Pou mete plis koulè nan selebrasyon Mwa Lang ak Kilti Kreyòl nan mwa oktòb 2025 lan, nan Ayiti, vandredi 24 oktòb 2025, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) mete tèt ansanm ak Direksyon Nasyonal Liv (DNL) pou òganize yon Jounen Liv Kreyòl.
Anba tèm: « DNL ak AKA men nan men pou pwomosyon lang ak literati kreyòl”, aktivite a te rasanble Akademisyen, kreyolis, ekriven, mezon edisyon, dizè, komedyen ak gwoup mizik nan lokal DNL sou Bourdon(Pòtoprens), nan yon atmosfè lanmou, pataj, panse ak kreyativite.
Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an, Akademisyèn Rosilia François CORNEILLE, Mesye Ersnt SAINT-LOUIS, Direktè jeneral DNL, Marc EXAVIER, yo chak bò kote pa yo, te salye asistans lan epi voye felisitasyon pou bèl kolaborasyon sila ki sanble bab pou bab ak yon bèl boukè pwomès.
Nan mitan wonnsant lan, pou ede asistans lang pi byen konprann sans tèm selebrasyon mwa oktòb la, amenajman lengwistik, lang kreyòl nan edikasyon ak istorik selebrasyon jounen 28 oktòb la, kat (4) Akademisyen te prezante yon konferans espesyal. Se Sekretè Egzekitif AKA, Mesye Samuel JEAN-BAPTISTE ki te jwe wòl majòdjòl nan seyans sila. Konferansye yo se te Akademisyen Jean Grégory CALIXTE, Akademisyèn Marie Rodny LAURENT, Akademisyen Christophe Philippe CHARLES ak Akademisyen Jean Pauris JEAN-BAPTISTE… Konferansye yo fè prezantasyon wololoy.
De enstitisyon yo te pwofite okazyon an pou onore plizyè pèsonalite ak òganizasyon pou kontribisyon yo nan pwomosyon lang ak literati kreyòl ayisyen an: Éditions Freda, Akademisyèn Jocelyne Lévy TROUILLOT, Kopivit L’Action Sociale ak Akademisyen Jean Pauris JEAN-BAPTISTE.
Toujou nan lespri rekonesans ak valorizasyon, AKA ak DNL te lanse premye echantiyon Mize Panteyon Kreyòlis la, kote yo prezante plis pase dis (10) planch pou mete limyè sou kontribisyon yon dividal pèsonalite nan patrimwàn literè kreyòl la: Oswald DURAND, Georges SYLVAIN, Émile ROUMER, Félix MORISSEAU-LEROY, Frankétienne, Mercédès Foucard GUIGNARD (Deyita), Émile Célestin MÉGIE, Georges CASTERA, pou nou site sa yo sèlman.
Boutofen, gwoup mizikal « Matrouba » te pote yon animasyon wòdpòt pou te mete plis chalè nan jounen sila. Yon eksperyans ki fenk pran nesans, men ki gen tan pote fri.
Iléus PAPILLON




