Wout lwen, gade laj
« Le génie » mizik ki plase an senkyèm pozisyon sou nouvo albòm TOBY ANBAKÈ a ki gen 11 mizik. Li se yon sous enèjetik ak rezilyans pou viv lavi menm lè li dezekilibre nan men w. Atis la demare konsa pou l di:
Mizik se tout sa m posede
Se tout pasyon m
M obsede
Men l s on pwazon
K ap ravaje tout andedan m (…)
Nan sèlman 5 premye vè pwezi sa yo ki tou kout la Toby fè parèt yon kantite emosyon ki gen nanm ak fondman. Li mete aksan sou jan mizik ka tounen yon pasyon moun nèt moun ka konsome. Se yon fòm konparezon, men tou gen plizyè lòt figi estil ki djeribosko yo anndan sèlman ti pati sa ki kanpe tou rèd pou reveye emosyon ak santiman lakay bon melomàn ki gen bon zòrèy ak sansibilite pou sa.
Li kout sevre, men li chaje ak sans. Itilizasyon mo tankou obsede ak pwazon pa t ka fouti moute chwal ade (a2) men atis la fè yo chita sou menm tab ap manje tankou lalin ak solèy ak yon fasilite nan tèks la. Li bay yon efè fò sou jan pasyon an ap devore li pandan li twouve li nan yon enkapasite pou li chwazi youn oubyen lòt, oswa kite mizik pou l pa mouri, oswa reziye li jwi pasyon an epi pou l mouri ak li. Enben, se egzakteman sa granmoun yo rele 2 pye pran nan yon grenn soulye a « dilemme ». Ay bondje!
N ap tounen talè nan nannan koze a, ann fè yon kout pye nan diferan figi estil ki gen nan 5 vè pwezi sa yo annatandan, byenke tout rès tèks la kolore ak figi estil wi, men n ap pran sa yo sèlman:
Nan tèks ou a, nou ka idantifye plizyè *figi estil* ki bay li plis fòs ak emosyon:
Metafò, Mizik se tout sa m posede; se tout pasyon m, mizik anreyalite pa yon objè fizik moun ka posede, men nan ka Toby a reprezantasyon mizik parèt kòm inik fòtin li gen sou tè a. Se yon metafò ki montre jan mizik la okipe tout plas nan lavi l;
Ipèbòl, se tout pasyon m, m obsede. La se kote atis la moutre nivo egzajerasyon li pou mete aksan sou fòs lanmou oswa atachman li genyen pou mizik la;
Antitèz, Men l s on pwazon k ap ravaje tout andedan m. La gen yon mezantant oubyen yon opozisyon tèt chaje ant lanmou (pasyon) ak destriksyon (pwazon). Se tout yon veritab konfli ki egziste anndan atis la, sa ki ta ka menm lakoz yon depresyon lakay li paske li pa anmezi pou li fè ekilib la podjab. Gad on doulè!
Pèsonifikasyon figi estil sa soti tou piti, se nan pati sa: K ap ravaje tout andedan m. Li bay mizik la yon pouvwa aji tankou yon moun oswa yon bagay vivan k ap ravaje andedan li oubyen k ap fè yon vyolans sou li kote li pa gen ase kapasite pou l defann tèt li.
La ankò Toby plonje nou tèt drèt nan chimen espiral la gran ekriven Ayisyen ki rele Franck Etienne konn ponn ak fasilite nan diferan zèv li yo. Misye moutre nan yon premye moman kote l di mizik ba l anpil lènmi, medam yo plonje sou li, yo pran l pou gwo chantè, men lè li pran Réginald Cangé kòm miwa pou l gade tèt li, li kuipe epi l di: m pa fout mèd vre kòm atis! LOL
Se sa k lakoz ki fè l di pa mele l, pa mete l nan zen (Zin) li pa Cavé. Delote l tanpri souple pami gwo chantè isit, se menm jan yon dam bò lakay la konn ap di lè yon lòt anvi mete lu nan yon zen: evite m wi gwo moun Pòtpe mete m atè tanpri, m pa gen kikit pou m moute komisagya a. Pati sa tou fè parèt yon nivo imilite ak modesti lakay Toby. Poutan nan yon dezyèm moman kote ezitasyon an pral fèt li di l s on jeni. Kèk moun ta ka gade sa kòm yon kontradiksyon, men non se vire atis la ap vire nan sèk espiral la menm pou nou ouvri konpreyansyon nou sou sans ak kalite tèks la jis pou n rive di n pa konprann anyen pi rèd. Bon li s on jeni!
Èske tou lè l di l se yon jeni an li pa plase tèt li pi wo menm pase Cangé tou? Kote se mwen ki ta gen gwo repons sa? Ki mwen!
Dayè ze a ap kouve lontan.
Toby moutre nou nan tèks la li se modèl tèt li, delote li nan lo nou paske l s on jeni paske se batman kè l li suiv pou l satifè dezi li lè l pa jwenn kik ki pou fè amonizasyon ak lòt enstriman mizikal k ap jwe yo pou fè bon amonizasyon demen ak desten li. Nou ka remake yon koneksyon dirèk ant atis la ak lespri k ap gide l yo, yon komennakò ant li ak entuisyon li pou mennen li nan chak nouvo wout l ap pran, nan chak pa l ap fè paske l wè gen yon ekip moun k ap benyen nan yon « dissonance cognitive » se sa k fè Tilinèt li menm se sèlman gwo linèt li mete. Moun k ap pwojte yon imaj oubyen k ap pote yon diskou, poutan aksyon yo diferan. Atis la di gen nesesite pou nou rete vrè, koyeran epi otantik. Tankou Og Mandino di nou nan « le mémorandum de dieu : sois toi même, n’imite personne… »
Li pa prese, li pito mize nan wout pou l pote bon nouvèl, pa konte l pami moun k ap chache atansyon ni atis k ap kreye bòz pou yo rete sou map la.
Li pa sanble ak okenn rapè sitou sila ki di yo se wa tè.
Si tout moun te nan plas yo t ap gen plas pou tout moun. « Punchline » sa konsidere kòm yon bawomèt pou mezire degre dezekilib reyalite sosyopolitik peyi Ayiti. Se kòmsi nou pa pran tan nou pou n ranje blòk yo pou kay la fèt, nou jis voye pil sou pil epi n vide beton sou yo, se lojik pou kay la pa ka kay. Toby souliye nou gen yon sosyete ki pa trete moun ak ekite, men pito se sila ki kapab ki ka sove ak sila yo ki gen parenn ak marenn menm si fiyèl pa t pase devan okenn pè oubyen pastè pou resevwa benediksyon nòmalman. Sosyete miwo miba, politik de grenn gòch.
Wout mwen an long si w wè m poko rive se paske m pral pi lwen pase w.
Wout mwen pa kout, li pa dwat non plis, li chaje pikan kwannan.
Men chak pa mwen fè se grenn flanm ki limen nan fè nwa.
Si ou wè m poko rive, pa panike,
Se paske m vize kote pye pa janm rive.
Mwen gen rèl pa m, vwa pa m, fanmiy pa m,
M pa bezwen lanmou tout moun pou m egziste.
M chwazi verite m olye fo apwobasyon,
M pa vin jwe wòl, mwen se yon kreyati inik epi otantik, mwen vrè, m pa fo.
M kanpe dwat nan sant lan, san pretansyon,
Men si m fè djòlè, se paske m se vizyon.
M konn jwèt la, m domine tout kwen teren an,
Se pa flannè m ap fè sou teren an, m se Zidane, m ret tèt frèt, men ak grandè epi rèv k ap reve.
Boutofen, Toby moutre li gen vizyon, endepandans ak kapasite pou li pwodui yon zèv mizikal ki chaje richès, lavi, koulè ak mezi mizikalite posib.
Se « Punchline » yo ki melanje lògèy pozitif ak afimasyon pèsonèl li, estil tipik yon rap konsyans ak ak estim.
M pa deplase pyon m pou pèsonn
Fòk jeni an pase lwil (…)
M sonje li
M s on jeni
Jamesky Jeanty, Rèldouvanjou.