13 octobre 2025
Pwezi : Frank file, l ale
Actualités Culture Société

Pwezi : Frank file, l ale

Frank mouri,

N ap kite l ale,

Zetwal yo limen,

Pou l ka trase chemen l.

Lalin koube ba li,

Van chwichwi non li,

Tapi wouj syèl la,

Deja pare pou li.

Yon astewoyid ki file,

Limyè li gaye,

A ! sòlèy la temwen,

Ki wout l ap pran?

Lanati twouble ak son nan syèl la.

Litani resite,

Chante chemen l,

Tout bagay klè devan l,

Epi li kontinye fè vwayaj li,

N ap kite l ale,

Se regretan sa pou latè,

Men chemen an toujou klè devan l.

Frank file, l ale,

Nanm li nan plenn,

Anba dlo, anba lanmè,

Sou tout tèt mòn,

Nan Ginen ap tann li.

A! Sòlèy la temwen.

James Saint Germain

21-02-2025 

jamesstgermain19@yahoo.fr

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.