Devwa sa a pou nou se yon travay memwa pou n pa bliye eritaj vital ak trezò zansèt yo sere – kite pou nou sèlman nan lang nou ak nan kilti nou. Devwa sa a pou nou se yon travay pwomosyon ak valorizasyon lang nou nan tout domèn konesans n ap feraye swa kòm : pwofesyonèl nan domèn jiridik, powèt, astwològ, sosyològ, enfòmatisyen, medsen, sikològ, mekanisyen, espirityalis, jounalis, atispent, matematisyen, fèwonye, bibliyotekè, desinatè, ebenis, potè, istoryen, kritik literè, kontab, èd menajè, pastè, komedyen, jewològ… Devwa sa a se devlope pi plis toujou yon kreyolofoni solid e solidè. Devwa sa a se selebre avèk fòs yon kreyolofoni syantifik ak yon kreyolofoni literè fètefouni. Devwa sa a se di tèt nou, nou menm ki nan Karayib la e menm sila  ki gen kreyòl kòm eritaj nan Oseyan endyen, nou yonn epi endivizib nan menm lojik Jean Casimir an.  

N ap remèsye chak pèsonalite ki pote kole pou soti nimewo sa a. Nan kè nou, nou keyi bèl rekòt remèsiman pou kontribitè nou yo, patenè nou yo,  lektè nou yo, resouzimèn nou yo. Epi pou gran bèl ekip FELmag la ki pèmèt nou avanse byen swa sou wout akouchman nimewo sa a. 

Anivince Jean Baptiste

Powèt, prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.