17 avril 2025 la te fè 200 lane depi boujwa ak leta fransè, nan kòkòday ak klas dominan ann Ayiti te fòse pèp Ayisyen an peye yon ranson pou dedomaje esklavajis yo epi fè ayiti tounen yon koloni komèsyal pou Lafrans.
Nan okazyon komemorasyon sa a, Leta fransè rekonèt ofisyèlman dèt la lè l fòme yon komisyon. San l pa pale sou ajanda restitisyon ak reparasyon an, li fèmen zafè dèt 1825 lan nan yon komisyon zonbi.
Nan kontèks sa a kote klas dominan ak Leta ayisyen ap fè kòkòday ak gang pou kenbe klas travayè ak popilè yo ajenou, li enpòtan pou montre aklè piwèt kèk aktè ap fè nan dosye restitisyon ak reparasyon lajan ranson 1825 la. Yon pa, plizyè entelektyèl ap defann lide restitisyon an kòm yon zafè konpasyon. Kòmkwa se ta jis yon zafè responsabilite moral pou Lafrans jwenn yon antant ak Ayiti. Yo pa swete batay pou restitisyon ak reparasyon vin batay klas popilè yo.
Yon lòt seri group menm fè petisyon pou montre se yon zafè diyite pou lafrans ak Ayiti negosye pou fèmen dosye an ak yon ti antant nan koulis san bri san kont. Nan nivo dirijan politik yo menm, se yon sèl tandans ki ap domine depi ane 2000 yo. Se mande Lafrans pou remèt lajan ranson 1825 la epi dedomaje Ayiti, pandan nan politik k ap aplike nan peyi a, yo kenbe mas yo ajenou. Nou te jwenn pratik sa a nan pouvwa Jean Bertrand Aristide. Se te premye prezidan ki te fè yon kanpay sou restitisyon an pandan li tap aplike politik neyoliberal pou soumèt peyi a anba bòt ekonomik ak politik pisans enperyalis yo ak ajans transnasyonal tankou bank mondyal, BID ak FMI.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT) reprann menm pratik sa a menm lè yo pi timid. Konseye prezidansyèl Camille Leblanc te mande Lafrans peye lajan restitisyon ranson 1825 la nan LONI an 2024 la. Konseye prezidansyèl Lesli Voltaire ak Fritz Jean fè demand lan tou an chatpent. Men yo tout kontinye kenbe peyi a nan soumisyon peyi enperyalis nan aplike politik mande toupatou pandan yo ap piye kès leta. Se bank mondyal, FMI ak BID ki dikte yo sa pou yo fè nan tout domèn. Pratik soumisyon an rive tèlman lwen, pandan gang ap anfale pifo teritwa peyi a epi ap masakre moun nan klas popilè yo pa makonn, Se bayè ajans entènasyonal yo ki ap mande pou LETA Ayisyen fè yon plan sekirite pou konbat gang! Kidonk se pwopagann ki genyen sou zafè sekirite a, Leta Ayisyen pa gen yon plan pou retabli sekrite kap aplike.
Nan Koupe Fache, nou denonse kòkòday klas dominan ak Leta antipopilè Ayisyen an ki toujou antann yo pou livre fòs travay pèp Ayisyen a bon mache bay boujwazi finansye entènasyonal la depi 1825. Nou denonse tout entèlektyèl k ap defann pwojè sa a anbachal nan kenbe dosye a nan koulis. Batay pou restitisyon ak reparasyon san kondisyon se batay klas popilè Ayisyen li ye ak sipò lòt pèp domine yo. Se yon batay pou egzije remèt lajan an san manke yon yota ak tout enterè. Batay kont ranson an pou restitisyon ak reparasyon an dwe mennen andedan batay pou kapote leta boujwa Ayisyen an ki ap kenbe mas popilè yo ajenou, epi ki ap piye trezò piblik la ak eksplwate travayè depi plis pase 200 lane. Se an menm tan tou yon batay pou mete kanpe yon lòt kalite leta, yon leta popilè ki rele mas popilè yo chèmèt chèmetrès.
Nou pa dwe benyen nan ilizyon dwa entènasyonal la ki anba lòd puisans enperyalis yo. Pandan n ap afime dwa mas popilè yo jwenn reparasyon ranson dèt lendepandans lan, nou dwe gade batay sa a ak je klè. Se solidarite ant mas popilè yo nan nivo entènasyonal ki motè demach pou mas popilè yo jwenn jistis tout bon vre. Se sa ki ka pèmèt mas popilè yo konstwi fòs nesesè pou rache restitisyon ak reparasyon nan men enperyalis yo.
Raoul Gérard

