25 septembre 2025
Rektè Fritz Deshommes pase mayèt Inivèsite Leta bay yon nouvo Konsèy Egzekitif
Actualités Kreyòl Société

Rektè Fritz Deshommes pase mayèt Inivèsite Leta bay yon nouvo Konsèy Egzekitif

19 mas 2025

Pou m kòmanse, ban m di jan m kontan remèt mayèt Inivèsite Leta a bay yon nouvo Konsèy Egzekitif. 

M ap pwofite voye yon chay konpliman pou touletwa (3)  dirijan tou nèf k ap pran tèt Inivèsite nou an, a pati jounen jodia, 19 mas 2025. Mwen swete yo reyisi nan tout pwojè , tout lide yo genyen pou fè UEH la vanse.

Bèl Konpliman tou pou manm  Komisyon Elektoral Santral yo ki rive reyalize eleksyon yo. Nou konnen l pa t fasil. Komisyon an te blije mete nan balans lan tout sa l genyen kòm kouraj, kòm fèmte, kòm konpetans. Prezidan Walex Pierre, chapo ba pou lidèchip ak sans responsablite ou. 

Lè m te ranpote premye eleksyon nan Rektora a nan lane 2002 pou pòs VisRektè Rechèch, mwen te angaje m pou  4 lane. Mwen pa t janm panse nan lane 2025, apre 23 zan, mwen t ap la toujou. Lè sa a mwen te deja genyen plis pase 25 an ap travay pou Leta nan divès enstitisyon tankou  Administrasyon Jeneral Dwan, Ministè Finans, Komisyon Nasyonal pou Refòm Administrativ,  elatriye.

Si m rive pase tout tan sa a, se paske pèsonèl Rektora a te ban m yon kolaborasyon djanm, lwayal, konpetan. Pandan 23 lane sa yo, nou wè, nou pase, nou fè,  nou sibi,  ansanm anpil evènman. Ansanm, nou te gen bon jou, nou te gen move jou. Nou te vin tankou yon fanmi. E si n te gen opòtinite travèse divès pasdlo, jwenn bout anpil peripesi,  jis nou ta rive bay kèk rezilta pozitif, se paske pèsonèl Rektora a te pote kole kòmsadwa.

Jodia, nou vin di tout manm pèsonèl la – Direktè, Asistan Direktè, chèf sèvis, Assistant, Sekretè, chèf Seksyon, mesaje, gadyen, sekirite, menajè,  pwofesyonel divès kategori, divès nivo – yon gwo mèsi. Yon mèsi ki soti nan fon kè m.

Se  menm kolaborasyon sa a, mwen mande n pou n bay nouvo Konsèy Egzekitif la pou nou kontinye mete Inivèsite nou  an sou wout limyè ak ekselans akademik.

Yon chay remèsiman pou tout dwayen ak responsab antite nou yo,  pou tout pèsonèl akademik, pèsonèl, teknik, pèsonèl administratif UEH la nan tout peyi a k ap fè tou sa yo kapab pou yo kenbe Inivèsite a doubout malgre jan nou konnen sitiyasyon an malouk. San nou pa bliye  etidyan yo ki se premye preyokipasyon tout dirijan,  dekwa pou nou ka asire pi byen demen peyi a ak demen pa nou.

Mwen gen yon dèt espesyal vizavi Konsèy Inivèsite a ki te fè m konfyans nan senk (5) eleksyon, twa (3) kòm VisRektè Rechèch, 2 kòm Rektè. Pandan m ap di yo mèsi, mwen vle fè  yo konnen mwen te chache fè tou sa m kapab pou m pa gaspiye konfyans yo. E m ap tou anonse nou fenk pibliye yon dokiman ki ranmase tout rezolisyon Konsèy la adopte depi lane 1992 jouk jounen jodia. Li rele: “ Recueil des Résolutions du Conseil de l’Université d’Etat d’Haiti (1992-2025)”.  Dokiman sa a ap pèmèt nou mezire kokenn chenn travay  Konsèy la reyalize pou l pèmèt  Inivèsite a rete  nan bon chimen. Se konsa nou chwazi rann  enstans ki pi wo nan Enstitisyon nou an yon omaj li merite edmi twa ka.

Mwen pa ka bliye lòt kòlèg nan Konsèy Egzekitif mwen t ap dirije a. Se yo menm ki kenbe Rektora a depi mwa novanm 2024 la,   pandan m te  – e m toujou – bloke aletranje. Mèsi VisRektè Poincy, Mèsi VisRektè Blaise. 

Pèmèt mwen di yo mo espesyal pou:

  •  Manm kabinè m yo;
  • Manm sekretarya m  yo;

Devan kouray yo, lwayote yo, konpetans yo, jenewozite yo, mwen koube m byen ba, ak anpil gratitid.

Mwen pa ka  bliye premye kote k te akeyi m nan Rektora a. Se te  Biwo VisRektè Rechèch la. Yon mèsi espesyal pou yo tou. 

Mwen dwe yon mèsi espesyal tou – pi espesyal toujou – pou antite pwovens nou yo. Nan Jakmèl, Okay, Podepè, nan Gonayiv sitou, sa te rèd anpil. Kriz sou kriz.  Nou konsidere nou te  gen anpil  chans jwenn sipò  plizyè pèsonalite, plizyè notab, plizyè akademik ak pwofesyonèl  wòtpòt nan vil sa yo ki te rive privilejye lanmou yo gen pou vil yo, pou jenès la ak pou Inivèsite a pou yo vin  bay kout men pa yo –  swa kòm dirijan, swa kòm manm konsèy konsiltatif, swa kòm konseye benevòl – pou ede n relve gwo defi Lekòl sa yo te poze. Nan anpil ka,  se gwo sakrifis anpil nan yo te  konsanti.    Anpil nan yo,  nou pa konnen yo, nou pa janm rankontre yo. Men y ap fè yon travay ekstwòdinè, ak zong yo, san anpil mwayen. Sou kesyon mwayen an, se menm ka tou pou Ench, Fò Libète, Okap  ki toujou kenbe djanm. Pou yo tout, pou tout direktè, tout pèsonèl, tout pwofesè Lekòl pwovens nou yo, yon gwo kout chapo. 

Nou sonje nan mwa fevriye a, mwen te gen okazyon distribye kèk plak Onè ak Merit bay plizyè manm kominote a : manm pèsonèl Rektora a, manm pèsonèl Inivèsite a, dwayen, manm Konsèy Inivèsite,  pwofesè, etidyan, Potoprens tankou pwovens. Se yon konfesyon mwen vle fè nou: se je wont je ki fè m pa t distribye plis plak. Pou jan m gen dèt vizavi kominote UEH la. Pou jan m santi m gen rekonesans ak gratitid nan kè m pou anpil anpil lòt manm kominote a.

Fòk mwen rekonèt tou, nan dewoulman manda m nan, nou pa t pou kont nou. Nou te rive devlope patenarya ak anpil Inivèsite, anpil asosyasyon Inivèsite.  Anplis patnè tradisyonel yo  tankou AUF, ARES-CCD, nou te rive tabli bon jan relasyon ak :

  • KAIROS;
  • CLACSO;
  • UDUALC;
  • Caribbean Universities
  • RESCIF:
  • RED CLARA
  • Elatriye 

Nou vle di yo tout yo gwo mèsi pou solidarite ak anpati  yo manifeste vizavi UEH.

Mèsi tou pou tout Ministè, tout biwo Leta ki te siyen Pwotokol ak nou. Mèsi tou pou patnè kominote entenasyonal la tankou PNUD, UNESCO, FNUAP, AECID, UE, plizyè Anbasad, mèsi pou Kellog Foundation, elatriye.

Nou deja ekri pifò nan patnè sa yo pou nou di yo mèsi epi pou nou mande  yo kontinye potekole ak inivèsite a anba lidechip nouvo responsab yo.

Nou rekonèt nouvo Konsèy Egzekitif la pran tèt Inivèsite a nan yon moman difisil. Anpil Fakilte blije kite lokal yo. Anpil lòt anba gwo menas. Majorite nan yo pa ka fonksyone kòmsadwa. Konsèy la pral gen pou l leve anpil defi.

Jodia ankò, n ap mande Leta a pou l voye je gade Inivèsite a, Inivèsite l la, Inivèsite Leta a. Tande rèl nouvo dirijan yo. Se okazyon pou n redi yon verite nou tout konnen, ki valab pou tout peyi: Plis Inivèsite Leta a djanm, se plis Leta a ka djanm. Se plis peyi a ka djanm. 

Men nou konnen tou, malgre difikilte, malgre pwoblèm, toujou gen plas pou lespwa. Toujou gen zouti pou batay.

Nan sans sa a, gen plizyè chantye ki deja pare pou pèmèt nouvo Konsèy la  jwenn levye pou l fè inivèsite a vanse.

Premye chantye a se chantye bidjè Inivèsite a. Konsèy Egzekitif mwen t ap dirije a te rive negosye yon bon ogmantasyon nan denye bidje Leta a, ni pou salè, ni pou fonksyonman. Inivèsite a te gen lontan li pa t jwenn nivo ogmantasyon sa a. Nou te prefere kite lajan sa a pou nouvo  alatèt yo,  dekwa pou yo jwenn resous pou yo aplike pwogram yo. Yonn nan angajman nou te pran lè n t ap negosye ogmantasyon bidje a,  se ogmante montan  kat debi inivèsite a bay anplwaye l yo. Nou sèten angajman sa a ap respekte lè Konsèy Inivèsite a ap separe  bidje 2024-2025 lan. Direksyon Resous Zimen nan gen tan prepare yon pwopozisyon nan sans sa a.

Lòt chantye ki bay lespwa, se chantye RadioTelevizyon Inivèsite Leta a. Inivèsite a preske pare pou l konkretize Pwotokòl li te siyen ak TNH la  nan dat 7 out 2023.  Materyèl  yo deja achte. Nou pi pre pase n pi lwen sou dosye sa a.

Nouvo dirijan yo ap jwenn divès  lòt zouti pou leve defi k ap tann  yo. Nou ka site:

  • Dokiman Rezolisyon konsansyèl Eta Jenewo Inivèsite a, ki bay oryantasyon tout kominote a deside pou UEH la pran nan tout domèn;
  • Dokiman pwopozisyon Lwa Oganik Eta Jenewo yo te komandite epi Konsèy la te mande pou pote kèk  koreksyon;
  • Dokiman Plan Devlopman Inivèsite a pou 10 lane;
  • Dokiman Plan Kontenjans Inivèsite a te prepare apre katastwòf ki mete plizyè fakilte plat a tè;
  • Dokiman plan reyabilitasyon Kanpis Limonad la yo  te ban nou ak anpil defo fabrik nou te kòmanse konstate  depi premye jou kanpis la t ap inogire;
  • Dokiman dyagnostik ak rekomandasyon Inivèsite a te mande IGF (Enspeksyon Jeneral Finans) prepare pou l rive fonksyone pi byen sou plan administrasyon, finans ak gouvenans.  An nou raple IGF pare pou l akonpaye UEH la nan aplikasyon rekomandasyon yo. Se yon avantaj bab e moustach.  Se IGF la ki te ede UEH jwenn resous nan men Ministè Finans pou l ogmante kat montan kat debi a sou 2 lane: 2023-2024, 2024-2025.

Ban m anonse nou yon bon nouvèl ki fenk tonbe pou UEH la. Nou fenk jwenn yon dènye manifestasyon solidarite nan men AUF k ap kite peyi a. Se yè maten mwen resevwa yon lèt ofisyèl Direktè AUF la ki konfime konvèsasyon m te genyen sa fè de (2) semèn ak VisRektè AUF la. Se li ki  te anonse m desizyon Rektè AUF te pran anfavè UEH la pou fè UEH la kado materyèl ak ekipman AUF t ap sèvi nan Biwo Ayiti a.  Se nouvo Konsèy la k ap gen pou l resevwa materyèl sa yo. Yon kokenn chenn mesi pou Rektè  a, Mesye Slim Khalbous, VisRektè a, Mesye Abderrahmane Rida ak Direktè Rejyonal  AUF la, Mesye Marcio Venicio Barbosa. An nou sonje UEH se premye patnè AUF ann Ayiti ak nan Karayib la;  epi  lè AUF te fenk tabli an n Ayiti, se UEH la ki te resevwa l.

Gen de (2) gwo chantye nouvo Konsèy la ka tabli sou yo nètalkole pou mete UEH la ak tout sosyete a nan yon lot nivo. Se chantye RENES ak chantye Reparasyon – Restitisyon.

RENES se Rezo Nasyonal Ansèyman Siperyè Piblik Ayisyen UEH la ak UPR yo te kreye pou pèmèt sistèm piblik anseyman siperyè a pran plas li merite nan peyi d Ayiti,  dekwa pou se merit ak talan ki krite fondalnatal pou tout moun jwenn plas nan Inivèsite an n Ayiti, selon sa Konsititisyon 1987 la prevwa. RENES se yon gwo levye ki ka ankouraje Leta ak sosyete a  bay tout Inivèsite ak Lekòl Siperyè Piblik yo plis enpotans, plis espas, plis konsiderasyon. Se Rektè UEH la ki prezidan l konnye a.

Kanta pou dosye Restitisyon ak Reparasyon an, se tout sosyete a ki gen UEH rekonesans dèske l remete dosye sa a nan aktyalite. Epi nou kontan anonse ki jan 2 dènye dosye sa yo makonnen. Nan okazyon ane  200 zan Ranson Endependans lan, ki te tabli nan dat 17 avril 1825,  UPR yo ak UEH la ap met tèt yo ansanm pou oganize  yon seri manifestasyon pou nou gade ki jan nou ka rive fè peyi Lafrans remèt lajan Dèt – padon ranson –   Endependans lan.

An palan de restitisyon, èske nou pa ka tou pwofite anonse, raple, Komite Nasyonal Ayisyen an pou Restitisyon ak Reparasyon an (CNHRR) mete deyò yon petisyon pou nou rive  montre se tout peyi a k ap  reklame restitisyon an. Imajine nou ta rive kolekte yon milyon siyati nan peyi d Ayiti, nan dyapora a ak nan men kèk etranje tou !!!. Se pou sa li ta bon pou tout kominote UEH la ta pote kole nan  kesyon sa a epi mache sansiblize tout lòt kominote,  anndan tankou deyo peyi a. Etidyan UEH, Pwofesè UEH, pèsonèl UEH, dirijan UEH nan tout peyi a,  koz restitisyon an se koz nou tout. Ranmase petisyon an, fè l mache, ba l jarèt. Se nou ki pou pote limyè pou sosyete nou an nan defann tout bèl koz ki ka ede peyi  nou an  ak Inivèsite nou an vanse pou pi devan.

Mezanmi pawòl la komanse twò long. Yon dènye mo pou n fini.

 Pa bliye Lekòl ak Fakilte pwovens yo ki gen anpil potansyèl, anpil pwomès. Epi, gwo kriz ki te eklate ant Rektora a ak Lekòl Dwa Gonayiv la se yon egzanp ki montre nou nesesite pou nou pi pwòch Lekòl pwovens yo, pou nou ba yo plis enpòtans, plis resous, plis konsiderasyon, tankou rezolisyon konsansyèl Etajenewo yo mande sa.

Pou nou fini toutbon, se avèk anpil kè kontan,  nan kè poze ak nan lanmou, Konsèy Egzekitif mwen t ap dirije a transmèt flanbo a bay  nouvo Konsèy Egzekitif la . Nou swete yo  anpil siksè nan misyon yo.

Mèsi, mèsi, mèsi anpil anpil anpil. 

19 mas 2025

Fritz Deshommes

Rektè

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.