Moun ki manje kòb PetroCaribe, ak nèg kap vyole Konstitisyon peyi-a a ak tout gang teworis G9 ou Viv Ansanm patisipe byen fon nan destriksyon peyi-a
« Gang teworis yo ap detwi Ayiti« , ekri Anbasad Etazini nan peyi Dayiti nan yon nòt pou laprès, ki pibliye jodi vandredi-a.
Selon diplomat yo, « ki pa pale de gang a kravat ke ONU denonse tankou Michel Martelly kap viv trankilman Etatzini, e ke yo akize de mounn kap finanse teworis sa yo », daprè yon sitwayen nan dyaspora a, gang yo « tankou yon kansè, yap kraze kay ak katye yo, yo touye moun inosan, epi yo lakòz plis pase 1.3 milyon moun deplase kite kay yo. »
« Sekirite peyi Ayiti enpòtan pou Etazini. N ap travay avèk Ayisyen yo pou fè lapè ak sekirite retounen. Nou vle lapè. Gang teworis yo pa vle sa. »
Nap raple dapre yon enfòmasyon DCPJ, gen non Dr Louis-Gerald Gilles, yonn nan manm KPT a, ta sanble li gen pale anba chal ak kèk chèf gang. Epi ansyen majistra Arcahaie a, Rosemila Petit-Frère te konfye bay jounal Ayibo Post ke li te travay ak kèk gang pou te rive fasilite louvèti yon lopital nan yon zòn ke gang yo kontwole e se Primati ki ta mande’l pou fè sa.
