6 octobre 2025
Ayiti – Boykotaj Radyo Kiskeya : Marvel Dandin ekri 2 konseye-prezidan nan KPT a
Actualités Presse Société

Ayiti – Boykotaj Radyo Kiskeya : Marvel Dandin ekri 2 konseye-prezidan nan KPT a

Boykotaj Radyo Kiskeya : Marvel Dandin ekri 2 konseye-prezidan

Bonswa Konseye Prezidan Leslie Voltaire, bonswa Konseye Prezidan Fritz Jean.

Kòm Direktè Jeneral Radyo Tele Kiskeya, map mete nou okouran Sèvis Près Prezidans lan toujou kontinye ap bòykote Radyo Tele Kiskeya, ansanm ak plizyè lòt medya.

Pou seremoni pou remèt pwojè nouvo Konstitisyon an, kap fèt jodi mèkredi 21 Me 2025 la nan Villa d’Accueil, yo pa envite nou. Lèn kontakte Sèvis Près prezidans la, Madam Ketia Marcellus fèn konnen nou pa bezwen vini, si Kiskeya prezante yo pap kitel antre paske se 5 medya sèlman yo seleksyone, ladan yo TNH, Ginen, Pacific.

Se yon gwo derespektan pou batay ki mennen nan peyi sa a pou libète laprès. Kiskeya se youn nan poto mitan batay sa a.

Mwen pa ta vle kwè moun tankou nou, menm lè gen medya ki fè kritik sou jan bagay yo ap mal pase nan peyi a, nou ta dèyè mòd dispozisyon konsa kont laprès.

Se pa premye fwa yo kwape Kiskeya nan kouvèti evenman ofisyèl. Sa ki pi grav ankò pou nou se lè, akòz relasyon istorik ant nou menm ak omwens nou 2 a ki nan KPT a, ansanm ak Konseye Prezidan Edgard Leblanc Fils, anpil moun toujou prezante nou kòm alye natirèl Kiskeya. 

Kidonk, si nou pa konsène nan sa ki fèt la, nan sa kap fèt kont medya yo, pami yo Kiskeya, fè sa nou gen poun fè.

Nou menm, anvan nou pote kesyon an fòmèlman devan asosyasyon nou fè pati a, ANMH, nap denonse sa ofisyèlman, jan nou abitye fè sa kont tout gouvènman ki sòti pou pase dwa nou ak dwa laprès an jeneral anba pye. 

Se dwa Radyo Tele Kiskeya poul kritik. Sa pa dwe otorize pèsonn retire dwa li pou kouvri evenman ofisyèl.

Mwen espere nap byen resevwa mesaj la epi, si nou pat okouran, na fè sa ki nesesè.

Pòtoprens, mèkredi 21 Me 2025.

Marvel Dandin

Direktè Jeneral Radyo Tele Kiskeya.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.