Kadav sakaje flanke nan bourèt,
Tankou vye bèt debite nan labatwa.
Lari a fè grimas,
Limyè nwa koule sou goudron,
San fonn sou bitas,
Mòso rèv chire melanje ak pousyè.
Yon krèy chen ap esnife lanmò,
Kadav rale kadav,
Pye brit charye dekonpozisyon.
Boukliye kò kraze,
Je pete rèd, bouche ak laterè,
Sant lanmò monte nan lespri lari a.
Yon manman kriye pitit li,
Men vwa l kraze sou bal gwo kalib,
Tankou dènye souf bouyi nan solèy.
Moun ap pase,
Men pesonn pa la.
Delma 30 vale souf li,
Trepase anba je pitit li yo.
James Saint Germain