25 septembre 2025
Ayiti : Poukisa misyon sekirite Kenya ap dirije a gen pwoblèm.
Actualités Kreyòl Société

Ayiti : Poukisa misyon sekirite Kenya ap dirije a gen pwoblèm.

« Yo voye Kenyan yo vin mouri.”

DUMAS MAÇON, DANIELA MOHOR ak NYABOGA KIAGE, 12 fevriye 2025

Plis pase sis mwa apre misyon an te deplwaye, Misyon Sipò pou Sekirite an Ayiti Kenya ap dirije a pa montre li koresponn ak objektif li.  Misyon an te vini pou ede lapolis reprann kontwòl teritwa gang yo te pran yo, anpeche menm gang sa yo pran plis teritwa ak pouvwa epi pèmèt moun ki nan bezwen jwenn aksè a èd imanitè.

Men, kijan nou fè rive la epi kisa k ap tann nou pi devan ?

Jounal The New Humanitarian ak Kenya’s Nation mennen yon ankèt pandan plizyè mwa, ki revele echèk misyon an soti nan mank resous, men tou paske depi an lagan se yon misyon  enposib pou anpil moun.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an te apwouve Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal la (MSS) an Oktòb 2023, plis pase dezan apre asasina Prezidan Jovenel Moïse la, ki te te plonje kapital ayisyèn lan, Pòtoprens, nan yon dezòd ak anachi san parèy. Li te pran prèske yon lane pou Etazini, prensipal peyi k ap finanse misyon an, konfye peyi Kenya lidèchip misyon an epi rive fè l ateri – akòz mank enterè lòt patnè entènasyonal yo ak opozisyon ki te genyen alafwa nan peyi Kenya ak an Ayiti.

Dapre sa k te di okòmansman, misyon an te sipoze genyen 2,500 ofisye ak sòlda, men se sèlman 400 polisye Kenyen yo deplwaye an Ayiti nan fen mwa Jen 2024 pou sipòte Lapolis Nasyonal DAyiti (PNH) ki li menm tou manke moun epi zam pou konbat gang sa yo ki panse kapital la rele yo chèmèt, chèmètrès.  

Pi devan, yon nouvo gwoup 150 polis militè ki soti nan peyi Gwatemala te debake nan Pòtoprens nan kòmansman mwa Janvye 2025, epi plis pase 217 polisye Kenyan rive nan menm mwa sa. Nan kòmansman mwa fevriye 2025, 70 sòlda ki soti nan peyi Salvadò ak 200 lòt polisye peyi Kenyan rive an Ayiti. Men pifò peyi ki te pwomèt pou sipòte misyon MSS la pa respekte angajman yo. Jodia, malgre gen anviwon 1000 ofisye etranje ki deplwaye nan peyi a, men misyon an gen gwo pwoblèm finansman ak ekipman.

Espwa pou rekanpe gouvènans an Ayiti febli tou : Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki te  kreye nan mwa davril 2024 pou travay pou òganize premye eleksyon nan peyi a depi 2016 pa avanse nan ajanda sa a, an patikilye akòz batay politik san kanpe ki genyen nan peyi a. Pou plizyè milyon Ayisyen vyolans gang yo afekte, chak jou lavi a vin pi mal.

« Depi misyon an rive nan peyi a, gang yo kontinye vale teren. Yo pran plizyè ti katye ak omwen sèt vil kle ki te epanye, » Himmler Rébu, yon kolonèl lame ayisyen ki pran retrèt li, epitou ki se yon ansyen kandida alaprezidans, pataje ak nou. “Gen plizyè masak ki fèt, epi plizyè milye fanmi oblije kouri kite kay yo.” Nan lane 2024, omwen 5,600 moun mouri an Ayiti akòz vyolans gang yo – anviwon 1,000 anplis pase lane 2023 – epi 2,212 lòt moun te blese, dapre Nasyonzini. Ane pase, kantite moun ki deplase yo te rive anviwon 703,000 (6% nan popilasyon total Ayiti a ki se 11,5 milyon), 25% nan yo ap viv nan kan moun ki deplase, kote yo ekspoze a maladi tankou enfeksyon epi fanm ak tifi yo patikilyèman vilnerab a vyolans seksyèl. Nan 39% nan sit sa yo, moun ki deplase yo pa gen aksè a dlo potab epi yo pa resevwa okenn asistans imanitè, dapre yon nouvo rapò ki soti nan Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun an Ayiti (RNDDH). Apeprè 1.5 milyon timoun pèdi aksè a edikasyon tou, yo paka al lekòl ankò – anpil nan yo vin antre nan gang.

Li vin pi difisil pou moun k ap bay èd imanitè tou, paske yo gen mwens aksè a wout yo, mouvman yo difisil. Menm katye ki pi rich yo, ki te konsidere kòm sekirize sa pa gen lontan, kounye a se yo gang yo vize. Lopital ak sant sante yo pa epanye nonplis.

« Bandi yo te vini epi yo pa t gen pitye, » Eliamise Jean, yon abitan katye Solino, ki gen 32 lane te di New Humanitarian. “Gen yon fanm ki nan trant lane yo konsa ak yon lòt fanm ansent uit mwa, yo touye nan zòn mwen an. Yo piye ak boule anpil kay ak machin.

Pou kounye a, Eliamise ap viv nan yon kan moun ki deplase ak youn nan twa pitit li yo. Li di li pa remake okenn diferans depi Kenyen yo te rive. « Mwen tande gen Kenyen nan peyi a, men ki kote yo ye? « li te mande. « Poukisa yo an Ayiti si nou pa wè okenn diferans ?

Misyon Enposib

Depi an lagan, te gen anpil dout sou Misyon miltinasyonal sekirite a. Te gen dout sou finansman, manda misyon an ak kapasite lapolis Kenyen an pou dirije l, sitou paske pifò ofisye yo pa menm pale  fransè alevwa pou kreyòl.

Okòmansman tou, yon jij nan peyi Kenya te bloke deplwaman an, li te konsidere li « enkonstitisyonèl, » men Prezidan William Ruto te kontoune lòd tribinal la lè li te siyen yon kontra dirèk ak ansyen Premye Minis ayisyen an, Ariel Henry, nan Nairobi nan dat 1ye mas 2024. Pandan Henry te Kenya, kowalisyon gang Viv Ansanm lan te lanse yon atak kowòdone sou pòs polis, prizon ak ayopò entènasyonal Potoprens yo. Kòm ayopò a te sènen, premye minis Henry pa t kapab retounen nan peyi a, jiskake li remèt demisyon li nan dat 11 Mas 2024, sa ki te mennen nan etablisman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, yon mwa annapre.

The New Humanitarian fè entèvyou ak yon pakèt ekspè nan sekirite, moun k ap fè politik ak obsèvatè ayisyen kle pou ankèt sa a. Prèske tout di travay yo bay polisye Kenya yo fè a twòp pou yo.

« Y ap eseye jan de entèvansyon sa yo depi 1915, » George Musamali, yon ekspè sekirite Kenya ki te deja yon ansyen ofisye nan yon inite elit nan polis Kenya a di. « Ameriken yo te kòmanse epi yo te ale san yo pa reyalize anyen. Nasyonzini [MINUSTAH] te la ak 17,000 ofisye militè brezilyen ki te pati tou. Se yon misyon totalman enposib.

Paske yo pè pou l ta manke bay rezilta, gouvènman plizyè peyi ezite bay lajan yo te pwomèt nan fon pou fè misyon an mache a. Dapre plizyè sous, kounye a li gen anviwon 100 milyon dola, alòske se 600 milyon dola ki nesesè. Etazini poukont li te pwomèt l ap bay 300 milyon dola plis li te pwomèt lap mete 15 milyon dola nan fon an. Men jouk jodia se 1.7 milion peyi Lèzetazini bay epi anpil moun ap mande tèt yo èske nouvo prezidan Etazini an Donald Trump pral bay tout kòb sa a vre. 

William O’Neill, pi gwo ekspè nan dwa moun nan Nasyonzini sou Ayiti, te dekri sitiyasyon an kòm yon bagay ki bloke. « Jiskaske misyon an montre kèk bon siy reyisit, peyi yo pa pral promèt plis, » li te di. “Men, anmenmtan tou, san plis sòlda sou sòl la a, reyisit sa a enposib, men kòm p ap gen plis sòlda si pa gen plis lajan, tout bagay ka ret menm jan. »

Menm Kenya poko deplwaye 600 ofisye adisyonèl yo te pwomèt yo. Alòske sòlda yo te fini fòmasyon yo e prezidan Ruto te di okòmansman yo t ap pral Ayiti nan fen mwa Novanm, men dat limit sa a depase lontan, sòlda sa yo toujou lakay yo, nan peyi Nairobi.

Peyi Benen ki te ofri pou bay pi gwo kontenjan ki tap rive nan 2,000 sòlda yo, te anonse nan mwa Septanm pase a, li sispann deplwaman li a, sou baz sitiyasyon an an Ayiti mande pou yon solisyon militè e ke sòlda li yo pa t ap pran lòd nan men yon fòs lapolis. Pandan tan sa, sis ofisye militè Bahamas yo te voye Pòtoprens kòm yon ekip davans (anvan deplwaman 150 lòt) te resevwa otorizasyon pou retrè volontè nan men gouvènman yo, sa vle di yo ka ale si yo pa santi yo an sekirite. « Nou pa pral mete pèsonn an danje, » Minis afè etranjè Bahamas la te di. Gouvènman Barbad la limenm te fè bak nan angajman li te genyen pou l voye twoup li yo e li te anonse byen bonè mwa sa a li ta limite sipò li nan asistans teknik.

Maria Isabel Salvador, chèf BINUH, misyon politik Nasyonzini an an Ayiti, te di New Humanitarian li kwè MSS la te gen kèk gwo defo depi nan kòmansman. Olye pou li  » baze sou demann peyi dAyiti, li baze sou sa peyi yo te pwopoze, » li te di. « Chif 2,500 se rezilta adisyon òf chak peyi te fè, olye pou yo te evalye bezwen reyèl yo, sa ki te objektivman obligatwa. Tout fason, pa t gen okenn dyagnostik klè sou sitiyasyon an ki te fèt, kidonk bezwen yo pa t adrese byen.” 

Administrasyon Prezidan Joe Biden nan te pouse pou transfòme MSS la an yon misyon mentyen lapè fòmèl Nasyonzini pou jwenn yon bidjè ki apwopriye ak plis pèsonèl, men Larisi ak Lachin te opoze plizyè fwa yo mete veto sou demann Ameriken an nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an. 

Evans Ogada, youn nan avoka Kenya yo ki te depoze petisyon nan tribinal la pou sispann deplwaman an, te di : “Misyon an tounen yon gwo van. Nou dwe rete tann epi wè kisa avni misyon an pral ye”. Resous yo pa ase, pandansetan, gang yo ap fè kontrebann pou jwenn gwo kantite zam lou ak minisyon alèz – zam sa yo soti sitou nan peyi Etazini – fòs polis Kenya ak Ayiti manke ekipman ak sipò pou goumen nan syèl la ak sou lanmè. 

Lame amerikèn voye bay Ayiti plizyè douzèn machin MaxxPro ki ka reziste anbiskad (MRAP), men plizyè ekspè sekirite te di The  The New Humanitarian yo pa vrèman efikas. « Sa yo pa tank. Sa yo se machin ki fèt pou transpòte twoup, men nou oblije itilize yo pou konba epi yo pran dife fasil lè gang yo voye cocktèl molotòv sou yo, » te di yon ekspè ki te deja travay nan Ministè Defans Ayisyen an, li te pale san l pa bay non l. 

O’Neill te di se sèlman mwatye veyikil sa yo ki te an sèvis nan mwa Oktòb 2024 paske gang yo te tire sou kawotchou yo, ki pa kawotchou ranfòse. 

Yon manm inite espesyalize anti-gang polis Ayisyen an, UTAG, te di The New Humanitarian ke ofisye Ayisyen pafwa oblije prete zam nan men lòt inite anndan lapolis la pandan operasyon yo akòz mank finansman ak zam. 

« Nou ap opere nan bidonvil, kote kay yo pil sou pil epi menas ka soti nan nenpòt kote, » li te di, pandan l ta p pale san l pa vle non l site. “Nou bezwen machin taktik, tankou tank, pou antre nan zòn gang yo kontwole yo; Nou bezwen kas balistik, jilè pabal, gwo kantite minisyon ak omwen de elikoptè.” 

Nan mwa Novanm 2024, an repons a kesyon The New Humanitarian te voye pa imel, yon pòtpawòl Depatman Deta te konfime Etazini te kontinye bay lapolis Ayisyen an ak MSS sipò lojistik ak ekipman. Sa gen ladann twa douzèn MRAP, ekipman pou renovasyon baz ak sipò MEDEVAC, ansanm ak radyo, linèt vizyon lannwit, dronn, òdinatè, minisyon ak ekipman antirevòlt. Men, li pa t pale pou machin konba ditou. 

Nan reyalite a, kantite polisye yo rete minim konpare ak gwosè gang yo, ki kontinye ap rekrite aktivman nan mitan popilasyon Ayisyèn nan, ki se an majorite jèn, chomè ak moun ki pèdi lespwa. 

« Misyon MSS la toujou manke moun, e gen yon gwo defisi entèlijans, » dapre Rébu, yon kolonèl Ayisyen. « Dapre mwen, yo voye Kenyan yo vin mouri. Yo te fòse yo dakò pou dirije yon sitiyasyon ke okenn fòs polis paka rezoud. » 

Lapolis Ayisyen ak MSS pafwa reprann teritwa nan men gang yo, men yo souvan oblije retire kò yo yon ti tan apre, sa ki pèmèt tou senpleman gwoup ame yo retounen. 

« Yo paka kontinye goumen lè fènwa poutèt yo pa gen baz avanse, » dapre O’Neill. 

Dapre kolonèl Rébu, lame Ayisyen an ki te retabli an 2017 pou ede konbat gang yo, sipoze veye zòn lapolis repran yo, men li manke pèsonèl, ekipman ak minisyon pou kenbe pozisyon li. 

Sou bò pa l, Clarens Renois ki se kowòdonatè jeneral pati Inyon Nasyonal pou Entegrite ak Rekonsilyasyon (UNIR), ki fè pati youn nan kowalisyon ki chita nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, mete aksan sou gouvènman Ayisyen an ki te gen pou li kreye yon Konsèy Sekirite Nasyonal pou devlope yon plan estratejik, men dekrè ki kreye li a te pibliye jis nan fen mwa Desanm e, pou de rezon politik ak teknik, ka pran anpil tan anvan sa fèt, epi pou yo nonmen manm li yo. 

« Pa gen okenn Konsèy Sekirite Nasyonal ankò. Lapolis, kit se Kenya oswa Ayiti, opere gaye, « li te di. 

Ak difikilte sa yo vin genyen desepsyon popilasyon an. Gen kèk Ayisyen ki rive akize polisye Kenyan yo, se « an vakans » yo vini. « Yo poko antre nan reyalite Ayisyen an. Pifò nan yo ap pran lèz kò yo nan otèl yo sou wout ayewopò a, » di yon jèn abitan Pòtoprens ki pa vle non l revele pou rezon sekirite. « Sitiyasyon an pa amelyore ditou pou nou. Li vin pi mal. » 

Youn nan ofisye polis Kenya yo te deplwaye te dakò pou l bay The New Humanitarian yon entèvyou, men se sèlman sou kondisyon pou non l pa site, paske li pa t sipoze pale ak medya yo. Dapre li “Popilasyon Ayisyen an poko konprann sa n ap fè a. Li espere rezilta men li dwe konprann plis pase 80% nan depatman Lwès la [nan Pòtoprens] anba kontwòl gang yo. Sa ta mande yon deplwaman masif ak operasyon gwo echèl, e ni PNH (Polis Nasyonal Ayiti) ni MSS pa gen mwayen pou fè sa. » 

« Tout bagay dwe elimine » 

 Pwoblèm yo politik tou. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an gen sou do l akizasyon koripsyon kont twa nan manm li yo ki refize demisyone, ak lit pou pouvwa ki te mennen Konsèy la ranvwaye premye minis Garry Conille nan mwa Novanm pandan li te nonmen nan fen mwa Me – Tout sa yo bay gang yo plis jarèt.   

Gwoup ame yo aji tou nan yon fason ki pi kowòdone ak inifye, souvan yo atake ansanm plizyè kote, sa lakòz plizyè milye moun deplase, pafwa nan yon ti bat je. Kounye a yo kontwole omwen 85 pousan nan kapital la ak zòn ki viwonnen l, ansanm ak tout wout ki mennen Pòtoprens epi yon pati nan depatman Latibonit. 

Apre Conille fin ale, vyolans gang yo te ogmante nan pwen plizyè avyon te frape apre gang te louvri bal sou yo, sa ki te pouse administrasyon Aviyasyon Federal Ameriken an entèdi tout vòl sou Pòtoprens jiska Mas 2025, sa ki izole kapital la piplis toujou. « Gang yo gen anpil pouvwa, » Renois te di. “Mwen te pale ak kèk jèn ki abite nan zòn gang yo kontwole, e yo di m gang yo gen anpil zam ak minisyon e yo ka reziste pandan lontan. » 

Nan kondisyon sa a, li pa etonan si Ayisyen yo ap chèche mwayen pou pwoteje tèt yo. Yon mouvman vijilan yo rele « Bwa Kale », touye ak boule moun yo sispèk ki se manm gang, mouvman sa a te monte anpil nan dènye mwa yo. 

“Bwa Kale a ap pran plis fòs chak jou; « Nou wè plis lenchaj ak atak, ki rasanble polisye [Ayisyen] ak manm popilasyon an, » yon sous Nasyonzini te di The New Humanitarian. 

Yon politisyen Ayisyen, ki te mande tou pou l pale san l pa bay non l, te di “N ap viv yon sitiyasyon anachi, sa ki mennen anpil polisye ki fristre elimine nenpòt ènmi potansyèl yo. Yo di, ‘Pa gen prizon, pa gen okenn sistèm jistis.’ Kidonk, depi yo kenbe yon moun, yo touye l oswa lage l nan men popilasyon an pou ba l Bwa Kale, « . « Politik la se elimine tout sa k bay pwoblèm poutèt pa gen okenn lòt mezi pou debarase nou de moun nou sispèk ki soti nan move katye yo. » 

Jis mache nan lari a san pyès idantifikasyon ase pou fè w sispèk. 

Ogmantasyon Bwa Kale a tou vin fè chèf gang yo pi move epi atake piplis ak plis vyolans, kèk moun deja rele sa yon « gè sivil ». 

Yon egzanp terib sou nivo vyolans sa a se masak Pon-Sonde a, ki te fè omwen 115 moun mouri nan mwa Oktòb pase a, lè yon chèf gang pran revanch li sou yon gwoup brigad lokal ki t ap eseye kontrekare aktivite gwoup gang nan zòn lan. Jou ki te 10 Desanm nan, menm gang nan (Gran Grif) touye omwen 20 moun poutèt yo te touye 10 manm gang li an nan mouvman Bwa Kale nan depatman Latibonit. 

“Leta peyi a abandone jenès la. Yo pa mete okenn politik pou ba li yon bagay pou l fè, kit se pwofesyonèl, kiltirèl oswa espòtif.  » 

Malgre masak sa yo, gang yo kontinye gen gwo enfliyans sou yon pati nan popilasyon an, sitou jèn yo. Grangou ak devastasyon ap pouse piplis timoun ak adolesan rantre nan gwoup sa yo. Gwoup ame yo pwofite tou pakèt tan move gouvènans ak vid politik aktyèl la pou gaye yon naratif politik ki rezone ak jèn ki pa gen twòp chwa yo. 

« Nou gen yon jenès tout gouvènman yo te abandone, » dapre Renois. « Yo pa t janm met okenn politik pou ba yo okenn okipasyon, kit se pwofesyonèl, kiltirèl oswa espòtif. Se poutèt sa yo pa wè avni yo nan Leta sa a, epi yo santi yon anvi revòlte yo pou nenpòt kisa. » 

Jimmy Chérizier – alyas Barbecue – lidè Viv Ansanm nan, prezante tèt li tankou disip revolisyonè Ajanten an Che Guevara e tankou yon moun k ap ede moun ki nan bezwen. Apre MSS la ak lapolis Ayisyen te atake baz li nan mwa Novanm nan, li te fè sikile yon videyo kote li t ap plenyen konsènan kay li yo te kraze, ki te gen ladann pisin li, li di li te bati « pou timoun yo nan katye a. »   

Dapre UNICEF, kounye a minè yo reprezante anviwon mwatye nan manm gang yo. Rekritman timoun ogmante pou 70% nan lane 2024 konpare ak 2023. Nan dat 2 janvye 2025, Jimmy Chérizier te anonse kowalisyon gang li an yon se yon pati politik, byenke nouvo antite a pa gen okenn baz legal. Kounya, l ap mande yon plas sou tab la nan tranzisyon politik Ayiti a. 

Manke mwayen pou èd imanitè 

Poutèt kriz sekirite a vin pi mal, sitiyasyon imanitè an Ayiti kontinye deteryore. Dapre Pwogram Alimantè Mondyal la, 5.4 milyon Ayisyen – prèske mwatye popilasyon an – pa gen ase manje. De milyon nan yo fè fas a nivo ijans nan ensekirite alimantè. 

Nan depatman Latibonit la, ki konsidere tankou gad manje peyi a, pwodiksyon agrikòl la te sakaje anpil, poutèt kiltivatè yo « ap fè fas a entimidasyon, restriksyon aksè ak konfli tè, » dapre yon nouvo rapò Mercy Corps. Pwodiksyon limite fòse Ayisyen konte sou enpòtasyon pou yo siviv, men pri yo souvan twò wo pou fanmi yo. Fèmti ayewopò a ak gwo pò yo tou fè vin gen plis pwoblèm manje. 

« Pwoblèm entimidasyon gang yo ansanm ak move kondisyon wout yo ak mank disponiblite limite sou mache a afebli kapasite Ayiti pou kenbe baz agrikòl li, sa ki menase plis toujou sekirite alimantè alontèm li, » rapò a te di. 

Kriz la vin pi grav lè yo frennen òganizasyon k ap bay èd imanitè yo. Nan fen mwa Oktòb, yon elikoptè Nasyonzini, Pwogram Alimantè Mondyal t ap itilize pou bay èd te fòse fè yon aterisaj ijans apre gang te atake li. De semèn apre, Médecins Sans Frontières (MSF) te oblije sispann operasyon li yo apre lapolis Ayisyen ak manm popilasyon an te atake youn nan anbilans li yo, touye omwen de moun epi menase anplwaye li yo. Pou kounya a, òganizasyon an rekòmanse travay, sòf pou moun ki bezwen transpò ijans. 

Yon mwa apre, ògmantasyon atak gang te ogmante nan Pòtoprens. Sa ki te fòse òganizasyon imanitè yo ak ajans Nasyonzini yo pou yo deplase oswa evakye anplwaye an ijans. 

Mercy Corps te deplase kèk nan anplwaye entènasyonal li yo nan lòt rejyon yo e li te sispann tanporèman operasyon nan kapital la. ONG sa a rive kenbe pwogram li yo nan zòn riral tankou nan depatman Nippes ak Grand’Anse, ki gen ladann èd manje, sipò pou peyizan yo amelyore pwodiktivite ak distribisyon lajan. Men, petèt èd sa a pa pral dire, paske platfòm yo itilize pou bay èd sa yo sa yo depann de pwodui enpòte. 

« Kounye a, ayewopò entènasyonal Pòtoprens la ak pò prensipal Pòtoprens la pap fonksyone, operasyon atè yo tou kapab afekte nan yon ti tan, » te di Laurent Uwumuremyi, direktè peyi òganizasyon an an Ayiti. “Nou santi nou konsène pou izolasyon Pòtoprens ak rès Ayiti ak mond lan ». 

Direktè yon lòt ONG k ap travay ann Ayiti, ki mande pou l pale san non l pa site, pou evite pwoblèm, eksplike – menm anvan yo rive nan pòs kontwòl gang yo – gwoup imanitè yo dwe pase nan pòs kontròl Lapolis Ayisyen ak brigad manm popilasyon an. « Avèk yo, negosyasyon pou aksè yo pi difisil, paske kounye a gen yon tandans konsidere ONG yo sipòte gang, » li te eksplike. 

Aksè pou swen sante vin pi limite tou, menm lè blese yo ogmante epi vyolans seksyèl kont fanm ak tifi rive nan nivo san parèy. Se sèlman 37 pousan nan etablisman sante Pòtoprens yo k ap fonksyone. Reyalize sa nan yon vil ki sène ak gang se yon lòt defi. Nan mwa Desanm, yon pati nan Lopital Bernard Mevs, yon lopital enpòtan, te pran gwo frap epi detwi. Yon semèn apre, inogirasyon Lopital Jeneral la, pi gwo sant sante Ayiti a, te fini nan san koule – senk mwa apre lapolis Ayisyen te rive repran li nan men gang.  

Jean-Marc Biquet, chèf misyon MSF an Ayiti, di: « Majorite lopital k ap fonksyone yo se lopital prive. Ayisyen ki deja ap pran gwo frap nan kriz ekonomik la pa kapab peye, kidonk aksè a swen prèske pa egziste. Se yon dezas.  » 

« Relasyon yo pa toujou bon » 

Etandone risk y ap pran chak jou yo, mank swen sante se yon gwo enkyetid pou polisye Ayisyen yo tou e li tounen yon sous malèz ant polisye Ayisyen ak ofisye Kenya yo. Dapre RNDDH, 34 polisye Ayisyen te mouri nan 2024. Ni otorite Kenyan yo, ni otorite Ayisyen yo pa t pibliye viktim yo, men pòtpawòl MSS Jack Mbaka te di The New Humanitarian nan  dat 10 Janvye « fòs la pa pèdi okenn ofisye jiskaprezan epi te gen sèlman ti blese nou jeneralman jere chak fwa nou tounen sot nan misyon ». 

Mbaka te ajoute yon ofisye te blese ase grav pou yo te pran avyon avè l ale  Repiblik Dominikèn pou tretman, men alokasyon pou evakyasyon ki kapab sove lavi sa a, ki te enkli nan pwotokòl misyon MSS yo, pa disponib pou polis Ayisyen yo. 

“Yon jou, yon ofisye polis Kenya te blese epi li te refè byen vit nan Repiblik Dominikèn, men kèk tan apre, yon polisye Ayisyen nan ekip SWAT te blese pandan yon operasyon e li te mouri akòz mank swen. Sa te kreye anpil pwoblèm, » dapre ofisye lapolis UTAG. 

Gen lòt tansyon tou. 

« Relasyon yo pa toujou bon, » dapre Ricardo Germain, yon ekspè nan sekirite ki baze Pòtoprens. “Mefyans se yon gwo faktè epi pafwa se baryè lang lan ki lakòz. Pandan operasyon patwouy ansanm yo, polisye Ayisyen yo pale kreyòl e Kenyan yo pale Swahili, alòske angle ak franse te sipoze se lang yo pale. Kèk ofisye lapolis Kenya dènyèman te kòmanse pran kou kreyòl.” li te ajoute. 

Ofisye polis Ayisyen yo di tou yo dekouraje poutèt yo peye yo mwens pase Kenyan yo – apeprè $ 230 pa mwa konpare ak $ 1,000, dapre ofisye UTAG la. Men, Kenyan yo te fè fas ak pwòp obstak finansye yo tou. Nan mwa Jen 2024, lè premye gwoup ofisye yo te ale an Ayiti, kèk moun te di yo te resevwa anviwon $155 chak pa mwa, ki reprezante yon senkyèm nan sa yo te pwomèt yo. 

De mwa apre, plizyè fanmi ofisye polis Kenya yo te di jounal The Nation, san yo pa site non yo, lekòl la ta pral ouvri, men ofisye yo pa voye lajan lekòl la pou fanmi yo jan sa te prevwa. Nan mwa dawout, lè jounal The Nation te rapòte plent sou peman yo, yon manm fanmi yon ofisye lapolis Kenya te di rès fanmi an nan Nairobi te gen difikilte pou satisfè bezwen debaz yo. « Nou gen yon defi isit la paske menm peye pou manje ak lòt bagay kòmanse vin difisil, » moun sa a te di san l pa t bay non l.  

Apre plent yo te rapòte, ofisye yo te resevwa salè yo nan kèk jou epi lidèchip Sèvis Polis Nasyonal Kenya (NPS) te eskize yo pou reta a. Sepandan, pwoblèm nan te retounen nan kòmansman mwa Desanm lan lè jounal Reuters te rapòte 20 ofisye polis Kenya te soumèt lèt demisyon yo poutèt reta peman ak move kondisyon travay. Majò Jeneral Godfrey Otunge, kòmandan misyon MSS la, te demanti sa. 

Sa k ap vini ? 

Chak semèn k ap pase, risk polis Ayisyen yo ak ofisye Kenyan yo ap pran nan Pòtoprens ak ozalantou yo vin pi ekstrèm. Malgre plizyè sous te di The New Humanitarian ke Kenyan yo okòmansman te refize angaje dirèkteman pandan operasyon yo epi yo te prefere rete nan machin blende yo pandan Ayisyen yo te met pye atè, lòt moun te di yo remake kòmanse gen kèk chanjman nan dinamik la. 

« Nan semèn ki sot pase yo, travay polis Ayisyen an te pi kowòdone, pi estratejik, epi MSS la te reponn a bezwen yo pi byen, » te di Salvador, ki nan misyon politik Nasyonzini an. 

Nan yon entèvyou ak The Nation nan mitan mwa desanm, Otunge te note ofisye Kenyan yo – ansanm ak polis Ayisyen yo– te rive reprann plizyè komisarya gang yo t ap kontwole, e yo te rive prèske arete Chérizier nan mwa Novanm nan, pandan yon operasyon lapolis nan ba Dèlma. 

Men, ti viktwa sa yo pa fèmen bouch yon koral k ap grandi, k ap chèche chanjman tout kote. 

Poutèt mank finansman, gen kèk moun, tankou direktè egzekitif RNDDH Pierre Espérance, ki kwè yon Misyon Ofisyèl Nasyonzini pou Mentyen Lapè se sèl solisyon an jounen jodi a. « Yon misyon mentyen lapè t ap pi bon pase MSS poutèt se t ap yon misyon Nasyonzini, li t ap resevwa plis lajan, » dapre li. « Mank resous yo lye dirèkteman ofèt ke li pa yon misyon Nasyonzini. » 

Gen lòt ki ta prefere Ayisyen jwenn pwòp solisyon yo. « Misyon mentyen lapè ki pase anvan yo responsab sitiyasyon aktyèl la an Ayiti, e nou konnen li pral pran yon lane pou dosye a analize, pou nou jwenn yon repons nou deja konnen. » dapre Rébu. 

“Se Ayisyen ki pou rezoud pwoblèm Ayiti, paske se fanm ak tifi Ayisyèn y ap vyole, Ayisyen y ap touye, epi fanmi Ayisyen ki pa gen lòt kote pou yo ale. « 

The New Humanitarian mete bon jan kalite enfòmasyon san fòs kote osèvis milyon moun ki afekte nan kriz imanitè atravè monn lan. Jwenn plis enfòmasyon sou www.thenewhumanitarian.org. 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.