Menm jan ak anpil moun ki nan diferan sektè k ap reflechi sou yon ekip pwoblèm ki egziste pandan y ap kesyone tou jiskaske yo ta twouve kèk solisyon pou yo. Mwen deside kontinye pote refleksyon pa m tou pandan m ap avanse pou m atire atansyon nou sou kèk eleman daprè mwen ki nan sektè kiltirèl ak literati nan depatman Nòdwès la omwen n a jwenn kèk altènativ ki ka pote solisyon ak kèk pwoblèm ki la depi lontan.
Depatman Nòdwès la 20 lane anvan jodi a te plase pami 3 depatman nan peyi Ayiti ki t ap fè mizik epi ki te gen djaz nen nan figi ladan l. M pa vle retounen dèyè, se pa listwa m vin rakonte nou se atansyon nou m ap atire pito men, m ap jis rete sou SINIK MIZIK ak ALL STARS MUSIC MAGIC ki t ap fè koze isit, epòk sa m ap pale la mwen te tou piti kòm gwo fanatik SINIK MIZIK, mwen te gen omwen 2 rezon ki fè m te fanatik : 1- Paske m se nèg anwo lavil (Lòtbò Pon- NAN PALAN); 2- Paske radyo ki te plis koute nan lakay mwen se te « Radio Étincelle » anplis se li ki t ap fè pwomosyon pou SINIK MIZIK tou, mwen te gen anpil enfliyans sou mwen pou m te bon fanatik djaz sa a, epi sitou lè l ap desann Mònopè li te toujou ap salye moun zòn lakay mwen. Pakonsekan, jis konnya youn nan mizik lanmou All Stars te fè mwen toujou renmen se « LINDA » mizik Fanes TULMÉ te chante: Mwen bezwen yon fi ki pou kwè nan mwen, mwen bezwen yon fi ki pou kwè nan lavi mwen, mwen bezwen yon sè, mwen bezwen on manman ki pou ban m tout sa m bezwen. Pèsonn pa t ka pa tande « Radio Mélodie » nan epòk sa tou, men se te youn nan mizik chasonèt ki te gen anpil demann pou li, wi m sonje sa, mwen te piti. Nan laj inosans mwen mizik sa te fè anpil enpak sou mwen se kòmsi se mwen ki te gen nesesite sa yo, epi jis jodi a lè m ap tande mizik sa a se toujou menm kouran an ki travèse m. Nostalji!
Nòdwès la pa t sèlman nan premye ranje a nan mizik, men tou li te depatman ki te gen pi gran depansè nan peyi a ki t ap depanse nan sektè mizik la, mwen p ap vin aprann nou anyen la dayè anpil nan nou pi gran pase mwen m ap kontan aprann plis koze nan men nou sou listwa sa a, mwen rete kwè nou gen plis bagay pou nou rakonte m, m raple m kantite djaz ki te konn fè pelerinaj nan plizyè komin nan depatman an sitou 22 lane avan yo Nòdwès la te pote gwo benefis pou sektè mizik la nan peyi a epi nou raple n plizyè albòm ki fèt nan moman sa yo gen non gran depansè ki site nan yo, mwen pa menm ka konte konbyen fwa non menm gran depansè sa yo site nan bal ak festival yo te konn òganize nan zòn nan. Se te nou k t ap fè koze isit lè sa! Malerezman se sèlman depans yo te gen kapasite pou te fè oubyen se konsa yo te vle satisfè tèt yo ak antouraj yo, men yo pa t janm twouve okenn nesesite pou yo te janm fè yon gwo envestisman swa ansanm oubyen pèsonèl nan sektè a ki te ka itil yo jodi a epi depatman an tou, si sa te fèt jis jodi a li ta itil yo ekonomikman epi yo t ap toujou rete vivan nan sektè sa tou. Poukisa kèk moun ki nan antouraj yo pa t ankouraje yo fè sa?
Kisa ki ta ka eksplike malgre yo te jwenn konsèy epi yo pa t janm fè sa? Èske yo te eseye yo te echwe? Onètman m pa gen repons yo, ride m chache souple.
Nòdwès la pa t janm gen yon sal espektak ki respekte prensip nesesè yon sal espektak ta dwe genyen, Nòdwès la poko janm rive pou l atenn objektif gen yon gwo ekip ak materyèl sonorizasyon ki ka sonnen yon gwo festival, omwen menm Gonayiv ki tou pre nou la ta deplase li, byenke gran depansè nou yo te konn fè gwo festival men yo pa t janm posede son pa yo. Pwoblèm yo te toujou egziste isit!
Se paske nou pa t wè nesesite konstrui anyen menm pou tèt nou nan sektè a ki fè nou pa t ka antisipe pou byennèt kolektivite a. Jodi a pi gwo espas ki genyen nan depatman Nòdwès la ki omwen ka resevwa 2000 mil espektaktè epi ki ba w son, ak lòt materyèl ankò se « Son Center », m ap raple nou, li pa pou ayisyen epi menm si w ta gen bezwen espas sa pou 2030 ou vle pou yo rezève li pou wou fòk ou depoze omwen 50% nan kòb la. M ap pwofite raple nou yon Medyatèk ki gen nan vil Pòdepè se sou responsab legliz katolik li ye, pou nenpòt ti aktivite kiltirèl ou ta vle fè nan li fòk ou gen omwen 30 mil goud, legliz katolik pran l pou byen prove li epi li pa gen okenn resous materyèl pou li fonksyone jan sa te dwe ye kòmkidirè pwojè a poko finalize vre. Ka nou pa piti isit!
Yon sektè kiltirèl ki gran konsa tou epi mache a vid, men sa pa anpeche se plis magazen fè, siman, klou, tòl, diri, tout kalite bwason, chèl gaz wotèl k ap fèt toujou bò resit. Sektè prive a ta dwe plis entèlijan epi rasyonèl. Anpil nan nou renmen wout fasil isit!
Gen plis nesesite pou n kontinye reflechi ansanm sou gwo pwoblèm ki egziste nan sektè a epi n a jwenn kèk altènativ pou n soti omwen jenerasyon k ap vini yo ta jwenn yon moso eritaj. Nou ka kontinye kesyone tèt nou, kesyone moun nou gen ki chèf k ap jwi kòb taks nou yo, kesyone chwa politik nou fè yo paske yo se egzakteman chwa tèt anba nou yo epi konpòtman manfouben nou gen ki fè n pa anvi sanksyone menm tèt nou.
Fòk mwen raple nou depatman Nòdwès la pa menm gen yon anèks oubyen yon biwo k ap pran doleyans ak pwopozisyon pwojè sektè kiltirèl la pou Ministè Lakilti alewè se ta yon Direksyon depatmantal Ministè a pandanstan Nòdwès chaje potansyalite kiltirèl, istorik ak patrimwàn.
Jamesky Jeanty, Rèldouvanjou.

