M p ap di lanmou lanmèd
Li aprann mwen chimen foli
M p ap bay vag madichon poutèt soupi kèk vil
Se lanmè ki kenbe lanmò m toujou
M fèt ak yon pil zetwal nan men goch
M kache non m nan inosans lari
Tanpri solèy
Fè m sone rat pa mete woujalèv
Tout zwazo pote nyaj pa yo
M p ap chache rezon pou lorizon
Se demen m ap konnen
Nan konbyen powèm m mache deja
Pou m travèse tras sa nou pa te dwe bliye pliye
Mezanmi
M pa mele ak okenn syèl k ap prete dloje pou ponpe
M pa mele ak okenn lari k ap separe kriye timoun
M p ap di peyi a fou ankò
Nou gen dwa pou n fout fou
Monte pye atè sou tribin nasyonzini
Desinen pwomès nou vle
E alò…
Dat kapitalis ap fè twou nan rèv nou
Iléus PAPILLON