Iléus PAPILLON
Prezidan Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d’Haïti
Se yon bon nouvèl pou tout kreyolis, kreyatè, militan lang ak kilti ayisyen an, epi pou tout moun ki kwè nan valè lang kreyòl la kòm zouti lespwa ak lyen sosyal. Lang kreyòl la, ki se senbòl idantite pèp ayisyen an, kontinye simaye limyè li pi lwen pase fwontyè Ayiti, gras ak jefò militan angaje tankou Charlot JOCELYN, yon sitwayen ayisyen ki soti nan vil Pòmago, nan Nò istorik Ayiti.
Depi kèk tan, Pwofesè Charlot JOCELYN, yon Ayisyen pasyone de edikasyon, idantite ak kilti ayisyen an, ap anseye kreyòl ayisyen nan Universidad Católica Tecnológica de Barahona (UCATEBA), yon enstitisyon siperyè ki chita nan sid Repiblik Dominikèn. Men sa ki fè inisyativ sa depase yon senp kou lang : se paske se pa sèlman pale ak ekri kreyòl pwofesè Charlot ap anseye, men pwofesè a ap louvri lespri elèv dominiken yo sou literati ayisyèn nan tou, sou kreyatè nou yo, sou lespri kreyatif pèp ayisyen an.
Nan klas li yo, elèv yo ap dekouvri otè kreyòl, powèt ak ekriven ki mete kreyòl la nan mitan refleksyon yo sou sosyete, memwa ak kilti ayisyen an. Se yon bèl pon ki konstwi ant de pèp ki, malgre istwa difisil yo, gen anpil bagay yo ka pataje sou plan imanitè, sosyal ak kiltirèl.
Sa fè nou sonje pwojè « Zile a / La Isla », an 2017, yon inisyativ literè ki te mete 40 powèt ayisyen ak dominiken ansanm nan yon liv kolektif yo te ekri an kreyòl ak an espanyòl. Zanmi nou, Iléus PAPILLON se yonn nan otè zèv sila. Liv sa te eseye trase yon lòt lyen ki pa fèt ak wòch ni fil babele, men ak mo, imajinasyon, lespri ak espwa.
Jodi a, se twa pwofesè ki mete men pou bay kou sa yo nan UCATEBA:
– Charlot JOCELYN,
– Pè Edvard JEUDY,
– Pè Nico SAINT-LOUIS,
twa Ayisyen angaje k ap pote flanm kreyòl la vivan nan peyi vwazen an.
Se pa ti jefò. Se pa ti jès. Se yon jefò istorik, kiltirèl ki merite tout respè ak ankourajman.
Se pou sa n ap di Pwofesè Charlot JOCELYN, atchaba!
Iléus PAPILLON
Ekriven | Kreyolis
Prezantatè emisyon N AP LI

