Pandan kriminèl asasen ap ansèkle epi trangle kapital peyi a, KPT, primati, lapolis, epi fòs polis miltinasyonal yo montre yo tout enkapab pou bloke avansman gang teworis asasen kriminèl yo, alewè pou elimine yo. Chak mwa se plizyè santèn viktim ki tonbe anba bal asasen yo, se plizyè milye moun ki blije kouri kite kay ak katye yo. Gen plis pase yon milyon refijye entèn ann Ayiti. Se nan menm moman sa a, administrasyon meriken Donald Trump lan ap pimpe refijye tounen ann Ayiti pi rèd pandan y ap koupe nan fon fòs polis miltinasyonal la epi y ap elimine fon USAID yo.
Anfas tout kalite pèsekisyon sa yo anpil moun santi yo dezanpare. Yo pa konn ki sen pou priye ankò. Se w GWO DEFI. Yon lòt lokipasyon LONI, referandòm malatchong ak eleksyon fo mamit, pike kole se remèd chwal sa yo, entènasyonal la pare pou nou nan tan kap vini la yo. Lan kad sa a, kijan èske nou dwe konprann sa yo rele « asistans entènaysonal la? »
Pou nou konprann sa yo rele « asistans entènasyonal la, » fòk nou mande tèt nou, « kijan fè peyi a rive nan sitiyasyon li ye jounen jodi a malgre tout swadizan asistans entènasyonal sa yo? »
Ann fè yon koudèy sou listwa:
Depi lendepandans, tout gwo puisans entènasyonal yo te bòykote Ayiti.
Ak konplisite entènasyonal, Lafrans te fòse Ayiti dedomaje ansyen kolon yo ak dèt ranson lendepandans lan ki te bloke devlopman nasyonal la…
1915-34: lokipasyon enperyalis meriken ak konplisite klas dirijan antinasyonal yo kontinye souse richès peyi a. Meriken te vòlò rezèv lò peyi a, li mete yon konstitisyon popetwèl pou fè dappiyanp sou tè peyizan,
epi lajan ladwàn. Yo devalye goud lan, yo remete kòve, yo masakre 2% nan peyizan yo, elatriye…
Apre lokipasyon 19 lane a, meriken mete sou pye yon lame. Wòl lame sa a se te pwoteje enterè gwo konpayi meriken nan peyi a. Se konsa nan lane 1940 yo, konpayi meriken, SHADA, vin tabli kò li nan peyi a. Li met men sou 10 000 karo tè pou pi piti. Li plante plant kawotchou ak pit lame meriken te bezwen nan 2èm Gè enperyalis mondyal la. Se nan konsa yon pil ak pakèt peyizan te pèdi tè yo. Anpil nan peyizan sa yo te oblije ale nan peyi panyòl tankou Repiblik dominikèn ak Kiba pou yo al vann fòs kouraj yo nan konpayi sik meriken.
1957-1986: diktati Divalye a te blayi kò li sou peyi a. Sou pretèks li tap konbat kominis, gouvènman Divalye a kraze brize tout òganizasyon popilè, arete, netralize, baboukete, ekzile oubyen touye tout moun ki t ap batay pou chanjman. Gwo zouzoun/granmanjè nan Leta yo, boujwazi biwokratik la, te pwofite ranpli pòch yo. Tout enstitisyon Leta yo te tounen pwopriyete prive yo.
Se nan kad sa a, USAID rantre nan peyi a. Sou pretèks pou li vin ede peyi a devlope, wòl veritab USAID se te ranfòse dominasyon meriken sou peyi a. Pou vegle je moun, li mete kèk sèvis sosyal sou pye, tankou distribisyon manje sinistre, kantin, vaksen, elatrye. Sèvis sa yo, se sèvis Leta ayisyen ta dwe bay nòmalman tankou tout Leta k ap travay pou byenèt popilasyon an. Men kòm meriken ak tout boujwazi a pa vle yon Leta ki gen nan pwogram li pwoteje popilasyon an ak bay sèvis, yo prefere yon òganis kankou USAID, ak tout kolonn ONG yo (apeprè 10 mil ann Ayiti), vin fè lacharite.
USAID se yon zouti dominasyon enperyalis meriken. Gouvènman meriken rele USAID yon aparèy pou aplike « Soft Power» ki vle di yon aparèy pou « Aplikasyon Fòs ak Souplès. » Andotre tèm, se aplikasyon yon politik « Rat Mòde Soufle! » Veritab wòl USAID tout bon vre, se devlope pwojè pou pèmèt gwo konpayi kapitalis meriken pran piyay lan peyi a nan vye kontra ki lakòz tout lajan tounen lakay yo ankò. Se konsa USAID ede mete sou pye zòn franch, konpayi soutretans k ap peye travayè ayisyen salè grangou kloròks, salè pwatrinè ak salè mizè. Pwogram USAID yo tou kontribye lan destriksyon agrikilti peyi a, touye kochon kreyòl yo, elatriye. Nan amerik latin, USAID finanse koudeta kont gouvènman ki refize pliye sou lòd meriken.
Kidonk, USAID vin swadizan ede peyi d Ayiti devlope apre meriken ak tout enstitisyon entènasyonal yo tankou FMI, Bank Mondyal, elatriye, mete tout kalite pwogram sou pye pou anpeche peyi a fè okenn pwogrè. Politik dominasyon sa a te parèt aklè aprè 1986, lè pèp la te chase gouvènman Divalye a. Koudeta 1991 lan te yon okazyon pou kraze tout òganizasyon popilè epitou mete sou pye sa yo rele pwogram ajisteman estriktirèl yo oubyen ankò plan lanmò ki se pwogram neyoliberal la. Se yon pwogram pou demantle Leta ayisyen, fin kraze endistri nasyonal yo, kraze sak te rete lan pwodiksyon agrikòl la. Se nan kad destriksyon sa a, kote peyi a pèdi souvrènte li nan tout nivo, kit politik, kit ekonomik, se nan kad sa a, USAID ap vin ofri pou li swadizan ede peyi a devlope. YON GWO MANTI! Ak yon men, yo kraze w, epi ak lòt men an, yo ofri « ede » w.
Jounen jodia lè Mouche Trump ap pale li bezwen kraze USAID, se pa paske li kont sa USAID ap fè nan lemond. Se pa sa ditou. Trump bezwen sispann tilasibab USAID ap bay yo. Pou Trump, maga, pati repibliken an jounen jodi a, USAID dwe sèvi enterè kapitalis meriken tou kri san li pa bezwen ap kache sa sou fòm èd imanitè, pandan l ap privatize tou anpil branch ak sèvis leta meriken an. Andotre tèm, yo pa nan afè itilizasyon USAID kòm Fòs souplès men se nan pwojeksyon fòs brital yo kwè pou defann enterè kapitalis enperyalis yo mondyalman.
Toutfwa, jounen jodi a, fòk nou klè: Sa yo rele asistans lan se pwazon li ye. Asistans lan se yon fason pou anpeche nou wè klè, pou anpeche nou konprann dominasyon enperyalis meriken sou peyi nou. Asistans lan sèvi tou pou devlope opòtinism, atantism, ak depandans anfantil nan mitan mas popilè yo, an patikilye nan tiboujwazi a, anba yon fòt dòz patènalism repiyan, sifokan, awogan, meprizan ak imilyan.
Jounen jodi a, fòk nou byen konprann trè klèman: kit se asistans entènasyonal, kit se eleksyon fo mamit, pike kole, kit se referandòm malatchong, tout bagay sa yo gen yon sèl objektif : se ranfòsman ak konsolidasyon dominasyon enperyalis yo sou Ayiti ak Pèp Ayisyen, sou baz kontra eksplwatasyon minyè, pwojè touristik, pwojè agwo-endistri ak pwojè soutretans/zòn franch. Se gwo kapitalis etranje, boujwa lokal ak rezo kriminèl nakotrafikan tousèl kap pwofite de bagay sa yo. Enterè fondamantal ak Byennèt mas popilè yo pa nan pwojè sa yo ditou. Ositou, asistans entènasyonal la pa pote anyen pou Pèp Ayisyen sinon plis mizè, depandans, divizyon, koripsyon ak enstabilite nan mitan nou.
Jan nou ka wè, sou baz tout sa nou di la yo, sa ki mennen peyi d Ayiti nan twou li ye la a, se tout yon konstriksyon politik ak ekonomik ki te koumanse fèt depi byen lontan, depi lendepandans menm, jouk jounen jodi a, anba dominasyon klas reyaksyonè yo (boujwa, grandon, granmanjè nan leta a) ak peyi kolon enperyalis yo, e depi 1915, sou dikta enperyalis meriken an ALATÈT.
Yon sèl solisyon nou genyen pou nou nan Kan Pèp la, se konte sou pwòp fòs nou pou ranvèse radikalman chapant malpataje sosyete sa a, a koumanse ak ranvèsman leta kapitalis sa a epi konstriksyon ak tablisman yon lòt leta tounèf, ak travayè kòm potomitan, ki baze sou enterè fondamantal Kan Pèp la e ki rele klas popilè yo chèmèt, chèmètrès. Wi, se la pou nou koumanse pou asire nap konstwi yon lòt kalite lavi nan peyi nou. Wi, NOU KAPAB!
ABA TOUT ASISTANS MÒTÈL NAN KALBAS ANPWAZONNEN!
ANN KONTE SOU PWÒP FÒS NOU POU REBATI PEYI NOU SOU NOUVO BAZ!
VIV LIT OTONÒM AK ÒGANIZASYON OTONÒM KAN PÈP LA AK TRAVAYÈ KÒM POTOMITAN!
TRAVAYÈ TOUPATOU, ANN INIFYE NOU!