Pati politik Alliance pour une Société sans Exclusion (ASE) gen anpil kè kase lẻ l we Tranzisyon an ap deraye, paske, 9 Manm KPT a ak Premye minis la nan gwo chire pit. Konfli ki eklate nan mitan
egzekitif la kontribye nan ogmante mefyans Popilasyon an nan pwosesis Tranzisyon an.
ASE mande : Èske Manm KPT yo ak Premye Minis CONILLE we Pèp la nan lis priyorite yo ?
Konsa, yo t ap sonje gen plis pase 500 mil timoun ki poko janm ka al leköl; plis pase 300 mil fanmi ki oblije deplase kite kay yo, yon bon valè ap viv nan malsite; plis pase 5 milyon konpatriyot ki pa ka manje pandan peyi vwazen gentan voye ban nou pase 23 mil moun. Bandi kontinye mete dio nan je popilasyon an nan
latibonit (Pon Sonde), nan Solino, nan Akayè elatriye. Kidonk , konjonkti frajil sa a mande yon tèt ansanm pou rezoud prese prese tout problèm sa yo .
Li klè, tranzisyon sa a sou wout echwe paske tout siyal montre chire pit ant KPT a ak Primati a ap lakòz Dat 7 Fevriye 2026 la pa respekte pou remèt pouvwa a ak moun ki soti nan eleksyon. Yonn nan pi
gwo misyon Tranzisyon an se remete sekirite nan peyi a. Sou pwen sa, tranzisyon an fè Zewo tèt mare.
Pou sove Tranzisyon an, ASE pwopoze :
1- Modifye Akò 3 Avril la nan pèspektiv pou ranfose Konsansis Politik la ;
2- Amonize relasyon KPT-GOUVENMAN an pou rekadre Aksyon Politik piblik ki gen pou we ak
Relanse Ekonomi an, Apezman Sosyal ak Sekirite Nasyonal.
Aksyon sa yo ap pèmèt Peyi a jwenn fòs pou Reyalize Konferans Nasyonal la, remanbre enstitisyon
yo epi reyalize bon jan Eleksyon san fos kote. ASE kwè se anndan feblès konjonktirèl sa yo, responsab politik yo dwe rele sou kò yo epi retire Peyi a nan katchouboumbe Li ye la a.
Tranzisyon sa a dwe redefini, pou Ayiti reyisi estabilize l epi asire I nou retounen sou ray Konstitisyon
an.
Pou sa, ni Elit k ap dirije, ni tout lot fòs peyi a de kole koud pou pwopoze Nasyon an yon Altenativ
epi asire n nou kenbe Angajman n ak pwomès nou kòm dirijan.
Ayiti pa pou yon gwoup moun, Ayiti se pou tout moun ! Nou pa gen peyi derechany!