Nòt pati politik INI
12 desanm 2024
Pati INI-AYITI (Union Nationale pour l’Intégrité et la Réconciliation) salye e koube byen ba devan kadav sè ak frè nou ki pèdi lavi nan kondisyon atros nan plizyè katye nan kapital la ak nan vil pwovens yo.
Pandan ane 2024 la, nou pa sispann kriye, oswa antere pitit tè-a kap disparèt anba bal, manchèt ak dife. Zak sila yo boulvèse konsyans nou epi leve santiman kolè lakay nou. Pou pi piti 5 mil (5000) Ayisyen disparèt pandan ane 2024 la. Plis pase 7 san mil kite kay yo. INI ap mande ki kote sa prale ?
Masak ki pase nan waf Jeremi nan nwit 6-7 desanm lan kote plis pase 200 pitit peyi a: granmè, granpè, manman kou pitit disparèt, dechire kè nou. Sa indiye nou anpil.
Zak sila yo rive posib paske lajan ki dwe itilize pou ranseyman pase nan pòch konseye-prezidan. Anplis bandi yo ap jwi enpinite ke relasyon yo ak gwo otorite ba yo. Tout moun konnen ke bandi ak teworis isit gen bon jan relasyon ak gwo chef nan leta, oswa gwo zouzounn nan sektè prive.
Tolerans ak akwentans bandi yo pèmèt y ap kontinye sakrifye pitit peyi a. Nan INI nap Mande Leta pou aji vit san pas pouki pou mete anba kod lajistis tout mounn ki enplike nan kenbe klima ensekirite sa a k ap fini ak peyi a.
Toutotan pa gen mezi bout di ki pran kont bandi yo, kont moun kap finanse, tolere, pwoteje yo, nou fenk kare ap soufri, nou fenk kare ap antere inosan. INI di : Pèp Ayisyen dwe leve kanpe pou mande jistis ! INI di : Kriminèl tout kalte yo dwe anba kòd oswa anba tè !
Pou Komite Direktwa INI-AYITI