18 desanm 1965 – 18 desanm 2024, sa fè 59 lane depi Mouvman Kreyòl Ayisyen MKA / Sosyete Koukouy (SK) ap feraye pou devlòpman yon literati kreyòl fètefouni. Nan kontèks la, Anivince JEAN BAPTISTE ak Iléus PAPILLON, de manm Sosyete Koukouy, deside melanje vwa yo nan yon powèm djougan pou salye nouvo rekòt kafe sa a epi temwanye an menm tan rekonesans yo anvè SK ki se jisteman pi ansyen òganizasyon literè ak kiltirèl ayisyen an aktivite. Manm Sosyete Koukouy depi anviwon 15 zan, Tivens ak IP tabli nan lane 2023 a yon branch Sosyete Koukouy nan komin Dèlma.
nan mitan yon lyonn vil k ap mache
n ap suiv vwa zetwal yo
sanble ane 1965 te wè nan govi
depi opa gen yon lang k ap chache n
59 lane apre nou kontinye klere
nan fènwa pou demen chanje ten
jodi a nou Banbou
tanto n Mapou
tanto n Tanbou
Nèg Gonbolyen
tanto n Papiyon Nwa
zèl nou file nan vitès son
zèv nou tanpe tan
kase kou lanmò
yon ponyen powèm nan men goch
yon lo solèy nan men dwat
nou vin di w mèsi Sosyete Koukouy
alèkile nou t ap mi pou peyi salopri keyi
jodi a n Kaptenn Koukouwouj…
n ap bat tenèb nan do lanmò
pou rèv yo rete fre
powèm sa a koud ak de men
l ap chèche limyè pou pentire demen
jodi a kè nou sou wout larelèv
nan dans devouman ak konstans
an potomitan kilti lakay
n ap ekri kreyòl pou lavni rele n pa n
Pote bouji
Rale solèy sou kòd
Chimen an ap suiv lonbraj nou
Powèm sa a
Se premye mizik yon peyi ap pote
Vwa de powèt ki pote yon melodi
Iléus PAPILLON, Anivince JEAN BAPTISTE